Temwen Jewova yo òganize pou yo preche bon nouvèl la
Sa gen plis pase 100 an depi Temwen Jewova yo òganize pou yo preche bon nouvèl la. Se pi gwo kanpay predikasyon ki fèt sou latè. Nou preche mesaj sa a nan plizyè santèn lang e nan plis pase 230 peyi (Mat. 24:14). Poukisa travay sa a enpòtan? Kòman yo rive fè travay sa a sou tout tè a ? DVD ki gen tit: Les Témoins de Jéhovah: organisés pour proclamer la bonne nouvelle la reponn kesyon sa yo lefètke li pèmèt nou wè divès aspè nan aktivite entènasyonal k ap fèt la. Apre nou fin gade videyo a, egzamine kesyon ki vin apre yo.
Kòman videyo sa a ede nou gen plis apresyasyon pou: 1) efò òganizasyon Jewova a ap fè pou l simaye bon nouvèl la (2 Tim. 4:2)? 2) fanmi Betèl yo nan lemonnantye? 3) pwogram edikasyon yo mete sou pye pou fòme misyonè yo ak siveyan yo (2 Tim. 2:2)? 4) enpòtans pou nou egzamine yon vèsè biblik anvan nou kòmanse jounen nou epi pou nou prepare reyinyon yo chak semèn (Tra. 17:11)? 5) byenfè nou tire lè nou asiste reyinyon yo (Ebre 10:24, 25)? 6) benediksyon nou pral resevwa lè tè a vin yon paradi (Iza. 11:9)? 7) privilèj nou genyen pou nou patisipe nan travay rekòt k ap fèt la? — Jan 4:35.
Videyo sa a se yon bon zouti pou ede moun ki enterese yo vin konnen travay Temwen Jewova yo ap fè nan lemonnantye. 8) Ki lè li ta bon pou nou montre etidyan nou yo, fanmi nou, ak lòt moun videyo sa a? 9) Ki efè pozitif nou remake videyo sa a fè sou moun ki gade l yo?
Pandan n ap reflechi sou tout sa Jewova ap akonpli, nou vin gen menm santiman ak salmis la ki te di: “Ou menm, ou fè anpil bagay, o Jewova Bondye mwen an, wi, travay estrawòdinè w yo ak panse ou genyen pou nou yo. Nanpwen pèsonn ki ka konpare avè w.” (Sòm 40:5). Nou swete pou nou tout byen sèvi ak DVD sa a pou nou ede lòt moun vin apresye Jewova ak òganizasyon l lan.