Nan kongrè distri yo, yo bay yon gwo temwayaj sou laverite
1. Sou ki verite espirityèl enpòtan fèt Izrayelit yo te konn fete regilyèman yo te ba yo okazyon pou yo reflechi?
1 Nan tan lontan, Izrayelit yo te konn reyini regilyèman twa fwa nan ane a pou yo fete. Byenke se gason sèlman ki te gen obligasyon pou y al nan fèt sa yo, byen souvan yo te konn vwayaje ak tout fanmi yo pou y al Jerizalèm pou tout moun te ka pwofite asanble sa yo ki te bay anpil kè kontan (Det. 16:15, 16). Evènman sa yo te ba yo okazyon pou yo reflechi sou verite espirityèl enpòtan e pou yo pale sou yo. Sou ki verite konsa yo te konn pale? Youn ladan yo te gen rapò ak Jewova ki se yon Bondye ki renmen bay e ki gen anpil lanmou (Det. 15:4, 5). Yon lòt verite yo te konn pale de li gen rapò ak Jewova ki se yon Bondye yo ka konte sou li pou l dirije yo e pou l pwoteje yo (Det. 32:9, 10). Anplis de sa, antanke pèp ki pote non Jewova, Izrayelit yo te dwe montre nan fason yo viv yo imite Jewova lè yo aji yon fason ki jis. Yo te konn reflechi sou verite sa a tou (Det. 7:6, 11). Jodi a, kongrè distri nou fè chak ane yo pwofitab pou nou menm jan an.
2. Nan ki sans pwogram kongrè distri a pral fè limyè jayi sou laverite?
2 Pwogram nan pral fè limyè jayi sou laverite: Nan kongrè distri yo, gen diskou, dram, demonstrasyon ak entèvyou ki fè limyè jayi sou verite biblik ki trèzenpòtan (Jan 17:17). Yo deja fè anpil travay pou kongrè distri nou pral genyen an. Òganizasyon Jewova a prepare yon pwogram ki konsantre sitou sou bezwen moun genyen toupatou nan monn nan (Mat. 24:45-47). Èske w anvi wè sa yo pral prezante nan pwogram nan, èske w anvi tande sa k pral gen ladan l?
3. Ki sa nou dwe fè pou nou ka tire pwofi nan pwogram kongrè a?
3 Natirèlman, n ap pi byen pwofite sa yo pral di nan kongrè a si nou la toule twa jou yo e si nou koute avèk anpil atansyon tout sa yo pral di. Nou dwe pale ak anplwayè nou sou jou n ap bezwen pran pou nou asiste kongrè a si nou poko fè sa. Pran dispozisyon pou nou byen repoze chak swa pou nou ka rete byen eveye pandan pwogram nan. Gen anpil moun ki twouve lè yo gade oratè a fiks e yo pran nòt ki kout pandan pwogram nan sa ede yo rete atantif. Pa kite telefòn selilè nou oubyen pedjè deranje ni nou menm ni lòt moun. Evite pale, pa voye SMS, pa manje e pa bwè pandan pwogram nan.
4. Ki sa paran yo ka fè pou yo ede pitit yo pwofite kongrè a?
4 Nan ane yo te rezève pou saba a, fanmi Izrayelit yo te konn rasanble pou yo tande moun ki t ap li Lalwa a pandan fèt Joupa a. “Timoun yo” te ansanm avèk yo tou dekwa “pou yo ka koute e pou yo ka aprann”. (Det. 31:12.) Se pa ti ankourajan sa ankourajan lè nou wè tout moun nan yon fanmi chita ansanm pandan kongrè a e lè nou wè jèn yo chita byen eveye epi y ap koute avèk anpil atansyon! Chak swa, poukisa nou pa gade nòt nou te pran yo, konsa nou ka fè ti pale ansanm sou pwen nou te pi renmen nan pwogram nan? Bib la di: “Sotiz tache nan kè yon tigason.” Se sa k fè, paran yo ap fè byen pou yo veye pitit yo, timoun ki adolesan yo ladan l tou, ni nan poz midi a ni lè yo retounen kote yo rete a, yo pa dwe “lage yo lib” pou yo fè sa yo vle. — Pwo. 22:15; 29:15.
5. Lè nou nan vil y ap fè kongrè a oubyen lè nou nan otèl la, kòman bon konduit nou anbeli laverite?
5 Bon konduit nou anbeli laverite: Bon konduit nou genyen nan vil y ap fè kongrè a anbeli laverite (Tit 2:10). Lè nou byen trete kay kote sèvis lojman an mete nou e nou respekte moun nan zòn nan, sa bay yon bon temwayaj. Lè yon gwoup moun respekte règ otèl kote yo rete a, lè yo gen pasyans e yo janti ak anplwaye yo, moun k ap travay nan otèl yo remake sa (Kol. 4:6). Ane pase, lè reprezantan yon filyal t ap negosye ak yon otèl, men sa manadjè a te di: “Nou renmen lè moun nou yo vin nan otèl nou an, paske yo se bon moun. Yo se moun ki gen bòn mànyè, yo janti anpil e yo toujou montre respè pou anplwaye yo. Yo toujou byen trete lokal la.”
6. Kòman nou ka anbeli laverite nan fason nou abiye pandan nou nan vil kote y ap fè kongrè a?
6 Lè nou mete ensiy nou sou nou, nonsèlman nou fè piblisite pou kongrè a e nou fè lòt delege oubyen lòt moun ki vin nan kongrè a rekonèt nou, men sa pèmèt nou bay moun k ap gade yo temwayaj tou. Moun ki nan vil kote y ap fè kongrè a ap remake jan moun ki gen ensiy yo byen abiye, jan yo senp, jan yo pa mete rad debraye ni rad pwovokan jan sa kouran nan monn nan (1 Tim. 2:9, 10). Se sa k fè, nou dwe veye sou fason nou abiye ak sou aparans nou pandan nou nan vil kote y ap fè kongrè a. E si se nan yon otèl nou rete, n ap veye sou abiman nou tou lè n ap tcheke pou nou antre nan otèl la. Si nou rive nan otèl la ak bout pantalon ak ti mayo sou nou, sa pap montre diyite. Menmsi se yon kote ki anplennè y ap fè kongrè a, tankou nan yon stad oubyen nan yon lakou lekòl pa egzanp, rad n ap mete dwe montre nou merite pou moun respekte nou. Si nou deside chanje rad lè jounen kongrè a fini, pou nou soti oubyen pou n al nan restoran, nou dwe sonje se delege nou toujou ye e nou pa dwe mal abiye nan sikonstans sa yo.
7. Pandan kongrè a, site youn nan fason nou ka pwofite bonjan inite ki gen nan mitan nou antanke kretyen.
7 Nan peryòd fèt yo, Izrayelit yo te konn gen bonjan asosyasyon ak lòt adoratè Jewova ki te soti lòt kote nan nasyon an ak lòt kote sou tè a e sa te fè gen inite nan mitan yo (Tra. 2:1, 5). Pandan kongrè distri yo, tout moun wè byen klè bèl fratènite ki gen nan mitan nou antanke kretyen. Bèl aspè sa a nan paradi espirityèl nou an enpresyone moun k ap gade nou yo (Sòm 133:1). Olye pou nou kite kote y ap fè kongrè a pandan poz midi a pou n al achte manje deyò, l ap pi bon lontan si nou pote ti manje tou senp, manje ki pap fè nou dòmi nan sesyon aprèmidi a e konsa n ap ka fè konesans ak frè ak sè ki chita bò kote nou yo e n ap ka pale avèk yo.
8. Si sitiyasyon nou pèmèt nou fè sa, ki rezon nou genyen pou nou sèvi kòm volontè?
8 Byen souvan, moun k ap gade nou yo enpresyone lè yo wè jan kongrè nou yo byen òganize e jan tout bagay fèt nan lòd. Yo pi sezi toujou lè yo aprann se volontè ki fè tout travay yo. Èske w anmezi pou w ‘ofri tèt ou kòm volontè’ pou w ka travay nan kongrè a (Sòm 110:3)? Souvan gen fanmi ki mennen tout moun lakay yo travay kòm volontè, konsa yo fòme timoun yo pou yo aprann ede lòt moun. Si w timid, yon bon fason pou w rankontre lòt moun ki vin nan kongrè a se lè w travay nan kongrè kòm volontè. Men remak yon sè te fè: “Mwen pa t konn pifò moun ki te nan kongrè a, apa moun nan fanmi m ak kèk zanmi m. Men lè m t al ede nan netwayaj yo t ap fè, mwen te fè konesans ak anpil frè ak sè. Mwen te renmen sa anpil.” Ouvri kè nou pou nou fè lòt zanmi lè nou vin asiste kongrè a, sa ap pote anpil jwa pou nou (2 Kor. 6:12, 13). Si ou pa janm sèvi kòm volontè nan kongrè, mande ansyen nan kongregasyon w lan ki sa ou ka fè pou w ka sèvi kòm volontè.
9. Ki sa nou ka di moun yo pou nou envite yo vin asiste kongrè a?
9 Envite lòt moun vin tande laverite: Menm jan ak lòt ane yo, twa semèn anvan kongrè a n ap patisipe nan yon kanpay pou n envite moun nan kongrè distri a. Kongregasyon an ap fè efò pou nou kouvri plis tèritwa posib pou nou ka bay moun yo fich envitasyon an. (Gade kare ki gen tit “Ki jan nou pral ofri fich envitasyon an?”) Nou dwe pote tout fich envitasyon ki rete yo nan kongrè a. Delege ki vin nan kongrè a oubyen lòt pwoklamatè yo ka itilize yo pou yo bay temwayaj enfòmèl pandan yo nan vil kote y ap fè kongrè a.
10. Rakonte kèk eksperyans ki montre lè nou fè kanpay chak ane pou nou envite moun yo nan kongrè distri a sa bay bon rezilta.
10 Èske moun yo byen reyaji lè nou fè kanpay la chak ane? Nan yon kongrè, gen yon frè ki te nan sèvis akèy ki te ede yon mari ak madanm li jwenn plas pou yo chita. Yo te di frè a yo te resevwa yon fich envitasyon e yo te “di tèt yo sanble sa ap enteresan”. Yo te kondui nan yon distans ki plis pase 320 km pou yo vin asiste kongrè a. Nan yon lòt okazyon, gen yon sè ki t al lakay yon mesye pou l ba li yon fich envitasyon paske li te wè mesye a sanble enterese nan kongrè a. Sè a te pran tan pou l pale ak li sou enfòmasyon ki nan fich la. Kèk jou apre, pandan sè a t ap asiste kongrè a li te wè mesye a ak yon zanmi l ki vin nan kongrè a e yo te gen youn nan piblikasyon ki fèk parèt yo nan men yo.
11. Poukisa li enpòtan pou nou asiste kongrè distri nou fè chak ane yo?
11 Fèt Izrayelit yo te konn fè regilyèman yo se yon dispozisyon Jewova te pran pou l te ede yo “sèvi l avèk entegrite e avèk verite”. (Joz. 24:14.) Menm jan an tou, lè nou asiste kongrè distri nou fè chak ane yo, sa ede nou ‘kontinye mache nan laverite’ e se yon aspè enpòtan nan adorasyon n ap bay Jewova a (3 Jan 3). Nou swete pou Jewova beni efò tout moun ki renmen laverite yo ap fè pou yo asiste toule twa jou kongrè a e pou yo tire pwofi ladan l omaksimòm.
[Antrefilè nan paj 4]
Bon konduit nou genyen nan vil y ap fè kongrè a anbeli laverite
[Antrefilè nan paj 5]
Twa semèn anvan kongrè a n ap patisipe nan yon kanpay pou n envite moun nan kongrè distri a
[Kare nan paj 3-6]
Rapèl pou kongrè distri 2012 la
◼ Orè: Pwogram nan ap kòmanse a 9:20 a.m. toule twa jou yo. Pòt yo ap ouvri apati 8:00 a.m. Lè yo kòmanse pase mizik, nou tout ta dwe chita nan plas nou, yon fason pou pwogram nan ka kòmanse nan lòd ak diyite. Pwogram nan ap fini a 4:55 p.m. nan vandredi ak nan samdi e a 3:40 p.m. nan dimanch.
◼ Pakin: Nan tout lokal kote y ap fè asanble, e se nou ki gen kontwòl pakin nan, n ap ka pake machin ou san nou pa peye. Se moun ki vin an premye yo k ap jwenn espas pou yo pake machin yo. Se sèl moun ki gen plak pou moun andikape leta apwouve, moun ki gen kat oubyen lisans ki di yo andikape k ap ka mete machin yo nan zòn ki rezève pou moun sa yo. Etandone pakin nan zòn sa yo limite, l ap pi bon pou nou òganize nou pou plizyè moun itilize menm machin otank posib.
◼ Rezèvasyon plas: Rezève plas sèlman pou moun ki rete nan menm kay ak nou oubyen moun ki te vwayaje nan menm machin ak nou oubyen moun ki etidyan nou nan moman an. — 1 Kor. 13:5.
◼ Repa: Tanpri pote manje nou olye pou nou soti deyò al achte manje nan men machann yo. Nou ka vin ak yon ti tèmòs n ap ka mete anba kote nou chita a. Men, anndan lokal kongrè a, yo pap aksepte nou vini ak gwo tèmòs, ak gwo glasyè, ak boutèy, ak bokal oswa ak nenpòt lòt resipyan ki ka kraze, ni ak bwason ki gen alkòl.
◼ Ofrann: Nou ka montre rekonesans nou pou dispozisyon yo pran pou yo òganize kongrè distri a lè nou mete ofrann pou travay mondyal la nan bwat ofrann ki nan Sal Wayòm nan oswa nan bwat ki nan lokal kote y ap fè kongrè a. Moun k ap bay chèk kòm ofrann dwe fè yo sou non “Association chrétienne les “Témoins de Jéhovah d’Haïti”. Apati ane sa a, y ap aksepte moun itilize kat de kredi oubyen kat debi pou yo fè ofrann nan tout kongrè anplis lajan ak chèk moun konn itilize pou yo fè ofrann.
◼ Aksidan ak ijans: Si gen yon moun ki gen yon ijans medikal nan lokal kongrè a, tanpri kontakte yon manm nan sèvis akèy ki nan zòn kote w ye a. L ap enfòme sèvis premye sekou a tousuit. Sèvis sa a kapab chèche konnen gravite sitiyasyon an epi li kapab pote èd li. Si sa nesesè, nan peyi d Ayiti sèvis premye sekou a ap rele 114 si gen yon ijans e pou kèk lòt peyi y ap rele 911. Konsa sèvis ijans ki nan peyi a oubyen ki nan lòt peyi yo pap resevwa plizyè apèl pou menm sitiyasyon an.
◼ Medikaman: Si w oblije pran medikaman yon doktè preskri w, tanpri veye pou w pote kantite medikaman w ap bezwen, paske yo pap bay medikaman nan kongrè a. Lè moun ki dyabetik yo fin sèvi ak sereng oubyen ak egwi yo dwe jete yo nan poubèl yo mete fatra ki danjere, yo pa dwe jete yo nan poubèl yo mete fatra k ap resikle ni nan lokal kote y ap fè kongrè a ni nan otèl kote yo rete a.
◼ Soulye: Chak ane, soulye moun yo mete konn lakòz anpil aksidan. Pou nou mache an sekirite sou mach eskalye yo, kote ki gen wòch ak tout lòt kote, li pi bon pou nou mete soulye pla ki pa lach nan pye nou.
◼ Moun ki tande di: Y ap difize pwogram nan sou frekans FM nan lokal y ap fè kongrè a. Pou yon moun ka koute pwogram nan, l ap bezwen pote yon ti aparèy ki ka pran frekans FM e li dwe pote pil pou l met ladan l ak yon kas pou l met nan zòrèy li.
◼ Pousèt ak chèz pliyan: Nou pa dwe vini ak pousèt pou tibebe oubyen ak gwo chèz pliyan nan lokal kote y ap fè kongrè a. Sepandan, nou ka vini ak chèz pou tibebe si n ap ka tache l sou chèz ki bò kote nou oubyen sou ban nou chita a.
◼ Pafen: Nan kèk peyi, yo fè pifò kongrè yo nan lokal ki fèmen e ki gen sistèm vantilasyon mekanik. Kidonk, n ap montre nou gen lanmou pou lòt moun si nou pa ta mete pwodui ki twò santi bon sou nou, tankou pafen, deyodoran, krèm eksetera bagay ki ka deranje moun ki gen pwoblèm pou yo respire byen oubyen ki gen lòt pwoblèm menm jan an. — 1 Kor. 10:24.
◼ Fòmilè “Veuillez suivre l’intérêt” (S-43): Nou ta dwe sèvi ak fòmilè Veuillez suivre l’intérêt a pou nou bay enfòmasyon konsènan nenpòt moun nou te bay temwayaj enfòmèl pandan kongrè distri a ki montre l enterese. Pwoklamatè yo ta dwe vini ak youn oubyen de fòmilè nan kongrè a. N ap remèt fòmilè nou ranpli a nan sèvis piblikasyon an pou yo fè suivi a, oubyen nou ka remèt li bay sekretè kongregasyon nou an lè nou retounen. — Gade Ministè Wayòm me 2011, paj 3.
◼ Restoran: N ap onore non Jewova lè nou gen bon konduit nan restoran yo. Nou dwe kite yon tep pou moun ki sèvi nou yo si se sa moun nan zòn nan konn fè.
◼ Otèl:
1) Tanpri, pa rezève plis chanm pase sa n ap itilize vre, e pa mete plis moun nan chanm nan pase kantite moun otèl la pèmèt la.
2) Nou pa dwe anile rezèvasyon nou genyen an sof si nou gen yon ka ijan, e nou dwe kontakte otèl la osito nou rann nou kont nou pap ka kenbe rezèvasyon an. — Mat. 5:37.
3) Souple, li bon pou nou konnen si nou sèvi ak yon kat de kredi oubyen yon kat debi lè nou vin anrejistre pou nou antre nan yon otèl, selon prensip otèl yo genyen y ap “bloke” yon kantite nan kòb ki sou kont nou an. Yon montan k ap ase pou nou peye pou chanm nou ye a, pou domaj nou ta fè nan chanm nan, pou lòt depans nou ta fè pandan nou nan otèl la. Nou pap ka sèvi ak kòb sa a toutotan otèl la pa fin touche tout kòb li epi kont nou fin klè e sa ap pran kèk jou.
4) Nou dwe pran yon charyo pou nou pote malèt nou sèlman lè nou pare pou nou sèvi avè l epi nou dwe pote l tounen tousuit dekwa pou lòt moun ka sèvi avè l.
5) Nou dwe bay moun ki pote malèt nou an yon tep e nou dwe kite yon tep chak jou pou menajè ki netwaye chanm nou.
6) Nou dwe fè manje sèlman nan chanm yo bay pèmisyon pou sa.
7) Nou pa dwe pran plis pase sa nou bezwen nan manje yo bay nan maten pou kliyan yo manje pandan yo nan otèl la, ni nou pa dwe pran twòp kafe oubyen twòp glas nan sa yo mete pou kliyan yo.
8) Nou dwe demontre fwi lespri a nan fason nou aji avèk moun k ap travay nan otèl la. Yo gen anpil kliyan pou yo okipe e yo apresye lè nou montre nou janti, nou pasyan e nou rezonab.
9) Paran yo dwe toujou veye pitit yo kèlkeswa kote yo ye, kit se kote yo loje a oubyen nan otèl la, nan zòn pisin nan, nan sal resepsyon an, nan zòn yo fè egzèsis la, eksetera.
10) Pri yo mete pou chanm yo sou Liste des lieux d’hébergement recommandés a se pri total n ap peye yon chanm pou chak nuit, taks pa ladan l. Si nou ta wè otèl la mande pou nou peye plis kòb pase montan ki sou lis la, pa peye montan yo mande a epi fè sèvis lojman an konn sa osito posib.
11) Si nou gen yon pwoblèm nan chanm nou ye nan otèl la, fè sèvis lojman an konn sa tousuit anvan jounen asanble kòmanse oubyen apre dekwa pou yo ka ede nou.
◼ Sèvis Volontè: Nenpòt moun ki ta renmen travay kòm volontè dwe pase nan sèvis volontè ki nan kongrè a. Timoun ki gen pi piti pase 16 an ka travay tou men fò yo travay anba direksyon paran yo oubyen moun k ap siveye yo a oubyen yo ka travay anba direksyon yon lòt granmoun paran yo oubyen moun k ap siveye yo a chwazi.
[Kare nan paj 6]
Ki jan nou pral ofri fich envitasyon an?
Pou nou ka rive kouvri tout tèritwa kongregasyon an, nou pa dwe di anpil pawòl. Pa egzanp nou ka di moun nan: “Bonjou. N ap distribye fich envitasyon sa yo bay tout moun, pou nou envite yo nan yon kongrè n ap fè [di moun nan dat kongrè a ak tout adrès la]. Fich sa a se pou ou nou pote l. W ap jwenn plis detay ladan l sou kongrè a.” Se pou nou prezante fich la avèk antouzyas. Lè n ap distribye fich envitasyon an pandan wikenn nou ka tou ofri peryodik yo lè sa apwopriye.