Kongrè distri: Yon moman pou nou adore Bondye ak kè kontan
1. Poukisa fèt yo te konn selebre ann Izrayèl yo sanble ak kongrè distri yo nou gen jodi a?
1 Jozèf, Mari, pitit yo, ak lòt moun te konn al Jerizalèm regilyèman pou fèt yo te konn fè chak ane yo. Nan moman sa yo, yo menm ak lòt adoratè Bondye te kite aktivite yo te konn mennen chak jou yo pou yo konsantre yo sou aktivite espirityèl ki te pi enpòtan nan lavi yo. Fèt yo te bay Izrayelit yo tan pou yo reflechi sou bonte Jewova, pou yo pale de kalite sa a antre yo e pou yo egzamine Lwa li te ba yo a. Menm jan an tou, nan kongrè distri k ap vini an, nou pral gen okazyon pou nou adore Jewova ak kè kontan.
2. Ki sa nou dwe fè pou nou prepare nou pou kongrè distri k ap vini an?
2 Nou bezwen fè planifikasyon: Fanmi Jezi te dwe mache yon distans 200 kilomèt pou fè trajè ale retou Nazarèt Jerizalèm. Menmsi nou pa konnen konbyen frè ak sè Jezi te genyen, nou ka imajine planifikasyon ak efò Jozèf ak Mari te dwe fè. Èske w fè planifikasyon ki nesesè yo pou w la toule twa jou pwochen kongrè distri a ap dire? Sa ka mande pou w pran konje nan travay ou oubyen pou w pale ak patwon w, oubyen sa ka mande pou w pale ak pwofesè lekòl pitit ou dekwa pou ni ou menm ni pitit ou gen konje jou kongrè yo. Si w ap bezwen desann nan yon otèl, èske w deja rezève yon chanm? Èske w ka pran inisyativ pou w ede yon moun nan kongregasyon an, ki gen bezwen patikilye paske li bezwen èd pou l asiste kongrè a? —1 Jan 3:17, 18.
3. Poukisa fèt yo te konn selebre ann Izrayèl yo se te okazyon pou adoratè Jewova yo rasanble e pou yo ankouraje youn lòt?
3 Yon moman pou nou rasanble e pou youn ankouraje lòt: Fèt yo te konn selebre ann Izrayèl yo te vrèman yon bèl okazyon pou adoratè Jewova yo rasanble e pou youn ankouraje lòt. Pa gen dout nan sa, fanmi Jezi te konn tann moman sa yo avèk enpasyans pou yo ka pase tan ak zanmi yo te konnen depi lontan. Anplis de sa, yo te konn pwofite okazyon sa yo pou yo te fè lòt zanmi pami foul Juif ak pwozelit ki te vin nan fèt la oubyen ki t ap fè trajè ale retou pou Jerizalèm.
4. Ki jan nou ka montre nou vrèman apresye konpayi frè ak sè nou yo ki ini antre yo?
4 Youn nan rezon ki fè esklav fidèl ki prevwayan an pran dispozisyon pou nou reyini ansanm pou nou koute diskou yo nan kongrè distri olye pou yo transmèt nou menm enfòmasyon sa yo sou fèy enprime se pou nou ka ankouraje nou youn lòt (Ebre 10:24, 25). Se poutèt sa nou dwe fè preparasyon pou nou rive byen bonè chak jou nan kongrè a dekwa pou nou pwofite konpayi frè ak sè yo anvan prezidan sesyon an anonse pwogram mizikal la pou fè nou konnen li lè pou nou chita nan plas nou. Olye nou sot deyò nan poz midi a pou n al achte manje, li ta bon pou nou rete kote kongrè a ap fèt la e pou nou pran ti repa nou pote pou nou manje a, yon fason pou nou ka pale ak moun ki bò kote nou yo. Konpayi frè ak sè nou yo ki ini antre yo se yon kado Jewova ban nou, yon kado nou dwe apresye anpil. —Mika 2:12.
