La Société du Monde Nouveau en action : Sa listwa rapòte
Etan w ap gade kasèt videyo fim sa a yo te fè an 1954, reflechi sou jan w ta reponn kesyon sa yo : 1) Nan ki objektif yo te fè fim sa a e ki travay fim sa a te fè ? 2) Ki piblikasyon Temwen Jewova yo pibliye ? Pou ki moun yo fè piblikasyon sa yo e poukisa ? 3) Konpare kantite La Tour de Garde y ap distribye jodi a ak kantite yo te konn distribye an 1954 ? 4) Nan dènye ane yo, ki jan nou vin modènize fason n ap enprime a ? 5) Ki sa k frape atansyon w nan kongrè entènasyonal ki te fèt an 1953 nan Yankee Stadium nan ? 6) Ki sa Karavànvil la te ye, e ki bagay estwòdinè ou te remake ladann ? 7) Ki sa k montre travay nou an se pa travay yon sèl peyi, yon sèl nasyon oswa yon sèl pèp ? 8) Ki efè lespri lanmou ki blayi sou òganizasyon Jewova a gen sou ou (Sòm 133:1) ? 9) Kiyès daprè ou menm ki ta kontan gade kasèt videyo sa a, pou yo wè sa listwa rapòte sou aktivite sosyete monn nouvo a nan ane 1950 yo ?