BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be p. 282-p. 285
  • Enstriksyon pou siveyan lekòl la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Enstriksyon pou siveyan lekòl la
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Lekòl ministè teyokratik pou ane 2015 lan ap ede n amelyore fason nou anseye
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Yon lekòl ki ekipe nou pou aktivite ki pi enpòtan nan lavi a
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Enstriksyon jeneral sou fason pou reyinyon
    Enstriksyon pou reyinyon lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen
  • Veye pou nou toujou gen ‘ ladrès nan fason nou anseye ’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be p. 282-p. 285

Enstriksyon pou siveyan lekòl la

NAN chak kongregasyon, gen yon ansyen yo nome siveyan Lekòl ministè teyokratik la. Si yo konfye w responsablite sa a, zèl ou genyen pou lekòl la ak fason w enterese pèsonèlman nan pwogrè chak elèv ap fè ka jwe yon gwo wòl nan rezilta lekòl sa a ap pote nan kongregasyon w lan.

Yon bagay enpòtan ou gen pou w fè nan responsablite sa a w genyen an, se kondui Lekòl ministè teyokratik la nan kongregasyon an chak semèn. Ou dwe sonje se pa senpleman elèv ki resevwa asiyasyon pou yo fè patisipasyon nan lekòl la ki la nan asistans lan, gen lòt moun toujou ki la. Kondui lekòl la yon fason pou tout moun nan kongregasyon an jwenn rapèl ki ankouraje yo e ki itil yo, rapèl ki gen rapò ak omwen youn nan objektif lekòl la genyen yo, objektif nou jwenn nan paj 5 pou rive nan paj 8 liv sa a.

Montre w enterese nan tout elèv yo, kit se yon lekti yo gen pou yo fè, kit se yon konvèsasyon ak yon lòt moun oswa yon diskou yo gen pou yo prezante devan kongregasyon an. Ede yo konprann sa y ap fè a se pa jis yon patisipasyon, men se yon okazyon yo genyen pou yo pwogrese nan sèvis Jewova a. Natirèlman, efò yo menm yo fè pèsonèlman jwe yon gwo wòl nan pwogrè y ap fè. Men li enpòtan tou pou w montre ou gen bonjan enterè pou yo, pou w ede yo konprann enpòtans konsèy yo bay yo e pou w esplike yo fason yo ka aplike konsèy sa yo. Pou w rive fè sa, koute chak patisipasyon avèk atansyon pou w ka fè bon kòmantè sou yo.

Asire w ou kòmanse lekòl la a lè e w fini l a lè. Bay bon egzanp lè w bay konsèy ou yo nan tan ki fikse pou sa. Si yon elèv depase tan l, ou menm oswa yon moun ki la pou ede w ta dwe bay yon siyal. Elèv la ta dwe fin di fraz l ap di a epi l ta dwe desann sou estrad la. Si gen yon lòt pati nan lekòl la ki depase tan l, rakousi konsèy w ap bay yo, epi apre sa, pale sou sa ak frè a apre reyinyon an.

Lè w la, se ou ki dwe kondui lekòl la. Si yon lè ou pa kapab la, se yon lòt ansyen gwoup ansyen an te chwazi alavans ki ta dwe fè sa. Si w bezwen èd pou w prepare pwogram yo, pou w ekri fich asiyasyon yo oswa pou w distribye yo bay elèv yo, oubyen pou w chèche moun pou ranplase elèv ki pa la, gwoup ansyen an ka chwazi yon asistan ministeryèl pou ede w fè sa.

Fason pou w enskri elèv yo. Ankouraje tout pwoklamatè yo pou yo enskri nan lekòl la. Lòt moun ki toujou asiste reyinyon kongregasyon an ka enskri tou si yo dakò ak ansèyman Bib la bay yo e si lavi yo ann amoni ak prensip kretyen yo. Lè yon moun fè konnen li vle enskri, felisite l ak tout kè w. Si moun nan poko pwoklamatè, antanke siveyan lekòl la, ou dwe egzamine kondisyon yo bay pou moun enskri nan lekòl la avè l. Li pi bon pou moun k ap etidye Labib avè l la (oswa yon paran l ki nan laverite) la lè sa a. Kondisyon pou l enskri nan lekòl la se menm kondisyon yo egzamine ak moun ki vle vin pwoklamatè ki poko batize yo. Nou jwenn yo nan paj 79-81 nan liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a. Ou dwe toujou gen yon lis ki ajou ki gen non tout moun ki enskri nan lekòl la.

Fason pou w sèvi ak fich konsèy la. Fich konsèy chak elèv tou nan liv li a, nan paj 79-81. Jan yo montre sa avèk liy ki an koulè yo, yo ka itilize leson 1 rive nan leson 17 pou konseye elèv ki fè lekti yo. Yo ka itilize tout leson yo, sof leson 7, 52 ak 53, pou konseye elèv ki fè konvèsasyon ak yon lòt moun. Pou konseye elèv ki fè diskou yo, yo ka itilize tout leson yo nèt, sof leson 7, leson 18 ak leson 30.

Lè siveyan lekòl la ap bay yon elèv yon pwen pou l travay, li ta dwe ekri dat la ak yon kreyon nan espas ki bò kote pwen an nan fich konsèy elèv la ki nan liv li a, nan kolòn ki make “Dat ou kòmanse l” la. Apre elèv la fin fè patisipasyon l lan, mande l apa si l te fè egzèsis yo bay nan fen leson an. Si l te fè l, tcheke ti kare ki nan fich la. Si w ap mande l pou l kontinye travay sou menm leson an, ou pa bezwen ekri lòt bagay nan fich konsèy la, ou pa bezwen ekri anyen nan kolòn ki make “Dat ou fini l” lan. Ou dwe make yon dat nan kolòn sa a sèlman si l fin travay pwen an e l pral pase nan yon lòt leson. Anplis, nan paj 82 nan liv elèv la, sou bò goch kad li te itilize a, li dwe ekri dat li te itilize kad la apre li fin fè patisipasyon l lan. Kantite liy yo kite nan fich konsèy la e nan lis kad yo ap pèmèt elèv yo travay sou leson yo oswa sou kad yo de fwa. Elèv yo ta dwe vini ak liv yo nan lekòl la.

Bay elèv yo travay leson yo youn pa youn. Nòmalman, li pi bon pou w ba yo travay leson yo nan lòd yo mete yo a. Sepandan, gen kèk elèv ki montre yo gen yon kapasite estrawòdinè, ou ka ankouraje yo etidye yon seri leson e aplike konsèy yo jwenn nan leson sa yo poukont yo. Ansuit, ou ka ba yo travay sou leson ou panse k ap ede yo pwogrese pi plis toujou pou yo vin bon oratè e bon anseyan.

Menmsi yon elèv nan lekòl la depi anpil ane, li ka byen pwofite lekòl la lè l etidye chak leson e li aplike yo. Pou w ede elèv ki bezwen kèk èd presi, ou ka ba yo travay kèk teknik pou moun byen pale ou wè yo dwe travay olye w suiv pwen ki nan fich konsèy la youn apre lòt.

Fason pou w bay konsèy. Lè w ap bay konsèy, byen sèvi ak egzanp ki nan Bib la e ak prensip ki ladan l yo. Elèv yo ta dwe santi konsèy w ap bay yo ak fason w ap bay yo chita sou prensip wo nivo ki nan Pawòl Bondye a.

Ou dwe toujou sonje ou se “konpayon travay” frè ak sè yo (2 Kor. 1:24). Menm jan avèk yo, ou menm tou ou bezwen fè efò pou w amelyore w antanke oratè e antanke anseyan. Etidye liv Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la pèsonèlman, aplike konsèy li bay yo e chèche vin yon bon egzanp nan sans sa a pou lòt moun yo ka fè menm bagay la.

Pandan w ap fè sa, fikse objektif pou w ede elèv yo vin bon lektè, bon oratè e bon anseyan. Pou w rive fè sa, fè efò pou w ba yo kèlkeswa èd ki nesesè pou yo konprann ki sa divès kalite teknik sa yo gen ladan yo, poukisa yo enpòtan e ki jan pou yo chèche genyen yo. Yo fè liv sa a yon fason pou ede w fè sa. Men, li nesesè pou w pa annik li sa ki ladan l yo motamo. Egzamine ide li bay yo e montre moun yo fason ide sa yo ka itil yo.

Si yon elèv byen travay yon pwen, felisite l. San w pa pale twòp, di li ki sa k fè patisipasyon l lan te byen oswa poukisa sa l te fè a enpòtan. Si w panse li ka bon pou l pote plis atansyon sou yon aspè byen presi, asire w li konprann poukisa li dwe fè sa. Esplike l fason l ka fè sa. Se pou w presi, e anmenmtan, se pou w montre w gen bonte.

Ou bezwen konprann pou anpil moun, li vrèman pa fasil pou yo kanpe devan yon gwoup moun pou yo pale. Si yon moun santi li pa t byen fè yon patisipasyon, li ka ap mande tèt li si l ta dwe kontinye patisipe nan lekòl la. Imite Jezi, ki pa t kase “wozo ki panche” a e ki pa t etenn “mèch lanp k ap bay lafimen an”. (Mat. 12:20.) Montre w gen konsiderasyon pou santiman elèv la. Lè w ap bay yon elèv konsèy, ou dwe gade si l se yon moun ki yon ti jan nouvo nan lekòl la oswa si l se yon pwoklamatè ki gen eksperyans. Bonjan felisitasyon ou fè elèv yo ak tout kè w ka pouse yo kontinye fè tout sa yo kapab pou yo byen fè patisipasyon yo genyen yo.

Respekte diyite chak elèv. Men sa Women 12:10 di nou: “Pran devan nan onore youn lòt.” Ala apwopriye konsèy sa a apwopriye pou yon moun k ap bay konsèy nan Lekòl ministè teyokratik la! Si elèv la pi gran pase w, byen suiv konsèy yo bay nan 1 Timote 5:1, 2. Men, kèlkeswa laj yon moun, si se avèk bonte ou ba l konsèy sou chanjman li bezwen fè nan fason li fè yon seri bagay, souvan l ap pi fasil aksepte konsèy sa yo. — Pwo. 25:11.

Lè w ap bay yon elèv konsèy, mete aksan sou objektif fòmasyon l ap resevwa nan lekòl la. Objektif sa a se pa tou senpleman pou yon moun byen travay yon pwen, pou yo felisite l epi pou yo ba l yon lòt pwen pou l travay, nitou se pa pou l yon bon oratè e yon bon anseyan lòt moun pral admire (Pwo. 25:27). Dezi nou se pou nou sèvi ak kapasite Bondye ban nou pou nou pale a pou nou louwe l e pou nou ede lòt moun aprann konnen l epi renmen l. Fòmasyon sa a n ap resevwa a ekipe nou pou nou byen fè travay yo pale nan Matye 24:14 la ak nan Matye 28:19, 20 an. Finalman, frè batize ki kalifye yo kapab vin pami moun yo bay responsablite pou pran swen “twoupo Bondye” a antanke oratè e antanke anseyan. — 1 Pyè 5:2, 3.

Apre w fin di elèv yo ki pwen yo pral travay nan pwochen diskou y ap gen pou you fè, ankouraje yo pou yo li pwen sa a nan liv yo a nan jou k ap vini yo. Ankouraje yo aplike sa yo aprann yo lè y ap prepare patisipasyon yo gen nan lekòl la, lè y ap fè konvèsasyon chak jou, lè y ap fè kòmantè nan reyinyon yo e lè yo nan predikasyon.

Fason pou w fè asiyasyon yo. Ou ta dwe bay elèv yo asiyasyon yo omwen twa semèn alavans. Toutotan sa posib, se ekri w ta dwe ekri asiyasyon sa yo.

Se ansyen yo ou dwe bay fè patisipasyon ki mande pou yo anseye kongregasyon an, e l ap pi bon pou se ansyen ki ka fè yo byen ou bay yo. Anplis, ou ka bay asistan ministeryèl ki anseye byen fè yo tou.

Pou w chèche wè ki patisipasyon pou w bay frè yo e ki patisipasyon pou w bay sè yo, suiv enstriksyon yo bay nan pwogram lekòl la. Si pa gen anpil frè nan lekòl la, men gen anpil sè, veye pou se pa lekti Labib sèlman ou bay frè yo fè, ba yo kont posiblite pou yo fè diskou.

