“ Suiv Kris ! ” Kongrè distri Temwen Jewova pou ane 2007
1, 2. a) Ki jan Moyiz te ankouraje Izrayelit yo pou yo tire pwofi nan dispozisyon ki te pran pou yo rasanble ? b) Ki preparasyon nou bezwen kòmanse fè depi kounye a ?
1 Moyiz te mande tout izrayelit ak tout rezidan etranje pou yo rasanble toule setan pou yo li Lalwa a pou yo. Nan ki objektif ? Se te “ pou yo ka koute e pou yo ka aprann ”. (Det. 31:10-12.) Jewova te wè nesesite pou li rasanble pèp li a an foul. Talè konsa, pèp Jewova a pral rasanble ankò nan kongrè distri twa jou ki gen kòm tèm “ Suiv Kris ! ”.
2 Èske w kòmanse fè preparasyon ? Èske w bezwen mande konje nan travay ou ? Èske w kapab ede etidyan w yo oswa manm fanmi w ki pa Temwen pou yo asiste kongrè a avè w ? Èske gen lòt moun nan kongregasyon an ki bezwen èd pou yo kapab vin asiste kongrè a ? Èske w ap planifye pou w asiste yon kongrè ki pa kongrè pa w ? Èske w ap bezwen lojman ? Enfòmasyon ki vin annapre yo ap ede w fè preparasyon sa yo.
3. a) Ki jan Izayi 25:6 ap akonpli jodi a ? b) Ki sa yo remake anrapò ak asistans pou jou vandredi a, e ki sa nou chak nou ta dwe fè ?
3 Asiste toule twa jou yo : Jewova founi pèp li a manje espirityèl ann abondans (Iza. 25:6). Manje espirityèl sa a gen ladan l festen espirityèl yo sèvi chak ane nan kongrè yo. Yo remake asistans nan jou vandredi a pi ba lontan parapò ak asistans ki genyen nan lòt jou yo. Bay tèt ou objektif pou w la toule twa jou rekonfòtan sa yo nan kongrè distri òganizasyon Jewova a prepare pou nou ! Si w bezwen mande konje nan travay ou, li ta bon pou w priye sou sa. Apre sa, “ ranmase kouraj ” ou pou w pale ak patwon w osito yo anonse dat kongrè pa w la (1 Tes. 2:2 ; Ney. 2:4, 5). Li ka itil pou w esplike l kongrè sa a ki fèt chak ane fè pati adorasyon w ap bay Jewova. Si w fè sa byen bonè, petèt, l ap pi fasil pou patwon w fè ajisteman dekwa pou l apwouve demann ou an.
4. Ki jan nou ka prepare etidyan nou yo ak manm fanmi nou ki pa Temwen pou kongrè a ?
4 Prepare etidyan w yo ak fanmi w : Ala bèl sa t ap bèl si etidyan w yo ta asiste kongrè distri a bò kote w, pou yo wè bèl anbyans ki egziste nan fanmi nou fòme antanke kretyen an “ nan gwo kongregasyon ” an (Sòm 22:25) ! Se pou nou pale ak yo sou sa alavans pou yo kapab fè aranjman pou yo jwenn tan pou yo vin asiste kongrè a. Pataje ak yo rezon ki fè ou menm pèsonèlman ou renmen asiste kongrè yo. Ou ka prepare etidyan w yo pou yo gen yon ide sou sa yo ka atann lè w fè yo gade kasèt videyo sou kongrè ki pase deja, espesyalman kasèt videyo Unis grâce à l’enseignement divin an. Se pou nou fè manm fanmi nou ki pa Temwen konnen planifikasyon nou fè. Petèt, yo kapab fè aranjman pou yo asiste dram nan oswa pou yo asiste kongrè a omwen yon jou avè w.
5, 6. a) Ki jan nou kapab demontre nou gen etadespri donan ki mansyone nan 1 Timote 6:18 la ? b) Ki dispozisyon ki pran pou ede moun ki bezwen èd nan chèche lojman ?
5 Ede frè nou yo ak sè nou yo : Apot Pòl te konseye kretyen ki te kapab ede lòt moun nan domèn materyèl “ pou yo rich nan bèl zèv, pou yo donan e pou yo dispoze pataje ”. (1 Tim. 6:17, 18.) Nou kapab manifeste etadespri donan Pòl te genyen an si nou konsidere sitiyasyon moun ki aje yo, moun ki enfim yo, moun ki nan sèvis aplentan, fanmi kote gen yon sèl paran k ap leve timoun yo poukont li, e petèt lòt moun nan kongregasyon an ki kapab bezwen èd pou yo vin asiste kongrè a. Se fanmi moun sa yo genyen nan laverite ki gen responsablite an premye pou okipe de bezwen yo. Sepandan, ansyen yo ak lòt moun nan kongregasyon an kapab montre yo gen disènman e yo kapab ofri èd ki nesesè ki demontre byenveyans yo. — Gal. 6:10 ; 1 Tim. 5:4.
