BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/99 p. 1
  • Èske nou te tande sa deja ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske nou te tande sa deja ?
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Sou menm sijè a
  • Rapèl Jewova yo merite pou nou fè yo konfyans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Kite Pawòl Bondye klere wout ou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Annou mete konfyans nou nan Pawòl Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Kite rapèl Jewova yo fè kè w kontan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 1999
km 12/99 p. 1

Èske nou te tande sa deja ?

1 Natirèlman nou tande l deja ! Jewova repete anpil bagay nan Pawòl li pou byen pèp li a. Souvan Jezi te konn repete sa li te deja anseye konsènan divès aspè Wayòm nan. Apòt li yo te toujou rewè bagay espirityèl yo avèk moun yo ki te deja plante fèm nan laverite a. — Wom. 15:15 ; 2 Pyè 1:12, 13 ; 3:1, 2.

2 Nan epòk nou an, òganizasyon Jewova a pran dispozisyon pou nou rewè atik enpòtan yo plizyè fwa nan reyinyon kongregasyon an. Gen kèk piblikasyon nou te etidye plizyè fwa. Wi, li enpòtan pou nou tande bagay nou te tande deja !

3 Rapèl ranpli yon bezwen vital : Rapèl Jewova fè yo apwofondi konpreyansyon nou, yo elaji pwennvi nou epi yo rafèmi detèminasyon nou pou n mentni espirityalite nou (Sòm 119:129). Lè nou rewè regleman ak prensip Bondye yo se tankou lè nou gade nan yon glas. Sa ede nou egzamine tèt nou byen, e sa netralize tandans pou n vin ‘ yon oditè ki toujou ap bliye ’. — Jak 1:22-25.

4 Si nou pa toujou kenbe laverite a nan tèt nou, gen lòt bagay k ap enfliyanse kè nou. Rapèl Bondye yo ap ban nou fòs pou nou reziste kont enfliyans kowonpi monn Satan an (Sòm 119:2, 3, 99, 133 ; Fil. 3:1). Rapèl n ap resevwa toutan sou akonplisman objektif Bondye yo, pouse nou pou n “ rete veye ”. (Mak 13:32-37.) Repetisyon verite biblik yo ede nou rete sou wout lavi etènèl la. — Sòm 119:144.

5 Kouman pou n tire pwofi pèsonèlman : Nou dwe ‘ fè kè nou panche sou rapèl Bondye yo ’. (Sòm 119:36.) Lè y ap egzamine yon sijè nou konnen deja nan yon reyinyon kongregasyon an, nou fèt pou nou prepare davans, pou nou chèche tèks yo site yo, e pou nou reflechi sou jan nou kapab fè aplikasyon enfòmasyon an. Atansyon pou nou pa neglije prepare revizyon alekri Lekòl ministè teyokratik la, nan panse sa pa nesesè (Lik 8:18). Nou pa ta janm vle pa fètatansyon paske yo repete verite de baz yo souvan nan reyinyon nou yo. — Ebre 5:11.

6 Se pou nou gen menm atitid ak salmis la ki te di : “ Menm jan pou tout lòt bagay ki gen valè, nan chemen rapèl ou yo mwen jwenn anpil lajwa. ” ​(Sòm 119:14.) Wi, nou te tande bagay ki gen valè sa yo deja, e li pwobab nou pral tande yo ankò. Poukisa ? Paske Jewova konnen nou bezwen tande yo !

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje