Enstwi, motive, fòtifye : yon seri zouti ki fèt egzakteman pou sa
1 Yo efikas anpil nan enstwi moun sou Bib la, nan enstwi moun sou Temwen Jewova. Yo deja motive anpil moun pou yo pran pozisyon pou laverite. Yo deja fòtifye lafwa pèp Bondye a, e yo ede l gen plis rekonesans. De ki sa n ap pale ? N ap pale de kasèt videyo òganizasyon Jewova a fè yo. Èske w gade toule dis kasèt sa yo deja ? Depi ki lè ? Èske w sèvi avèk yo nan predikasyon ? Nan kongrè distri ki fèk sot pase a yo te anonse gen yon 11yèm kasèt videyo ki soti. Li rele Toute la communauté de nos frères. Èske w gentan fè kòmann pou w jwenn youn ? Ki jan w kapab tire plis pwofi nan kokenn zouti sa yo ?
2 La Tour de Garde 1e jiyè 1999 te gen yon atik ki te rele : “ Étudions régulièrement la Parole de Dieu en famille ”. Nan atik sa a nou te jwenn konsèy pou nou “ pran yon ti tan nan etid familyal la pou nou gade yon bout nan youn nan kasèt videyo Sosyete a fè yo, kasèt ki aprann moun anpil bagay, [...] e [pou nou] pran yon ti tan pou nou kòmante l ansanm. ” Se te yon bon konsèy. E, ann amoni avèk sa, ap gen yon atik sou yon kasèt videyo nan pwogram reyinyon sèvis la, chak de mwa. Nou ankouraje tout moun nan kongregasyon an pou yo gade videyo yo pral pale de li nan reyinyon sèvis la, lakay yo, anvan lè a rive.
3 N ap kòmanse mwa sa a avèk premye kasèt nou te fè parèt la : Les Témoins de Jéhovah : un nom, une organisation. Gade l pou w wè si w ka reponn kesyon sa yo :
◼ Antanke ki sa moun plis konnen Temwen Jewova yo ?
◼ Tout sa k ap fèt nan Betèl gen rapò avèk yon pasaj nan Labib. Ki pasaj sa a ?
◼ Ki sèn biblik ou sonje w te wè yo t ap monte, yo t ap fotografye, yo t ap desine, ki t apral sèvi nan piblikasyon nou yo ?
◼ Ki sa ki enpresyone w nan fason piblikasyon nou yo prepare ?
◼ Konbyen piblikasyon Sosyete a te fè parèt ant 1920 ak 1990 ?
◼ Pami pèp Bondye a, kiyès sitou ki ta dwe fè efò pou yo kalifye pou sèvi nan Betèl ? — Pwo. 20:29.
◼ Nan ki sans fanmi Betèl la se yon bèl egzanp pou tout Temwen Jewova ?
◼ Ki sa ki enpresyone w konsènan travay k ap fèt nan Betèl la pou rive fè pi plis moun posib tande bon nouvèl la ?
◼ Ki kote yo jwenn kòb pou finanse travay mondyal la ?
◼ Ki aktivite nou kapab bay bonjan sipò ? N ap fè sa avèk ki etadespri ? — Jan 4:35 ; Tra. 1:8.
◼ Ki jan w twouve òganizasyon Temwen Jewova a ?
◼ Ki jan w kapab sèvi ak kasèt videyo sa a nan predikasyon ?
An desanm n ap egzamine kasèt videyo La Bible : un récit historique exact, des prophéties dignes de foi.