“ Obeyisans ki onore Bondye ” Kongrè distri Temwen Jewova pou ane 2005
1 Antanke Gran Pwofesè nou, Jewova Dye pran dispozisyon pou nou reyini yon fason pou l enstwi nou nan chemen l (Iza. 30:20, 21 ; 54:13). Pou l fè sa, li sèvi ak esklav fidèl ki prevwayan an, ki li menm prepare reyinyon sa yo. Kongrè distri nou genyen chak ane yo se yon egzanp (Mat. 24:45-47). Nou santi nou menm jan ak salmis David, ki te di nan yon chante : “ Pami foul moun ki rasanble yo mwen pral beni Jewova. ” (Sòm 26:12). David te byen konprann valè sa genyen lè Jewova ap anseye yon moun, e li te detèmine pou l nan mitan pèp Bondye a kèlkeswa lè yo rasanble.
2 Èske w ap pami ‘ foul moun ki pral rasanble ’ ane sa a pou asiste kongrè distri “ Obeyisans ki onore Bondye ” a ? Si wi, enfòmasyon ki gen nan atik sa a ka ede w nan preparasyon w ap fè yo.
3 Planifye depi kounye a pou w la chak jou : “ Plan yon moun ki dilijan ap pote avantaj san mank. ” (Pwo. 21:5). Èske pawòl sa a pa montre enpòtans pou yon moun planifye san pèdi tan pou l asiste kongrè a ? Pou w ka sèten ou pap manke anyen nan pwogram espirityèl rafrechisan sa a, l ap saj si ou kòmanse fè tout aranjman depi kounye a pou w ka la toule twa jou yo. Si se patwon w ou oblije mande konje, fè sa tousuit. Si konjwen w pa kwayan, pa tann dènye minit pou w pale avè l sou sa. Kèlkeswa pwoblèm ou rankontre, priye Jewova sou sa, avèk konfyans “ plan w yo ap etabli solidman ” grasa èd Jewova (Pwo. 16:3). Anplis de sa, l ap trè bon si w ede etidyan w yo nan preparasyon y ap fè pou yo la nan tout sesyon yo.
4 Lojman : Sèvis lojman se youn nan sèvis enpòtan pou kèk asanble distri ki gen kongregasyon pwovens ladan yo. Lè yon kongresis fin vwayaje soti byen lwen, pafwa li fatige, li grangou, se nòmal lè sa a pou premye sousi l se konnen ki kote l ap loje. Sepandan, kolaborasyon moun k ap bezwen lojman yo nesesè pou sèvis sa a kapab byen fonksyone. Depi byen bonè, li bon pou yo fè sekretè kongregasyon yo a konnen y ap bezwen lojman pou li kapab voye lis demann lojman an bay Sèvis lojman omwen 2 mwa anvan asanble a (Gade kare ki nan paj 4 la).
5 E moun ki abite nan zòn kote asanble a pral fèt la, kòman yo ka kolabore ak Sèvis lojman an ? Se vre, yo menm yo pap bezwen lojman. Sepandan, depi yo gen posiblite, li bon pou yo ofri kay yo pou loje kèk kongresis pandan asanble a. Moun ki abite nan zòn Kwadèboukè, Santo, Kwadèmisyon, Latan, Bonrepo, Maren, Taba, Ti plas Kazo, ap gen privilèj pou yo loje kongresis ki vin nan lòt asanble, e yo ta dwe fè sa ak tout kè yo (Tra. 28:7 ; 1 Pyè 4:7-9). Lè youn prèt pou akeyi lòt lakay yo konsa se youn nan fason nou kapab prepare nou pou eprèv k ap vini yo. Pa egzanp, pandan gwo inondasyon ki te frape vil Gonayiv nan fen mwa septanm ane 2004 la, inondasyon ki te lakòz plizyè santèn moun mouri e ki te fè plizyè milye moun pèdi kay yo, frè yo te òganize yo pou youn te loje lakay lòt e pou yo te manje ansanm. Konsa li te pi fasil pou yo te fè fas ak eprèv sa a.
6 Si gen frè ki gen yon pwoblèm patikilye : Apot Pòl te pale de yon seri de frè ki te tounen yon ‘ èd ki ba l fòs ’. (Kol. 4:7-11.) Youn nan fason yo te ede Pòl, se lè yo te rann li sèvis. Nan okazyon kongrè a, ki jan nou ka montre nou se yon “ èd ki bay fòs ” pou lòt moun ? Pwoklamatè ki aje yo, sa ki enfim yo, moun ki nan sèvis a plen tan ansanm ak lòt moun ankò, kapab bezwen yon èd pratik anrapò ak transpò oswa lojman. Se fanmi moun sa yo an premye ki gen responsablite pou pran swen yo (1 Tim. 5:4). Men, si fanmi yo pa anmezi pou fè sa, kwayan parèy yo kapab ede yo (Jak 1:27). Siveyan etid liv yo dwe asire yo moun ki nan gwoup yo ki gen yon pwoblèm espesyal gentan byen planifye pou kongrè a.