5. Ki sa k ap ede nou tire pwofi nan pwogram nan?
5 Yon moman pou nou aprann: Depi lè Jezi te jèn, li te konn pwofite pou l aprann anpil bagay sou Papa l ki nan syèl la (Lik 2:41-49). Ki sa k ap ede nou menm ak fanmi nou tire bonjan pwofi nan patisipasyon y ap prezante yo? Pandan sesyon yo, nou dwe rete chita e nou dwe evite pale san nesesite. Si w gen yon telefòn selilè oswa yon lòt aparèy ki pèmèt ou kominike ak lòt moun, pa kite l distrè ni ou menm ni lòt moun ki bò kote w. Fikse je w sou oratè a epi pran nòt ki kout. Chita ansanm an fanmi pou w asire w pitit ou ap koute pwogram nan tou. Nan aswè, pran yon ti tan pou nou egzamine ansanm pwen nou te apresye yo.
6. Ki sa li bon pou nou sonje anrapò ak abiman nou ak aparans nou?
6 Abiman nou ak aparans nou: Komèsan ki soti nan lòt peyi te ka fasilman rekonèt fanmi Jezi ak lòt Juif ki sèvitè Jewova k ap fè trajè ale retou pou fèt la paske Izrayelit yo te gen franj nan woulèt rad yo e yo te mete yon kòdon ble anlè franj sa yo (Nonb 15:37-41). Byenke kretyen yo pa pote yon rad espesyal ki distenge yo parapò ak lòt moun yo, yo gen repitasyon moun ki abiye yon fason modès e pwòp nan yon teni ki byen ranje. Nou dwe veye sou aparans nou sitou lè n ap fè trajè ale retou pou kongrè a e lè nou nan zòn kote n ap asiste kongrè a. Menm lè nou chanje rad sou nou aprè pwogram nan, nou dwe toujou gen yon aparans ki diy e nou dwe toujou gen ensiy nou sou nou. Konsa, n ap parèt diferan parapò ak moun ki pa Temwen yo e n ap fè yon bon enpresyon sou yo.
7. Poukisa nou ta dwe ofri tèt nou antanke volontè pou patisipe nan travay k ap fèt kote y ap òganize kongrè a?
7 Yo bezwen volontè: Yo bezwen anpil moun nan travay k ap fèt pou kongrè a ka dewoule san pwoblèm. Èske w ka ofri tèt ou antanke volontè pou w patisipe nan travay sa a (Sòm 110:3)? Travay nou fè nan lokal kote y ap òganize kongrè a fè pati sèvis sakre n ap bay Jewova a e sa pèmèt nou bay yon bon temwayaj. Lè yon responsab youn nan lokal kote nou lwe pou òganize kongrè te remake travay volontè yo te fè pou netwaye lokal la, sa te tèlman enpresyone l, li te di: “Mwen vle remèsye nou pou pi bèl eksperyans mwen te viv. Mwen te toujou tande Temwen Jewova yo se yon pèp espesyal ki gen repitasyon moun ki toujou kite yon lokal yo lwe nan yon eta ki pi pwòp pase jan yo te jwenn li. Nou menm ak òganizasyon nou an fè lokal sa a vin yon pi bèl kote pou kominote a, e pou fè travay sa a nou te sèvi ak pi bèl gwoup moun nou te gen plezi rankontre.”
8. Ki okazyon n ap genyen pou nou bay temwayaj nan zòn kote kongrè a ap fèt la?
8 Yon okazyon pou nou bay temwayaj: Lè nou rive nan zòn kote kongrè a ap fèt la, moun ki nan zòn sa a ap konnen nou se vizitè. Y ap remake jan nou abiye e jan nou gen yon aparans ki kòrèk. Ensiy n ap pote sou nou ap eveye kiryozite moun yo. Sa ap ban nou okazyon pou nou pale yo de kongrè a. Gen yon timoun ki gen katran ki te mache ak nouvo piblikasyon yo te bay nan kongrè a e, nan yon restoran, li te montre dam ki t ap travay la piblikasyon an. Sa te bay paran tigason an okazyon pou yo envite dam nan nan kongrè.
9. Ki jan nou ka demontre nou gen menm apresyasyon fanmi Jezi te genyen pou dispozisyon espirityèl Jewova te pran yo?
9 Fèt yo te konn selebre ann Izrayèl nan tan lontan yo se te okazyon ki bay Juif ki t ap chèche konnen plis sou Jewova kè kontan (Det. 16:15). Fanmi Jezi te kontan fè nenpòt sakrifis pou yo la nan fèt sa yo e pou yo tire bonjan pwofi ladan yo. Menm jan an tou, nou apresye kongrè distri nou yo, e nou konsidere yo kòm yon kado Papa nou ki nan syèl la, li menm ki renmen nou anpil la, ban nou (Jak 1:17). Kounye a se moman pou nou prepare nou pou okazyon sa a nou genyen chak ane pou nou adore Jewova ak kè kontan!
