Lekòl ministè teyokratik pou ane 2015 lan ap ede n amelyore fason nou anseye
1 Men sa salmis David te ekri: “Se pou pawòl ki sot nan bouch mwen ak refleksyon ki sot nan kè mwen vin agreyab devan w, o Jewova, Gwo Wòch mwen, Rachtè mwen.” (Sòm 19:14). Nou menm tou, nou ta renmen pou pawòl nou fè Jewova plezi paske nou apresye privilèj nou genyen pou n pale de verite a nan kongregasyon an ak nan ministè a. Lekòl ministè teyokratik la se youn nan fason Jewova ban nou fòmasyon pou n patisipe nan ministè a. Yo bay fòmasyon sa a chak semèn nan plis pase 111 000 kongregasyon nan lemonnantye. Fòmasyon sa a ede frè ak sè toupatou sou tè a kèlkeswa orijin yo pou yo ka vin byen kalifye antanke minis bon nouvèl la, pou yo ka anseye ak konviksyon, avèk tak e avèk kran. — Tra. 19:8; Kol. 4:6.
2 Nan pwogram lekòl la pou ane 2015 lan pral gen sijè ki baze sou bwochi Introduction à la Parole de Dieu a ak liv Étude perspicace des Écritures volim 1 ak volim 2. Anplis de sa, gen chanjman yo fè nan kantite tan yo prevwa pou pwen enteresan nan lekti Labib la ak nan ekspoze No 1 an. Yo egzamine chanjman sa yo ak enstriksyon sou fason pou yo fè patisipasyon yo nan lekòl la nan paragraf ki vin apre yo.
3 Pwen enteresan nan lekti Labib: Frè yo bay asiyasyon sa a ap gen de minit pou l egzamine yon pwen biblik enteresan nan lekti Labib pou semèn nan k ap itil kongregasyon an. Yon bon preparasyon ap ede frè a pataje yon pwen enpòtan ak kongregasyon an nan tan yo prevwa a. Apre sa, kongregasyon an ap gen sis minit li abitye genyen an pou l fè kòmantè ki dire 30 segonn oubyen mwens sou pwen yo te twouve ki enteresan nan lekti Labib pou semèn nan. Sa mande pou n prepare e pou n disipline tèt nou pou n ka fè yon bon kòmantè nan 30 segonn, men lè n fè sa se yon bon fòmasyon n ap bay tèt nou. Mete sou sa, sa ap pèmèt gen tan pou lòt moun fè kòmantè sou sa yo te aprann nan rechèch yo te fè.
4 Ekspoze No 1: Yo diminye tan yo prevwa pou lekti Labib la. Lekti a ap dire twa minit oubyen mwens e moun nan ap gen mwens vèsè pou l li. Moun ki resevwa asiyasyon pou l fè lekti Labib la dwe repete l plizyè fwa awotvwa e li dwe fè anpil atansyon ak fason l ap pwononse mo yo, li dwe pale swa pou l ka transmèt ide yo yon fason pou moun konprann. Tout moun ki fè pati pèp Jewova a dwe fè efò pou yo li byen paske lekti jwe yon wòl enpòtan nan adorasyon n ap bay Jewova. Se pa ti kontan nou kontan dèske anpil timoun nan kongregasyon an li byen! Nou felisite paran yo pou bonjan efò yo fè avèk amou pou yo ede pitit yo vin bon lektè.
5 Ekspoze No 2: Se yon sè y ap bay fè ekspoze sa a e l ap dire senk minit. Li dwe sèvi ak tèm yo ba li a. Lè ekspoze sa a baze sou yon sijè ki nan bwochi Introduction à la Parole de Dieu a, elèv la dwe aplike l nan yon fasèt nan ministè a yon fason ki reyalis e ki pratik pou tèritwa kongregasyon an. Lè ekspoze sa a baze sou yon pèsonaj biblik oswa sou yon tèm ki soti nan liv Étude perspicace des Écritures la, volim 1 ak volim 2, elèv la dwe devlope tèm yo ba li a, l ap chwazi kèk vèsè ki apwopriye pou l itilize, e l ap montre ki sa nou kapab aprann nan egzanp pèsonaj biblik sa a. Li ka itilize lòt vèsè ki gen rapò ak tèm nan. Se siveyan lekòl la k ap bay sè ki gen ekspoze sa a yon patnè.