7 Fòmilè Mande lojman pou ka patikilye a disponib sèlman pou pwoklamatè ki vrèman bezwen, men ki pa gen yon moun pa yo, yon zanmi oswa yon fanmi, ki ka loje yo kote kongrè a ap fèt la. Komite sèvis kongregasyon an ta dwe egzamine si pwoklamatè ki mande lojman yo kalifye pou sa. Y ap sèvi ak enstriksyon ki nan fòmilè a ansanm ak lèt 14 desanm 2004 yo te voye bay tout kolèj ansyen yo pou sa. Se sèlman moun ki gen bon repitasyon yo ta dwe apwouve.
8 Si w oblije asiste yon lòt kongrè : Pou ka gen ase chèz, ase piblikasyon, ase lojman, eksetera, yo ankouraje pwoklamatè yo pou y al nan kongrè yo envite kongregasyon pa yo a. Si kèk sikonstans oblije w al asiste yon lòt asanble, se pou w wè ak sekretè kongregasyon w lan pou w ka konnen dat asanble ou vle ale a e petèt pou yo fè aranjman lojman pou ou.
9 Sèvis volontè : Avèk imilite, Jezi te konn pran ka moun lè yo nan bezwen. Konsa, li te bay yon bèl egzanp (Lik 9:12-17 ; Jan 13:5, 14-16). Moun ki dispoze travay kòm volontè nan asanble yo montre yo gen menm etadespri ak Jezi. Talè konsa, komite asanble yo pral envite frè ak sè yo pou vin travay yon fason pou yo ka akonpli travay k ap gen pou fèt nan tout depatman yo. Ansyen yo espesyalman bezwen ofri tèt yo kòm volontè e yo bezwen aksepte fè travay yo konfye yo. Bòn volonte yo demontre ap sèvi egzanp pou tout moun nan kongregasyon an. — 1 Pyè 5:2, 3.
10 Sa lòt moun remake : Tande sa yon dam ki responsab sèvis vant nan yon otèl te di : “ Nou se gwoup moun nou pi renmen. Nou gen pi bon konpòtman pase tout lòt gwoup. Se tout menajè yo k ap pale kòman nou trete yo ak jantiyès, e kòman nou ba yo tep. Pou byen di, tout moun ta renmen travay nan wikenn n ap la a. ” Men sa reprezantan yon otèl te di : “ Gwoup moun li pi fasil pou travay avèk yo se Temwen Jewova yo. ” Siman konduit ou kontribye pou pèmèt moun rive fè deklarasyon sa yo. Imajine ki jan Jewova dwe santi l kontan lè l ap gade nou k ap aji yon fason ki pote jan de louwanj konsa pou li ! — 1 Pyè 2:12.
11 Pa mwayen “ entandan fidèl la ”, Jewova pran dispozisyon pou pèp li reyini pou l resevwa enstriksyon espirityèl ete sa a ankò (Lik 12:42). Pou nou la toule twa jou yo, sa mande efò e sa mande preparasyon, men sa vo lapèn. Kongrè distri ane sa a, “ Obeyisans ki onore Bondye ”, pral ranfòse rezolisyon nou pran pou nou sèvi Jewova depi kounye a e pou letènite. Se pou nou detèmine pou nou suiv egzòtasyon salmis la fè nou lè li di : “ Pami foul ki rasanble yo, beni Bondye. ” — Sòm 68:26.
[Kare nan paj 3]
Pwogram
Vandredi ak Samdi
9:30 a.m. - 5:05 p.m.
Dimanch
9:30 a.m. - 4:10 p.m.
[Kare nan paj 4]
Sa nou dwe fè anrapò ak lojman
◼ Omwen 2 mwa alavans, sekretè kongregasyon an dwe ranpli fòmilè Mande lojman pou ka patikilye (CO-5-CR). Ansuit, l ap voye l bay siveyan sèvis lojman asanble pa l la.
◼ Nan fòmilè a, sekretè a ap presize a ki lè apeprè kongresis yo ka rive.
◼ Pa depase kantite moun yo te prevwa mete nan yon kay.
◼ Pafwa, li konn difisil pou sèvis lojman an loje moun yo toupre kote asanble a ap fèt la. Se poutèt sa li bon pou yo prevwa lajan pou peye transpò pou fè ale vini ant kote yo loje a ak kote kongrè a ap fèt la.
[Kare nan paj 4]
Tanpri respekte konsiy sa yo tou :
1. Rete nan kay yo mete w la.
2. Si w te fin mande lojman epi ou pa bezwen l ankò, fè sekretè kongregasyon w lan konn sa.
3. Veye pou w kite kay la pwòp lè w prale. Pa bliye remèt kle kay la anvan w ale.