BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/04 p. 6
  • Pwofi nou tire grasa Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwofi nou tire grasa Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Yon lekòl ki ekipe nou pou aktivite ki pi enpòtan nan lavi a
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Siveyan k ap dirije nou yo : Siveyan Lekòl ministè teyokratik
    Ministè Wayòm nan — 1998
  • Jewova ban nou fòmasyon pou nou fè travay la
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Lekòl ministè teyokratik pou ane 2002
    Ministè Wayòm nan — 2001
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2004
km 12/04 p. 6

Pwofi nou tire grasa Lekòl ministè teyokratik

1 Pèp Jewova a gen privilèj eksepsyonèl pou l resevwa yon fòmasyon teyokratik (Iza. 54:13 ; Jan 6:45). Sepandan, kantite pwofi nou tire nan fòmasyon teyokratik la ap depann sitou de efò nou menm nou fè. Èske w ka disène ki efè pozitif Lekòl ministè teyokratik la genyen sou espirityalite w ?

2 Kòmantè ki montre apresyasyon : Anpil siveyan lekòl remake etid pwofon ki fèt sou teknik pou moun byen pale fè kongregasyon an vin pi efikas nan predikasyon. Anplis de sa, gen yon siveyan lekòl ki twouve dispozisyon pou oditwa a patisipe nan pwen enteresan sou lekti Bib la ankouraje plis moun pou yo suiv pwogram lekti Bib la. Konsènan ekspoze no 2 a, anpil frè fè bon kòmantè sou pwofi yo tire lè yo konsantre yo sou pòsyon yo gen pou yo li a san yo pa bezwen prepare yon entwodiksyon ak yon konklizyon. Kounye a, moun ki gen asiyasyon pou yo fè patisipasyon sa a plis konsantre yo pou yo vin pi abil nan fè lekti . — 1 Tim. 4:13.

3 Tout moun ka tire pwofi : Fè kòmantè nan reyinyon kapab yon plezi (Pwo. 15:23). Piske nou genyen kesyon revizyon oral yo alavans, sa pèmèt nou prepare revizyon an, e sa pèmèt nou tou pare pou nou patisipe ladan l. Anplis de sa, depi nan La Tour de Garde 1ye janvye 2004, yo te kòmanse pibliye atik sou pwen enteresan ki soti nan liv biblik yo, yon fason pou yo tonbe daplon ak lekti biblik yo prevwa nan Lekòl ministè teyokratik la. Atik sa yo ede anpil moun fè kòmantè ki edifyan pandan dewoulman pwen enteresan sou lekti Bib la.

4 Tout moun ki enskri nan lekòl la gen privilèj espesyal pou yo prepare asiyasyon yo epi pou yo prezante yo. Nou tout nou kapab tire pwofi nan kòmantè pozitif siveyan lekòl la fè sou estrad la. Elèv yo, bò kote pa yo, benefisye konsèy siveyan lekòl la kapab ba yo an prive apre reyinyon an. Egzèsis yo bay sou teknik pou moun byen pale ki nan fen chak chapit liv Tirez profit de l’École du ministère théocratique la founi lòt èd ankò.

5 Lè yo atire atansyon w sou ide ki pratik ak sou ide ki soti nan Bib la pandan lekòl la e apre lekòl la, note yo nan liv École du ministère pa w la. Reflechi sou sa w te aprann yo, epi eseye konprann kòman aspè sa a nan fòmasyon Bondye bay la ede w amelyore espirityalite w.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje