Annou tire pwofi nan Lekòl ministè teyokratik an 1999
1 Jezi se te Mèt Anseyan an. Moun te “ etone devan fason li anseye. ” (Mak 1:22). Kwak okenn nan nou pa ka pale, pa ka anseye byen menm jan ak Jezi, nou ka fè efò pou nou imite li (Ak 4:13). Nan objektif sa a, patisipasyon nou nan pwogram lekòl ministè teyokratik ap ede nou kontinye amelyore abilte nou nan fason n ap pale ak fason n ap anseye.
2 An 1999, espoze No. 1 an ap baze prensipalman sou atik La Tour de Garde ak Réveillez-vous! 1997. Konpreyansyon nou sou kesyon espirityèl ap ogmante anpil si nou li sijè yo alavans epi, apre sa, n al tande yo nan pwogram lekòl la. Moun ki gen pou bay diskou enstriksyon sa yo dwe fè yon aplikasyon pratik de sa ki nan sijè a, e yo dwe prezante yo yon fason ki enteresan e ki vivan. Espoze No. 3 a ap baze sou liv Bonheur familial, e espoze No. 4 la ap baze sou yon pèsonaj biblik, kwak liv referans la kapab chanje pou espoze sa yo. Siveyan lekòl la dwe egzamine sijè yo avèk anpil swen anvan li atribye yo. Tout elèv yo deziyen pou prezante yon sijè nan liv Bonheur familial la dwe yon modèl nan fason y ap viv nan pwòp fanmi yo.
3 Aplike konsèy yo e fè bon preparasyon : Tout moun kapab amelyore abilte yo nan fason y ap pale ak fason y ap anseye (1 Timote 4:13). Donk, nou dwe mande konsèy e pa janm konsidere yo kòm bagay pou nou evite (Pwovèb 12:15; 19:20). Prezante laverite avèk efikasite nan reyinyon ak nan predikasyon mande plis pase annik rakonte kèk fè oubyen li kèk vèsè pou lafòm. Nou bezwen touche kè epi motive moun k ap koute nou yo. Nou ka rive fè sa lè nou esprime laverite ak konviksyon ki soti nan kè nou (Konpare avèk Ak 2:37). Konsèy nou resevwa nan lekòl la ap ede nou fè sa.
4 Osito yo atribye nou yon sijè, reflechi sou kalite oratwa nou gen pou nou travay, selon jan Manuel pour l’école la detaye yo. Egzamine ki sa nou bezwen fè pou nou aplike konsèy nou te resevwa deja. Medite sou tèm ou an, sou kad w ap itililze si sa nesesè, epi sou fason ou pral aplike vèsè ki nan sijè yo atribye w la. Byen reflechi sou fason ou ka pi byen sèvi ak ide yo pou w anseye e pou w motive. — 1 Timote 4:15, 16.
5 Si nou gen krent pou nou enskri nan lekòl la, lapriyè sou sa, e pale sa nou santi ak siveyan lekòl la. Tout moun kapab tire pwofi de pil avantaj pwogram Lekòl ministè teyokratik la pral pote an 1999.