Kongrè distri Temwen Jewova pou ane 2008
1. a) Poukisa konsèy Pòl te bay kretyen ebre yo gen yon gwo enpòtans pou nou jodi a ? (Li Ebre 10:24, 25.) b) Ki okazyon nou pral genyen talè konsa pou nou aplike konsèy Pòl la ?
1 Apot Pòl te egzòte kretyen ebre yo pou yo rasanble e pou youn ankouraje lòt “ plis toujou ” tank yo te wè jou a ap pwoche (Ebre 10:24, 25). Gen anpil prèv ki montre jou Pòl t ap pale de li a prèske rive ! Se sa k fè nou toujou ap tann okazyon pou nou rasanble ak frè ak sè nou yo pou nou resevwa enstriksyon espirityèl ki pou gide nou nan “ dènye jou ” sa yo k ap vin pi difisil chak jou (2 Tim. 3:1). Nou pral gen yon opòtinite konsa nan kongrè distri pou ane 2008 la.
2. a) Poukisa li esansyèl pou nou asiste toule twa jou kongrè a ? b) Ki preparasyon nou ta dwe kòmanse fè pou nou ka asiste kongrè a ?
2 Asiste toule twa jou yo : Nou ankouraje nou pou nou asiste toule twa jou asanble yo. Lè nou “ pa abandone reyinyon nou ” yo, nou pap pèdi anyen nan bon manje espirityèl ki pral genyen nan rasanbleman sa a, manje espirityèl ki endispansab pou nou (Ebre 10:25). Kòmanse fè preparasyon osito sa posib. Si w ap travay, li ta bon pou w fè patwon w konn sa byen bonè, yon fason pou l ka fè aranjman pou l ranplase w pandan yon ti tan, si sa nesesè. Si pitit ou ap gen lekòl nan dat sa a, pale ak pwofesè yo. Fè yo konnen kongrè a se youn nan aspè adorasyon n ap bay Bondye a genyen. Ou mèt sèten Jewova ap beni efò w ap fè pou w mete enterè Wayòm nan an premye. — Mat. 6:33.
3. Ki fason youn ka voye je sou lòt ?
3 Ede lòt moun asiste kongrè a : Pòl te ankouraje frè l yo “ pou youn voye je sou lòt ”. (Ebre 10:24.) Èske gen frè ak sè nan gwoup etid liv ou a ki bezwen èd pou yo ka asiste kongrè a ? Èske w ka ede etidyan w yo pou yo asiste kongrè a avè w, menmsi se yon sèl jou y ap ka vini ? Lè w ap fè moun nan fanmi w ki pa Temwen Jewova konnen w ap planifye pou w asiste kongrè a, envite yo pou yo asiste ansanm avè w. Ou ka jwenn anpil benediksyon si w fè efò pou w ede lòt moun avèk amou.
4. Ki sa nou ka fè pou nou jwenn enfòmasyon sou dat ak kote kongrè distri yo ap fèt ?
4 Enfòmasyon : Chak ane, filyal la resevwa kèk apèl konsènan kongrè yo. Prèske tout moun ki rele yo se frè ak sè ki te deja resevwa enfòmasyon sa yo. N ap sijere nou anvan nou rele filyal la pou nou konsilte Toudegad avril-jen 2008 la.
5. Poukisa nou ta dwe asiste kongrè yo envite kongregasyon pa nou an ? b) Ki sa nou dwe fè si kèk sikonstans oblije nou asiste yon lòt kongrè ?
5 Pou ka gen ase chèz, ase piblikasyon, ase lojman, eksetera, yo ankouraje pwoklamatè yo pou y al nan kongrè yo envite kongregasyon pa yo a. Si kèk sikonstans oblije w al asiste yon lòt kongrè, se pou w wè ak sekretè kongregasyon w lan pou w ka konn dat kongrè ou vle ale a e petèt pou yo fè aranjman pou w jwenn lojman.
6. Ki dispozisyon yo pran pou ede moun ki bezwen èd nan chèche lojman ?
6 Bezwen patikilye : Si gen yon pwoklamatè ki bezwen èd nan chèche lojman, komite sèvis kongregasyon an ap deside si pwoklamatè a kapab ranpli yon fòmilè Mande lojman pou ka patikilye. Komite sèvis la ap remèt fòmilè a bay Sèvis lojman pou kongrè a.
7. Ki jan nou ka soutni dispozisyon yo pran yo ? (Gade kare “ sa nou dwe fè anrapò ak lojman. ”)
7 Soutni dispozisyon yo pran yo : Lè nou rive kote kongrè a ap fèt la, n ap remake gen anpil travay ki te fèt pou akeyi nou. Gen frè ki nan sèvis akèy k ap swete nou byenveni, y ap ofri nou pwogram kongrè a e y ap ede nou jwenn plas. Gen frè ak sè ki te netwaye kote y ap fè kongrè a e ki te fè estrad la bèl. Gen travay enpòtan nou pa wè ki te fèt pou prepare diferan pati ki nan pwogram nan, pou akeyi kongresis ki te fè demann lojman e pou regle yon lòt detay. Se sa k fè li ta bon pou nou kowopere ak tout sèvis sa yo ki te travay di anpil pou kongrè a reyisi.
8. a) Nan ki sans nou ka glorifye Jewova toutpandan n ap asiste kongrè nou yo ? b) Grasa bon konduit frè nou yo, ki kòmantè moun k ap travay nan otèl yo fè sou nou ?
8 Bèl zèv : Lefètke nou obeyi kòmandman Jewova bay pou nou reyini ansanm pou nou adore l, sa pèmèt nou tire pwofi nan ansèyman li ban nou. Sa k pi enpòtan ankò, sa ban nou opòtinite pou nou glorifye non Jewova (Iza. 48:17). Lè nou gen kongrè distri, ‘ bèl zèv nou fè yo parèt aklè ’ devan anpil moun, e gen kèk nan moun sa yo ki eksprime santiman yo epwouve (1 Tim. 5:25). Nan yon vil kote nou konn fè kongrè depi plizyè ane, gen yon responsab yon otèl ki di : “ Anpil moun nan vil la ap pale de Temwen Jewova yo e yo pale sou sa kongrè a siyifi pou nou. Nou konnen jan Temwen yo te byen netwaye lokal kote y ap fè kongrè a (Civic center), e nou wè jan yo netwaye pakin nan. Se yon reyèl plezi pou nou resevwa nou pandan sezon ete a. Nou swete relasyon nou genyen an ap kontinye nan ane k ap vini yo. ” Apre yon lòt responsab otèl te fin pale konsènan pwoblèm li te jwenn ak lòt gwoup moun ansanm ak mizisyen ki te itilize otèl la, li te pale sou espri kowoperasyon, sou pasyans frè yo te demontre pandan tan yo te pase nan otèl la. Men sa l di : “ Nou ta renmen pou tout envite nou yo ta tankou Temwen Jewova yo ! Se bon konduit frè nou yo ki fè moun yo fè bon kòmantè sa yo sou nou ak lòt bon kòmantè menm jan an. Se pa ti rejwi sa dwe rejwi kè Jewova, Bondye nou an !
9. Ki jan Matye 4:4 montre enpòtans pou nou prete atansyon ak chak pati nan pwogram kongrè a?
9 Men de ki sa Jezi te di lavi nou depann : Koute “ tout pawòl ki soti nan bouch Jewova ”. (Mat. 4:4.) Nan kongrè nou gen chak ane, Jewova ban nou manje espirityèl, yon manje “ esklav fidèl ki prevwayan an ” prepare pou nou “ nan moman apwopriye ”. (Mat. 24:45.) Gen anpil travay ki fèt pou yo rive prepare bankè espirityèl sa a e pou yo sèvi nou li. Nou swete pou nou demontre rekonesans pou fason Jewova pran swen nou avèk amou, lè nou prezan e lè nou prete bonjan atansyon ak chak pati nan pwogram nan.
[Kare nan paj 3]
Pwogram :
Vandredi ak samdi
9:20 a.m. - 4:55 p.m.
Dimanch
9:20 a.m. - 4:00 p.m.
[Kare nan paj 4]
Sa nou dwe fè anrapò ak lojman
◼ Omwen 2 mwa alavans, sekretè kongregasyon an dwe ranpli fòmilè Mande lojman pou ka patikilye (CO-5-CR). Ansuit, l ap voye l bay siveyan Sèvis lojman kongrè pa l la.
◼ Nan fòmilè a, sekretè a ap presize a ki lè apeprè kongresis yo ka rive.
◼ Pa depase kantite moun yo te prevwa mete nan yon kay.
◼ Pafwa, li konn difisil pou sèvis lojman an loje moun yo toupre kote kongrè a ap fèt la. Se poutèt sa li bon pou kongresis yo prevwa lajan pou peye transpò pou fè ale vini ant kote yo loje a ak kote kongrè a ap fèt la.
Tanpri respekte konsiy sa yo tou :
1. Rete kote yo mete w la.
2. Si w te fin mande lojman epi ou pa bezwen l ankò, fè sekretè kongregasyon w lan konn sa.
3. Veye pou w kite kote w loje a pwòp lè w prale. Pa bliye remèt kle a anvan w ale.