6 Si gen yon pwoklamatè ki bezwen èd nan chèche lojman, komite sèvis kongregasyon an ap deside si pwoklamatè a kapab ranpli yon fòmilè Mande lojman pou ka patikilye. Anvan Komite sèvis la remèt fòmilè a bay Sèvis lojman pou kongrè a, li dwe egzamine enstriksyon ki nan fòmilè a ak sa ki nan lèt 14 desanm 2006 filyal la te voye bay tout kolèj ansyen yo.
7. a) Poukisa nou ta dwe asiste kongrè yo envite kongregasyon pa nou an ? b) Ki sa nou dwe fè si kèk sikonstans oblije nou asiste yon lòt kongrè ?
7 Si w oblije asiste yon lòt kongrè : Pou ka gen ase chèz, ase piblikasyon, ase lojman, eksetera, yo ankouraje pwoklamatè yo pou y al nan kongrè yo envite kongregasyon pa yo a. Si kèk sikonstans oblije w al asiste yon lòt kongrè, se pou w wè ak sekretè kongregasyon w lan pou w ka konn dat kongrè ou vle ale a e petèt pou yo fè aranjman lojman pou ou.
8, 9. a) Ki preparasyon ki te fèt pou nou anvan kongrè a ? b) Ki jan nou kapab montre apresyasyon ak rekonesans pou tout travay ki fèt pou nou yo (Li Ebre 13:17) ?
8 Soutni dispozisyon yo pran yo : Lè nou rive kote kongrè a ap fèt la, n ap remake gen anpil travay ki te fèt pou akeyi nou. Gen frè ki nan sèvis akèy k ap swete nou byenveni, y ap ofri nou pwogram kongrè a e y ap ede nou jwenn plas. Gen frè ak sè ki te netwaye kote y ap fè kongrè a e ki te fè estrad la bèl. Gen travay enpòtan nou pa wè ki te fèt pou prepare diferan pati ki nan pwogram nan, pou akeyi kongresis ki te fè demann lojman e pou regle yon lòt detay.
9 Pou chak kongrè, gen anpil moun ki travay pandan plizyè mwa pou yo fè aranjman ki nesesè, e fanmi moun sa yo kontribye tou lefètke yo pèmèt yo jwenn tan pou aktivite enpòtan sa yo. Èske nou pa apresye sakrifis sa yo ki fèt pou pwofi nou ? Nou ka montre rekonesans nou lè nou respekte enstriksyon yo bay nan atik sa a e lè nou respekte lòt direktiv nou kapab resevwa anvan kongrè a (Ebre 13:17). Si chak moun kowopere ak tout kè yo, l ap posib pou tout bagay “ fèt yon fason ki konvnab e nan lòd ”. — 1 Kor. 14:40.
10. a) Poukisa rasanbleman pèp Bondye a si enpòtan nan epòk nou an ? b) Ki sa nou chak kapab fè jodi a ?
10 Tank nou ‘ wè jou a ap pwoche ’, rasanbleman pèp Bondye a vin pi enpòtan toujou (Ebre 10:25). Nan kongrè yo, esklav fidèl ki prevwayan an bay enfòmasyon pou ede nou ‘ veye pou nou pratike tout pawòl ’ Jewova vle nou suiv (Det. 31:12). Se pou nou kòmanse planifye depi kounye a pou nou asiste toule twa jou kongrè distri “ Suiv Kris ! ” la, e konsa n ap tire pwofi nan tout enstriksyon espirityèl ki prepare pou nou yo e nan konpayi agreyab frè ak sè nou yo !
[Kare nan paj 3]
Orè
Vandredi ak samdi
9:20 a.m. - 5:05 p.m.
Dimanch
9:20 a.m. - 4:10 p.m.
[Kare nan paj 4]
Sa nou dwe fè anrapò ak lojman
◼ Omwen 2 mwa alavans, sekretè kongregasyon an dwe ranpli fòmilè Mande lojman pou ka patikilye (CO-5-CR). Ansuit, l ap voye l bay siveyan Sèvis lojman kongrè pa l la.
◼ Nan fòmilè a, sekretè a ap presize a ki lè apeprè kongresis yo ka rive.
◼ Pa depase kantite moun yo te prevwa mete nan yon kay.
◼ Pafwa, li konn difisil pou sèvis lojman an loje moun yo toupre kote kongrè a ap fèt la. Se poutèt sa li bon pou kongresis yo prevwa lajan pou peye transpò pou fè ale vini ant kote yo loje a ak kote kongrè a ap fèt la.
Tanpri respekte konsiy sa yo tou :
1. Rete kote yo mete w la.
2. Si w te fin mande lojman epi ou pa bezwen l ankò, fè sekretè kongregasyon w lan konn sa.
3. Veye pou w kite kote w loje a pwòp lè w prale. Pa bliye remèt kle a anvan w ale.