Egzamine sitiyasyon moun yo lè w ap fè asiyasyon yo. Èske l nesesè pou w bay yon ansyen oswa yon asistan ministeryèl fè diskou nan lekòl la alòske nan menm sware a li gen patisipasyon nan reyinyon sèvis oswa nan menm wikenn nan li gen diskou piblik nan kongregasyon an? Èske l nesesè pou w bay yon sè fè yon patisipasyon nan lekòl la alòske yon pitit li ki jèn, ki ka bezwen èd li, gen yon patisipasyon nan menm sware a tou? Sitou nan ka yon jèn oswa yon pwoklamatè ki poko batize, èske l ap ka fè sijè w ba l fè a? Gade tou pou w wè si asiyasyon w ap bay elèv la mache ak leson ou ba l travay la.

Pou asiyasyon sè yo, an jeneral, se yo menm k ap chwazi kad yo ann amoni ak enstriksyon ki nan paj 78 ak nan paj 82 yo. Ou dwe bay sè yo yon moun pou fè patisipasyon an avèk yo, men si yo bezwen yon lòt moun pou akonpaye yo tou, yo ka chwazi l. Si yon elèv di w li ta renmen fè patisipasyon l lan avèk tèl moun paske moun nan vrèman apwopriye pou yon kad li chwazi, ou ta dwe pran sa l di w la an konsiderasyon.

Lòt klas. Si gen plis pase 50 elèv nan lekòl la, ou ka bezwen panse itilize yon lòt kote pou elèv yo prezante kèk patisipasyon tou. Nan lòt klas sa yo, selon bezwen kongregasyon an, ou ka fè yo prezante tout patisipasyon elèv yo oswa sèlman de dènye patisipasyon yo.

Chak lòt klas ta dwe gen yon moun ki kalifye pou bay konsèy ladan l, si sa posib, se ta dwe yon ansyen. Kote sa nesesè, yo ka bay yon asistan ministeryèl ki byen kalifye jwe wòl sa a. Se gwoup ansyen an ki ta dwe chwazi moun sa yo. Siveyan lekòl la ta dwe travay deprè avèk frè yo chwazi yo yon fason pou ka gen yon bon suivi ki fèt sou pwen elèv yo ap travay yo, kèlkeswa kote y ap fè patisipasyon yo.

Klas espesyal pou lekti. Si gwoup ansyen an wè gen yon kantite moun nan kongregasyon an ki bezwen yon fòmasyon nan domèn lekti nan lang moun nan kongregasyon an itilize a, ou ka pran dispozisyon pou sa fèt nan kad Lekòl ministè teyokratik la. Fòmasyon sa a ka gen ladan l aprann yo li ak ekri, oswa li ka fèt nan objektif pou ede yo amelyore kapasite yo pou yo li.

Yo pa oblije fè klas sa yo nan menm moman elèv yo ap fè patisipasyon nan Lekòl ministè teyokratik la. Pou yo ka byen ede moun sa yo, li ka nesesè pou klas yo dire plis tan pase tan lekòl la. Ansyen yo ka detèmine ki èd yo bezwen e ki lè pou yo ba yo fòmasyon sa a. Selon bezwen yo, yo ka pran dispozisyon pou yo bay moun yo fòmasyon sa a an gwoup oswa pou yo anseye yo chak apa.

Li nesesè pou yo gen yon anseyan ki kalifye. Li ka pi bon pou yo bay yon frè ki konn li byen e ki konn lang nan byen fè sa. Si pa gen frè ki disponib, ansyen yo ka mande yon sè ki kapab e ki bay bon egzanp ede yo. Li ta dwe kouvri tèt li lè l ap anseye klas la. — 1 Kor. 11:3-10; 1 Tim. 2:11, 12.

Yo fè liv Fè jèfò pou w konn li ak ekri a nan anpil lang. Yo fè l pou anseye moun aprann li ak ekri. Nou ka itilize lòt ouvraj ankò selon nivo lekti moun n ap bay fòmasyon yo. Lè elèv yo pwogrese ase, nou ta dwe ankouraje yo pou yo patisipe nan pwogram Lekòl ministè teyokratik la nòmalman.

Antanke siveyan Lekòl ministè teyokratik la, ou ka fè anpil bagay pou kongregasyon an byen pwofite lekòl la. Fè bonjan preparasyon, e ann amoni ak konsèy nou jwenn nan Women 12:6-8 la, byen ranpli responsablite w genyen an, piske se yon responsablite Bondye konfye w e ki gen anpil enpòtans.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje