Twa jou kote nou pral jwenn rekonfò nan domèn espirityèl
1. Ki sa nou pral jwenn nan kongrè distri pou ane sa a?
1 Nan domèn espirityèl, alòske monn Satan an tankou yon tè sèch ki bezwen lapli, sèvitè Jewova yo byen fre paske Jewova kontinye wouze yo tankou yon bèl jaden (Iza. 58:11). Youn nan dispozisyon Jewova pran pou l fòtifye lafwa nou se kongrè distri nou genyen chak ane. Toutpandan kongrè distri pou ane sa a ap pwoche, ki preparasyon nou bezwen fè pou nou jwenn rekonfò nan domèn espirityèl e pou nou ede lòt moun pou yo jwenn rekonfò tou? — Pwo. 21:5.
2. Ki aranjman nou bezwen fè?
2 Si nou potko fè sa, pran yon ti tan pou n aranje pwogram pèsonèl nou ansanm ak pwogram travay nou dekwa pou n ka asiste toule twa jou kongrè distri a. Èske n deja kalkile kantite tan n ap bezwen chak jou pou n deplase sot lakay nou, pou n ka rive nan kongrè a bonè e pou nou gentan jwenn plas pou nou chita anvan pwogram nan kòmanse? Objektif nou se pou n pa pèdi anyen nan manje espirityèl nourisan Jewova prepare pou nou an (Iza. 65:13, 14). Èske nou deja fè aranjman pou nou jwenn kote pou nou rete, pou transpò n ap pran?
3. Ki sijesyon yo bay k ap ede ni nou menm ni fanmi nou jwenn plis byenfè nan pwogram nan?
3 Ki sa nou ka fè pou lespri nou toujou la, pou nou pa distrè pandan sesyon yo? Si posib, aranje nou pou nou byen dòmi chak swa. Gade oratè a lè l ap pale. Chèche vèsè yo nan Bib nou. Pran nòt ki kout. L ap bon pou fanmi yo chita ansanm konsa paran yo ap ka ede pitit yo suiv pwogram nan avèk atansyon (Pwo. 29:15). Petèt, chak swa tout fanmi an ka egzamine pwen enteresan ki te nan pwogram nan ansanm. Pou n ka ede fanmi nou kontinye jwenn rekonfò nan domèn espirityèl, menm apre yo fin asiste kongrè a, nou ka pran yon ti tan pandan adorasyon an fanmi an pou n egzamine kèk pwen byen presi fanmi an bezwen aplike.
4. Ki sa nou ka fè pou n ede lòt moun nan kongregasyon an jwenn rekonfò nan domèn espirityèl?
4 Ede lòt moun jwenn rekonfò: Nou ta renmen pou lòt moun jwenn rekonfò espirityèl menm jan avèk nou. Èske gen kèk pwoklamatè aje oubyen lòt moun nan kongregasyon an ki bezwen èd pou yo ka asiste kongrè distri a? Èske n gen posiblite pou nou ede yo (1 Jan 3:17, 18)? Ansyen yo, siveyan gwoup yo sitou, bezwen asire yo pwoklamatè sa yo jwenn èd yo bezwen an pou yo ka asiste kongrè a.
5. Kòman nou pral distribye fich envitasyon pou kongrè a? (Gade kare ki pi wo a tou.)
5 Menm jan nou abitye fè sa, twa semèn anvan kongrè distri a kòmanse, n ap fè yon kanpay pou nou envite moun yo vin asiste l. Kongregasyon yo dwe fikse objektif pou yo distribye tout fich envitasyon yo genyen e pou yo kouvri plis tèritwa posib. Nan fen kanpay la, si moun nan fanmi nou gen fich envitasyon ki ret nan men yo se pou nou vin avèk yo nan kongrè a pou nou itilize yo lè n ap bay temwayaj enfòmèl. Nan jou vandredi a, yo pral ban nou plis enfòmasyon sou fason pou n sèvi ak fich envitasyon sa yo. Si fanmi nou gen kèk fich envitasyon ki rete nan men yo e nou konnen nou pap gen tan sèvi avèk yo pandan nou nan zòn kongrè a, nou dwe bay yon frè ki nan sèvis akèy fich sa yo lè n ap rantre nan lokal kote y ap fè kongrè a. Tanpri, kenbe yon fich envitasyon pou nou, paske n ap bezwen l nan dènye diskou dimanch lan.
6. Ki sa nou ka fè pou nou montre nou gen respè pou lòt moun nan kongrè a?
6 Annou montre nou gen respè pou lòt moun: N ap viv nan yon epòk kote moun yo “renmen pwòp tèt yo” e yo pa montre konsiderasyon pou santiman lòt moun. Ala kontan nou kontan lè n avèk kretyen parèy nou yo, yo menm ki fè efò pou yo montre yo gen respè pou lòt moun (2 Tim. 3:2)! Lè yo ouvri lokal kote y ap fè kongrè a a 8:00 a.m., si nou antre yon fason kalm e nou fè sa nan lòd, n ap montre nou gen respè pou lòt moun. N ap montre kalite sa a tou si nou sere plas sèlman pou moun ki rete nan menm kay ak nou oubyen moun ki te vwayaje nan menm machin ak nou oubyen moun ki etidyan nou nan moman an. Lè prezidan sesyon an mande pou n chita nan plas nou pou n koute pwogram mizikal la anvan chak sesyon kòmanse, n ap suiv enstriksyon l bay la. N ap montre nou gen respè pou lòt moun lè nou pwograme telefòn nou oubyen pedjè nou yon fason pou nou pa deranje moun pandan pwogram nan ap dewoule. Yon lòt fason n ap montre nou gen respè pou lòt moun se lè nou pa pale, nou pa voye SMS, nou pa manje oubyen nou pa deplase san nesesite pandan pwogram nan ap dewoule.
7. Lè nou ak frè nou yo, ki jan nou ka jwenn ankourajman nan men yo e ki jan nou ka ankouraje yo?
7 Pwofite bon konpayi frè ak sè nou yo: Kongrè yo ban nou lòt okazyon pou nou apresye fratènite ak inite ki gen nan mitan nou antanke kretyen (Sòm 133:1-3). Poukisa nou pa pran inisyativ pou n “ouvri kè nou” pou nou fè konesans ak frè ak sè ki sot nan lòt kongregasyon yo (2 Kor. 6:13)? Nou ka fikse objektif pou nou fè konesans omwen ak yon moun nou potko konnen oswa ak yon fanmi chak jou. Yon bon okazyon pou n fè sa se nan poz midi a. Kidonk, olye nou deplase al achte manje oubyen pou n al manje nan yon restoran ki toupre, annou rete kote kongrè a ap fèt la pou n manje ti manje tou senp nou te pote, manje ki pap fè nou dòmi nan sesyon aprèmidi a e konsa n ap ka pwofite konpayi lòt moun k ap manje bò kote nou yo. Sa ka fè nou vin gen lòt zanmi, zanmi k ap dire pou tout tan.
8. Poukisa nou dwe ofri tèt nou kòm volontè pou n travay nan kongrè a, e ki jan nou ka fè sa?
8 Se pa ti kontan nou kontan travay kòtakòt ak sèvitè Jewova parèy nou yo nan sèvis sakre n ap ba li a! Èske n ka ofri tèt nou kòm volontè nan yon sèvis oubyen èske nou ka ede frè ak sè yo netwaye seksyon yo asiye kongregasyon nou an (Sòm 110:3)? Si nou pa deja gen asiyasyon pou nou travay nan yon sèvis nan kongrè a, li ta bon pou n al bay non nou nan sèvis volontè a. Konsa, tout moun ap fè travay yo ak plis kè kontan. Paske men anpil chay pa lou.
9. Pandan kongrè a, poukisa nou dwe veye ni sou aparans nou ni sou konduit nou?
9 Bon konduit nou ka fè moun k ap gade nou gen yon bon pwennvi sou nou: Se pa lè n ap suiv pwogram nan sèlman nou se kongresis men nou se kongresis kèlkeswa kote nou ye pandan toule twa jou yo. Moun ki nan vil kote kongrè a ap fèt la k ap gade nou yo dwe anmezi pou yo wè diferans ki genyen ant nou menm ak moun ki pa Temwen yo e sa dwe ankouraje yo (1 Pyè 2:12). Abiman nou ak aparans nou dwe bay Jewova glwa, kit se nan kongrè a, kit se kote nou loje a, kit se nan yon restoran (1 Tim. 2:9, 10). Si nou toujou gen ensiy nou sou nou, sa ap pèmèt moun idantifye nou kòm Temwen Jewova. Sa ka ban nou posiblite pou nou pale ak yo sou kongrè a, konsa nou ka tou ba yo plis temwayaj.
10. Ki sa nou ka fè pou nou asire n moun k ap travay nan otèl yo ak nan restoran yo gen yon bon pwennvi sou kongrè a?
10 Ki sa nou ka fè pou moun k ap travay nan otèl yo ak nan restoran yo gen yon bon pwennvi sou kongrè a? Lè n ap fè demann lojman oubyen lè n ap fè rezèvasyon chanm nan yon otèl, nou pa dwe rezève plis chanm pase sa n ap bezwen vre. Si nou fè sa, n ap anpeche lòt kongresis yo jwenn yon chanm pou yo rete e sa ap fè l difisil pou mèt otèl la jwenn afè pou chanm nou te rezève nou pa t itilize yo. Si gen anpil moun nan moman n ap tcheke pou nou antre nan otèl la oubyen lè n ap tcheke pou n soti, nou dwe demontre pasyans ak jantiyès (Kol. 4:6). Nou dwe bay moun ki sèvi nou nan restoran yo, moun ki pot malèt nou nan otèl la, moun ki netwaye chanm nou ak moun ki rann nou lòt kalite sèvis yon ti kòb rezonab kòm tep pou sèvis yo ban nou.
11. Ki egzanp ki montre lè nou gen bon konduit antanke kretyen sa bay yon bon temwayaj?
11 Lè nou gen yon bon konduit pandan kongrè a, ki enpresyon sa ka fè sou lòt moun? Nan yon atik yo te ekri nan yon jounal, men sa responsab yon lokal kote yo konn fè kongrè te di: “Moun yo vrèman janti. Nou kontan pou n kite yo itilize lokal la chak ane.” Ane pase te gen yon moun, ki pa Temwen Jewova, ki te pèdi bous li ki gen lajan ladan l nan yon otèl kote te gen kongresis ki te loje. Lè yo te pote bous la tounen bay responsab otèl la ak tout sa k te ladan l, men sa l te di mèt bous la: “Erezman pou ou otèl la te plen Temwen Jewova ki te loje ladan l pake yo t ap asiste yon kongrè yo t ap fè toupre a. Si se pa t sa, petèt ou pa t ap janm rejwenn bous la.”
12. Toutpandan kongrè a ap pwoche, ki objektif nou dwe fikse, e poukisa?
12 Kongrè pou ane sa a ap pwoche rapidman. Frè yo depanse anpil tan ak anpil enèji pou yo fè pwogram nan ankourajan pou tout moun e pou yo fè gen bon anbyans kote yo pral fè kongrè a. Se pou n fikse objektif pou nou nan kongrè a toule twa jou yo, epi pou nou prepare n pou n resevwa sa Jewova ak òganizasyon l lan sere pou nou. Pran detèminasyon pou n rekonfòte lòt moun lè nou demontre respè pou yo, lè nou pwofite bon konpayi frè ak sè yo e lè nou gen yon bon konduit. Konsa, ni nou menm ni lòt moun ka gen menm santiman ak yon sè ki te nan kongrè ane pase a. Men sa l te ekri: “Mwen pa sonje ki eksperyans mwen te viv ki te ban m plis satisfaksyon pase sa!”
[Antrefilè nan paj 4]
Menm jan nou abitye fè sa, twa semèn anvan kongrè distri a kòmanse n ap fè yon kanpay pou nou envite moun yo vin asiste l
[Antrefilè nan paj 6]
Abiman nou ak aparans nou dwe bay Jewova glwa, kit se nan kongrè a, kit se kote nou loje a, kit se nan yon restoran
[Antrefilè nan paj 7]
Pran detèminasyon pou n rekonfòte lòt moun lè nou demontre respè pou yo, lè nou pwofite bon konpayi frè ak sè yo e lè nou gen yon bon konduit
[Kare nan paj 4-7]
Rapèl pou kongrè distri 2011 lan
◼ Orè: Pwogram nan ap kòmanse a 9:20 a.m. toule twa jou yo. Pòt yo ap ouvri apati 8:00 a.m. Lè yo kòmanse pase mizik, nou tout ta dwe chita nan plas nou, yon fason pou pwogram nan ka kòmanse nan lòd ak diyite. Pwogram nan ap fini a 4:55 p.m. nan vandredi ak samdi e l ap fini a 3:40 p.m. nan dimanch.
◼ Pakin: Nan tout lokal kote y ap fè asanble, e se nou ki gen kontwòl pakin nan, w ap ka pake machin ou san w pa peye. Se moun ki vin an premye yo k ap jwenn plas pou yo pake machin yo. Se moun ki gen plak machin leta apwouve pou andikape oubyen moun ki gen papye ki di yo andikape ki ka pake machin yo nan zòn yo rezève pou moun ki andikape yo. An jeneral, pa gen anpil plas pou moun pake machin. Kidonk, nou ankouraje nou vwayaje ansanm nan menm machin si sa posib.
◼ Rezèvasyon plas: Rezève plas sèlman pou moun k ap viv nan menm kay avè w oubyen pou moun ki vwayaje nan menm machin avè w oubyen pou moun w ap etidye Labib avè yo pou lemoman. — 1 Kor. 13:5.
◼ Repa: Tanpri pote manje nou olye pou nou soti deyò al achte manje nan men machann yo nan poz midi a. Nou ka vin ak yon ti tèmòs n ap ka mete anba kote nou chita a. Men, anndan lokal kongrè a, yo pap aksepte nou vini ak gwo tèmòs, ak gwo glasyè, ak boutèy, ak bokal oswa ak nenpòt lòt resipyan ki ka kraze.
◼ Ofrann: Yo fè anpil depans pou òganize kongrè distri a. Nou ka montre nou rekonesan lè nou mete ofrann pou travay mondyal la nan bwat ofrann ki nan lokal kote y ap fè kongrè a. Moun k ap bay chèk kòm ofrann dwe fè yo sou non Association chrétienne les “Témoins de Jéhovah d’Haïti”.
◼ Aksidan ak ijans: Si gen yon ijans medikal nan lokal kote y ap fè kongrè a, tanpri kontakte yon manm nan sèvis akèy la ki nan zòn kote w ye a. L ap enfòme sèvis premye sekou a tousuit. Sèvis sa a ka chèche konnen gravite sitiyasyon an epi li ka pote èd li. Sèvis la ap rele nan *300 si se yon ka kolera. Konsa, n ap evite chaje rezo sant sante a avèk yon pakèt apèl. Nan lòt peyi yo, lè gen ijans, sèvis premye sekou a ap rele nimewo ijans pou peyi a, tankou 911 pou Etazini.
◼ Medikaman: Si gen yon medikaman doktè te preskri w pou w pran, tanpri mache ak kantite w ap bezwen an, sitou pap gen okenn medikaman k ap disponib nan kongrè a.
◼ Soulye: Chak ane, soulye moun met nan pye yo lakòz anpil aksidan. Pou nou ka mache an sekirite sou mach eskalye yo, sou wòch ak sou tout lòt kote, li pi bon pou nou mete soulye pla ki pa lach nan pye nou.
◼ Anrejistreman: Moun pa dwe ploge okenn aparèy sou sistèm elektrik ki nan lokal la oswa sou sistèm sonorizasyon an, e yo ta dwe sèvi ak aparèy sa yo yon fason pou yo pa deranje lòt moun.
◼ Sèvis volontè: N ap gen plis jwa toujou lefètke nou vin asiste kongrè a si nou bay tèt nou kòm volonte pou nou ede frè yo fè travay yo gen pou fè nan lokal lan (Tra. 20:35). Nenpòt moun ki ta renmen travay kòm volontè dwe pase nan sèvis volontè ki nan kongrè a. Timoun ki gen pi piti pase 16 an ka travay tou men fò yo travay anba direksyon paran yo oubyen moun k ap siveye yo a oubyen yo ka travay anba direksyon yon lòt granmoun paran yo oubyen moun k ap siveye yo a chwazi.
[Kare nan paj 5]
Ki jan nou pral ofri fich envitasyon an?
Pou nou ka rive kouvri tout tèritwa kongregasyon an, nou pa dwe di anpil pawòl. Pa egzanp nou ka di moun nan: “Bonjou. N ap distribye fich envitasyon sa yo bay tout moun, pou nou envite yo nan yon kongrè n ap fè [di moun nan dat kongrè a ak tout adrès la]. Fich sa a se pou ou nou pote l. W ap jwenn plis detay ladan l sou kongrè a.” Yo fè premye paj fich envitasyon an yon fason pou l eveye enterè moun yo. Se sa k fè, nou dwe bay moun nou rankontre a fich la pou l ka wè l. Se pou nou prezante fich la avèk antouzyas. Lè n ap distribye fich envitasyon an pandan wikenn nou ka tou ofri peryodik yo lè sa apropriye.