BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/08 p. 5-6
  • Kongrè distri Temwen Jewova pou ane 2009

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kongrè distri Temwen Jewova pou ane 2009
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Kongrè distri Temwen Jewova pou ane 2008
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • “ Moun k ap anseye Pawòl Bondye ” — Kongrè distri Temwen Jewova yo pou 2001
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • “ Pawòl pwofetik Bondye a ” Kongrè distri Temwen Jewova yo pou 1999
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • “ Moun k ap mete Pawòl Bondye an pratik yo ” — Kongrè distri Temwen Jewova yo pou lan 2000
    Ministè Wayòm nan — 1999
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2008
km 12/08 p. 5-6

Kongrè distri Temwen Jewova pou ane 2009

1. a) Ki benediksyon n ap jwenn lè nou asiste toule twa jou kongrè distri a ? b) Ki planifikasyon nou dwe fè depi kounye a ?

1 Nou tout ap tann kongrè distri 2009 la, ki se yon lòt okazyon pou nou reyini avèk moun k ap bay Jewova louwanj menm jan avèk nou, moun ki “ konsyan yo pòv espirityèlman ”. (Mat. 5:3.) Avèk jou Jewova a k ap pwoche byen vit la, nou ankouraje nou chak pou nou asiste toule twa jou yo, pou nou kapab byen pwofite konpayi kretyen parèy nou yo e pou nou ka jwenn ankourajman espirityèl pou nou kenbe fèm nan lafwa (Sef. 1:14). Fè pwofesè w ak patwon w konnen kongrè yo se yon pati esansyèl nan adorasyon w ap bay Bondye a. Met kouraj sou ou pou w planifye byen bonè epi chèche jwenn benediksyon Jewova. Ou mèt gen asirans l ap soutni w. — Iza. 50:10.

2. Menmsi yo pa envite nou asiste yon kongrè entènasyonal, nan ki sans nou ka deja santi kongrè nou yo ka gen yon anbyans ki tankou kongrè entènasyonal yo ?

2 Kongrè entènasyonal yo : Kòm yo limite kantite peyi ak vil kote kongrè sa yo ap fèt, se sèlman moun ki asiyen yo ki ta dwe asiste yo. Si nou soutni dispozisyon sa a, sa ap evite gen twòp moun nan kongrè sa yo (1 Kor. 14:40 ; Ebre 13:17). Men, gen yon bon kantite kongrè distri k ap gen yon anbyans ki tankou kongrè entènasyonal yo, paske gen anpil misyonè, Betelit k ap sèvi aletranje ansanm ak anpil sèvitè entènasyonal ki pral asiste kongrè nan peyi yo.

3. Ki jan nou ka demontre lanmou pou kèk moun nan kongregasyon an ?

3 Ede lòt moun pou yo asiste kongrè a : Èske gen kèk moun nan kongregasyon w lan ki bezwen èd pou yo asiste kongrè a ? Lè w ede lòt moun pou yo asiste kongrè, ou montre ou se moun ki ‘ voye je, nonsèlman sou zafè pa w, pa enterè pèsonèl, men tou, pa enterè pèsonèl, sou pa lòt moun. ’ — Fil. 2:4.

4, 5. Si gen sikonstans ki oblije w asiste yon lòt kongrè ki pa kongrè yo envite kongregasyon pa w la, ki sa w dwe fè ?

4 Chèche enfòmasyon : Pou nou diminye kantite apèl filyal la resevwa konsènan dat kongrè yo ak kote y ap fèt, anvan w rele, tanpri gade nan Toudegad 1ye mas 2009 la, oswa mande sekretè kongregasyon w lan enfòmasyon w bezwen yo.

5 Si w oblije asiste yon lòt kongrè ki pa kongrè yo envite kongregasyon pa w la, se pou w wè ak sekretè kongregasyon w lan pou w ka konn dat kongrè ou vle ale a e petèt pou yo fè aranjman lojman pou ou.

6. Ki demach yon pwoklamatè ki gen bezwen patikilye dwe fè si l bezwen èd nan domèn lojman ?

6 Bezwen patikilye : Si gen yon pwoklamatè ki bezwen èd nan chèche lojman, komite sèvis kongregasyon an ap deside si pwoklamatè a kapab ranpli yon fòmilè Mande lojman pou ka patikilye. Komite sèvis la ap voye fòmilè a bay Sèvis lojman pou kongrè a.

7. Ki jan nou ka soutni dispozisyon yo pran yo ?

7 Soutni dispozisyon yo pran yo : Lè nou rive kote kongrè a ap fèt la, n ap remake gen anpil travay ki te fèt pou akeyi nou. Gen frè ki nan sèvis akèy k ap swete nou byenveni, y ap ofri nou pwogram kongrè a e y ap ede nou jwenn plas. Gen frè ak sè ki te netwaye kote y ap fè kongrè a e ki te fè estrad la bèl. Gen travay enpòtan nou pa wè ki te fèt pou prepare diferan pati ki nan pwogram nan, pou akeyi kongresis ki te fè demann lojman e pou regle lòt detay. Se sa k fè li ta bon pou nou kowopere ak tout sèvis sa yo ki te travay di anpil pou kongrè a reyisi.

8. Ki premye bagay ki ta dwe preyokipe nou pandan n ap prepare pou nou asiste kongrè distri 2009 la ?

8 Aksyon ki bay Bondye glwa : Lè nou demontre fwi lespri a nan relasyon nou gen ak moun, sa vle di lè nou byen veye sou sa n ap di, sou fason nou boule ni ak moun ki loje menm kote avèk nou ni ak lòt moun nou rankontre nan vil kote kongrè a ap fèt la, nou ajoute sou bèl repitasyon pèp Jewova a genyen e nou evite fè lòt moun trebiche (1 Kor. 10:31 ; 2 Kor. 6:3, 4). Nou swete pou prezans ou ak konduit ou bay Bondye glwa nan kongrè distri 2009 la ! — 1 Pyè 2:12.

[Kare nan paj 5]

Orè :

Jedi (Pou kongrè entènasyonal sèlman)

1:20 p.m. - 4:55 p.m.

Vandredi ak samdi

9:20 a.m. - 4:55 p.m.

Dimanch

9:20 a.m. - 4:00 p.m.

[Kare nan paj 6]

Sa nou dwe fè anrapò ak lojman :

◼ Nan fòmilè a, sekretè a ap presize a ki lè apeprè kongresis yo ka rive.

◼ Pa depase kantite moun yo te prevwa mete nan yon kay.

◼ Pafwa, li konn difisil pou sèvis lojman an loje moun yo toupre kote kongrè a ap fèt la. Se poutèt sa li bon pou kongresis yo prevwa lajan pou yo peye transpò pou fè ale vini ant kote yo loje a ak kote kongrè a ap fèt la.

◼ Omwen 2 mwa alavans, sekretè kongregasyon an dwe ranpli fòmilè Mande lojman pou ka patikilye (CO-5-CR). Apre sa, l ap voye l bay siveyan sèvis lojman kongrè pa l la. Li ta bon pou l kenbe kontak ak siveyan sèvis lojman an. L ap jwenn non l, kongregasyon l ak nimewo telefòn li nan lis pèsonèl komite asanble a konn voye bay kongregasyon yo.

Tanpri respekte konsiy sa yo tou :

◼ 1. Rete kote yo mete w la.

◼ 2. Si w te fin mande lojman epi ou pa bezwen l ankò, fè sekretè kongregasyon w lan konn sa.

◼ 3. Veye pou w kite kote w loje a pwòp lè w prale. Pa bliye remèt kle a anvan w ale.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje