Siveyan k ap dirije nou yo : Siveyan Lekòl ministè teyokratik
1 Siveyan Lekòl ministè teyokratik la se yon ansyen nan domèn espirityèl k ap travay di nan pawòl la ak ansèyman an, e ki merite onè ak koperasyon (1 Timote 5:17). Ki reskonsablite li genyen ?
2 Se li ki reskonsab bibliyotèk Lekòl ministè teyokratik ki nan Sal Wayòm nan. Li enterese seryezman pou li ankouraje tout moun ki ranpli kondisyon yo, pou yo enskri nan lekòl la. Li asire li gen yon pwogram egzak ki tabli pou pemèt elèv yo jwenn espoze yo nan lòd, omwen twa semèn alavans. Li bezwen konnen kongregasyon an byen, elèv yo epi kapasite yo chak. Kwak li ka gen yon lòt frè k ap ede l prepare pwogram lekòl la, siveyan lekòl la dwe veye pèsonèlman aske yo atribye espoze yo kòrèkteman.
3 Pou siveyan an ka anseye nan lekòl la yon fason efikas, li dwe byen prepare, chak semèn, e li dwe etidye sijè yo pral devlope yo afon. Konsa, l ap kapab fè kongregasyon an anvi pwofite de pwogram nan, l ap kapab wè si sijè yo devlope kòrèkteman, epitou l ap kapab souliye pwen enpòtan ki pral parèt nan revizyon alekri a.
4 Apre chak espoze, siveyan an ap konplimante elèv la e l ap esplike poukisa tèl kalite oratwa te bon oubyen poukisa li merite amelyore. Lè yon elèv bezwen yon sipò anplis pou li prepare sijè li genyen pou l prezante nan lekòl la, siveyan an kapab ba li yon èd pèsonèl oubyen li ka deziyen yon lòt moun pou fè sa.
5 Pou nou rive benefisye anplen de travay di siveyan Lekòl ministè teyokratik la ap fè ansanm ak lòt konseye k ap travay avèk li yo, nou ta dwe asiste lekòl la regilyèman. Mete sou sa, nou ta dwe prezante tout espoze yo ba nou fè e nou ta dwe aplike ni konsèy nou menm nou resevwa, ni konsèy yo bay lòt elèv. Konsa, etap pa etap, n ap vin pi maton nan prezante mesaj Wayòm nan piblikman epi kay an kay. — Ak 20:20; 1 Timote 4:13, 15.