[Kare nan paj 6, 7]
Rapèl pou kongrè distri a
◼ Orè: Pwogram nan ap kòmanse a 9:20 a.m. toule twa jou yo. Pòt yo ap ouvri apati 8:00 a.m. Lè yo kòmanse pase mizik, nou tout ta dwe chita nan plas nou, yon fason pou nou ka kòmanse nan lòd ak diyite. Pwogram nan ap fini a 4:55 p.m. nan vandredi ak nan samdi e a 3:40 p.m. nan dimanch.
◼ Pakin: Nan tout lokal kote asanble a ap fèt, e se nou ki gen kontwòl pakin nan, w ap kapab pake machin ou san w pa peye. Se moun ki vin an premye yo k ap jwenn espas pou yo pake machin yo.
◼ Rezèvasyon plas: Rezève plas sèlman pou moun ki vwayaje avè w nan menm machin oubyen pou moun k ap viv nan menm kay avè w.
◼ Repa: Tanpri pote manje nou olye pou nou soti deyò al achte manje nan men machann yo. Nou ka vin ak yon ti tèmòs n ap ka mete anba kote nou chita a. Men, anndan lokal kongrè a, yo pap aksepte nou vini ak gwo tèmòs, ak gwo glasyè, ak boutèy, ak bokal oswa ak nenpòt lòt resipyan ki ka kraze, ni ak bwason ki gen alkòl.
◼ Ofrann: Yo fè anpil depans pou òganize kongrè distri a. Nou ka montre rekonesans nou lè nou mete ofrann volontè pou travay mondyal la nan bwat ofrann ki nan Sal Wayòm nan oswa nan kongrè a. Moun k ap bay chèk kòm ofrann dwe fè yo sou non Association chrétienne les “Témoins de Jéhovah d’Haïti”.
◼ Aksidan ak ijans: Si gen yon ijans medikal nan lokal kongrè a, tanpri kontakte yon manm nan sèvis akèy la ki nan zòn kote w ye a. L ap enfòme sèvis premye sekou a tousuit. Sèvis sa a kapab chèche konnen gravite sitiyasyon an epi li kapab pote èd li.
◼ Soulye: Chak ane, soulye yo lakòz anpil aksidan. Pou nou mache an sekirite sou mach eskalye yo, sou wòch ak sou tout lòt kalite sifas, li pi bon pou nou mete soulye pla ki pa lach nan pye nou.
◼ Anrejistreman: Moun pa dwe ploge okenn aparèy sou sistèm elektrik ki nan lokal la oswa sou sistèm sonorizasyon an, e yo ta dwe sèvi ak aparèy sa yo yon fason pou yo pa deranje lòt moun.
◼ Pousèt ak chèz pliyan: Nou pa dwe vini ak pousèt nan lokal kote y ap fè kongrè a. Nou ka vini ak chèz pou bebe nou ka atache sou syèj bò kote paran yo chita. Chèz pliyan, chèz woulan ak lòt kalite chèz moun mennen nan kongrè a pa dwe bloke ni koulwa yo ni pòt pou moun soti nan lokal kote y ap fè kongrè a. Nou ka itilize chèz sa yo nan zòn ki rezève pou sa.
◼ Fòmilè “Suivre l’intérêt”: Nou ta dwe sèvi ak fòmilè Veuillez suivre l’intérêt (S-43) pou nou bay enfòmasyon konsènan nenpòt moun nou te bay temwayaj enfòmèl pandan kongrè distri a ki montre l enterese. Pwoklamatè yo ta dwe vin nan kongrè a ak youn oubyen de fòmilè Suivre l’intérêt. N ap remèt fòmilè a nan sèvis piblikasyon an pou yo fè suivi, oubyen ou ka remèt li bay sekretè kongregasyon w lan lè w retounen. —Gade Ministè Wayòm novanm 2009, paj 4.