6 Ekspoze No 3: Y ap bay yon frè oubyen yon sè fè ekspoze sa a e l ap dire senk minit. Lè se yon sè k ap fè l, li dwe suiv menm enstriksyon yo bay pou ekspoze No 2 a. Lè se yon frè k ap fè l e sijè a baze sou yon pèsonaj biblik nan liv Étude perspicace la, l ap prezante l sou fòm yon diskou toutpandan li gen oditwa a nan lespri l. Frè a dwe devlope tèm yo ba li a, l ap chwazi kèk vèsè ki apwopriye pou l itilize, e l ap montre sa nou ka aprann nan egzanp pèsonaj sa a.
7 Yon nouvo fason pou frè yo fè ekspoze No 3 a: Lè sijè a baze sou bwochi Introduction à la Parole de Dieu a oubyen sou liv Étude perspicace la, men li pa sou yon pèsonaj biblik, frè a ap prezante l sou fòm yon demonstrasyon kote l ap fè yon etid ak fanmi l oubyen l ap patisipe nan predikasyon. An jeneral, siveyan lekòl la ap ba l yon patnè ak yon kad pou ekspoze sa a. Moun ki patnè l la dwe yon moun nan fanmi l oubyen yon frè nan kongregasyon an. Li ka ajoute kèk lòt vèsè ki mete aksan sou prensip biblik ki gen rapò ak sijè l ap devlope a. Detanzantan, yo ka chwazi yon ansyen pou prezante ekspoze sa a. Ansyen yo ka chwazi pwòp patnè yo ak kad y ap prezante ekspoze a. Pa gen dout, kongregasyon an ap santi l ankouraje lè l wè ansyen yo ansanm ak yon moun nan fanmi yo oubyen ansanm ak yon lòt frè ap montre fason pou yon moun byen anseye.
W ap pwogrese lè w aksepte konsèy epi w suiv yo.
8 Konsèy: Apre chak ekspoze, siveyan lekòl la ap pran de minit pou l felisite elèv yo e pou l ba yo konsèy ki pozitif ki baze sou liv Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la. Lè siveyan lekòl la ap entwodui yon elèv, li pap anonse pwen elèv la ap travay la. Apre chak patisipasyon, siveyan lekòl la dwe felisite elèv la yon fason ki sensè, li dwe anonse pwen elèv la ap travay la, e li dwe bay rezon ki fè elèv la te byen travay pwen an, oswa li dwe esplike yon fason ki janti rezon ki fè l ap bon pou elèv la travay pwen sa a plis toujou.
9 Elèv yo ap jwenn fich konsèy yo nan paj 79 a 81 nan liv Lekòl ministè teyokratik yo a. Apre yon elèv fin fè yon asiyasyon, siveyan lekòl la ap mete nòt ki apwopriye nan liv elèv la, e an prive l ap mande elèv la si l te fè egzèsis yo bay pou pwen l ap travay la. Mete sou sa, apre reyinyon an oswa nan yon lòt okazyon, li ka bay elèv la lòt felisitasyon ak lòt sijesyon k ap itil li. Chak elèv dwe konsidere bonjan atansyon yo ba li nan lekòl la kòm yon opòtinite li genyen pou ede l fè pwogrè nan domèn espirityèl. — 1 Tim. 4:15.
10 Si yon elèv depase tan yo prevwa pou ekspoze l la, siveyan lekòl la oswa adjwen l lan ap veye pou l bay elèv la yon siyal, li ka sèvi ak yon sonèt oubyen li ka frape yon bagay pou elèv la tande bri a pou elèv la ka konnen tan l lan fini, men l ap fè sa avèk diskresyon. Elèv la dwe aksepte siyal la, l ap montre sa lè l fin di fraz l ap di a epi li desann sou estrad la. — Gade liv Lekòl ministè teyokratik la, paj 282, paragraf 4.
11 Yo ankouraje tout moun ki ranpli kondisyon yo pou yo enskri nan Lekòl ministè teyokratik la. (Gade liv Lekòl ministè teyokratik la, paj 282, paragraf 6.) Fòmasyon lekòl sa a bay la ede pèp Jewova a preche bon nouvèl Wayòm nan epi sa ede l anseye avèk konviksyon, avèk diyite, e ak lanmou. Pa gen dout, Jewova kontan anpil lè l jwenn louwanj nan men tout moun sa yo k ap jwenn anpil byenfè grasa fòmasyon li bay la! — Sòm 148:12, 13; Iza. 50:4.