Kasèt videyo yo bay temwayaj avèk fòs
1 “ Pitit nou an te abitye gade kasèt videyo a depi anvan menm li te konn mache. Li kontinye gade l yon pakèt fwa. Ala bèl sa bèl pou nou genyen yon zouti konsa k ap ankouraje pitit nou yo renmen Jewova ! ” De ki kasèt videyo paran kretyen sa a t ap pale la a ? Se kasèt videyo ki gen tit sa a : Noé : il marchait avec Dieu. Yon manman pitit ki pa Temwen Jewova te gen pitit li ki gade kasèt videyo Noé a lakay yon lòt moun. Manman an te voye yon ofrann 90 dola ameriken bay filyal la, e li te mande si nou ka ede l jwenn lòt kasèt videyo menm jan an pou pitit li. Kasèt videyo òganizasyon Jewova a pwodui yo fè gwo efè ni sou jèn, ni sou granmoun.
2 Sèvi avè l nan fanmi nou : Apre yon fanmi Temwen Jewova fin gade kasèt videyo ki rele La fermeté des Témoins de Jéhovah face à la persécution nazie a, men sa manman an di : “ Mwen te medite tout lajounen sou fason Jewova te pèmèt yon seri moun ki pa diferan ak lòt moun, andire bagay difisil konsa. Etan m t ap reflechi sou sa, sa te fè m wè pwoblèm mwen rankontre yo parèt piti, lè w konpare yo ak sa moun sa yo te andire. Nou te gade kasèt videyo sa a ansanm avèk pitit nou, e sa te ede yo pi byen konprann nesesite pou yo apiye sou Jewova. Annapre, nou fè kòmantè sou kasèt videyo sa a avèk yo. Sa vin fè nou kapab ede pitit fi nou yo pou yo pi byen pare pou yo fè fas ak kèlkeswa presyon, kèlkeswa pèsekisyon yo ta ka rankontre. ”
3 Sèvi avè l nan lekòl : Nan yon rapò yon jèn Temwen t ap fè, li te montre klas li a yon pati nan videyo kasèt Fermeté a. Anvan sa, pwofesè a te konn di li pa renmen Temwen Jewova yo. Apre l fin gade kasèt videyo a, li di : “ Fason mwen te wè Temwen Jewova yo vin chanje nèt. Mwen fè pwomès pwochèn fwa yo vin frape pòt kay mwen, m ap koute yo, epi m ap kòmanse fè yo etidye Bib la avèk mwen ! ” Ki sa ki fè li vin gen yon lòt enpresyon sou nou ? Ebyen, men repons li bay : “ Se vrè lanmou nou gen lakay nou avèk fidelite nou demontre. ”
4 Sèvi avè l nan ministè nou : Te gen yon sè ki te rankontre yon dam, yon dam ki te konn ezite pran piblikasyon nan men nou, malgre li te genyen plizyè kesyon li t ap poze tèt li sou nou ak sou kwayans nou. Sè a te retounen avèk kasèt videyo Les Témoins de Jéhovah : un nom, une organisation an, e li te pase l pou dam nan ansanm ak tout mari l. Sa te fè yon gwo efè sou yo toulede, e yo te dakò pou yo etidye Bib la. Se bonjan temwayaj yo te jwenn, ki fè yo kòmanse konfòme lavi yo pou yo fè volonte Bondye.
5 Èske w sèvi ak kasèt videyo nou yo kòmsadwa ?