Bon lizaj : se mak fabrik moun ki gen atachman pou Bondye
1 Moun pa fasil gen bon konpòtman jodi a. Poukisa ? Moun yo tèlman ap prese toutan, se ra pou yo sonje premye règ politès, tankou pou yo di “ silvouplè ”, “ mèsi ”, “ eskize m ”. Pawòl Bondye a te predi, nan dènye jou yo, moun yo t ap vin san lizaj pi plis toujou. Nou wè sa lè Bib la di moun yo t ava ‘ renmen pwòp tèt pa yo, yo t ava awogan, engra, yo pa t ap gen afeksyon natirèl, yo pa t ap metrize tèt yo, yo pa t ap renmen sa ki byen, epi yo t ap fè tèt di ’. (2 Tim. 3:1-4.) Tout sa se mak fabrik moun ki san lizaj. Kretyen yo, bò kote pa yo, dwe veyatif pou yo pa kite mank respè pou lòt moun, ki si tèlman gaye nan monn sa a, vin detenn sou yo.
2 Sa “ lizaj ” siyifi ? Bon lizaj siyifi : santiman lòt moun enterese nou anpil, epi nou gen kapasite pou nou viv an pè ak lòt moun. Lè yon moun gen bon lizaj, li gen konsiderasyon pou moun, li emab, li janti, li gen bon jan e li swa. Kalite sa yo, se lanmou pou Bondye ak pou pwochen ki ba yo jarèt (Lik 10:27). Sa pa koute yon moun anyen pou l sèvi ak kalite sa yo, men yo itil anpil pou amelyore kontak ak lòt moun.
3 Jezi Kris te kite yon egzanp ki bon nèt pou nou suiv. Li te toujou konn aplike Règ d ò a ki di : “ Jan ou vle moun fè pou ou, fè menm jan an pou yo. ” (Lik 6:31). Èske nou pa sezi pou wè fason Jezi te konn aji ak anpil konsiderasyon, ak anpil lanmou lè l te ansanm avèk disip li yo (Mat. 11:28-30) ? Se pa nan liv li te aprann bon lizaj. Sa te sòti nan kè li ki te sensè, ki te donan. Nou ta dwe chèche imite bèl egzanp li a.
4 Ki lè kretyen bezwen montre yo gen bon lizaj ? Èske se nan kèk okazyon espesyal, pou fè moun wè ? Oswa èske se sèlman lè yo bezwen enfliyanse lòt moun ? Non ! Nou ta dwe montre nou gen bon lizaj toutan. Nan ki domèn espesyalman nou ta dwe gen bon lizaj pandan n ap frekante nou youn lòt nan kongregasyon an ?
5 Nan Sal Wayòm nan : Sal Wayòm nan se kote n al adore. Se Jewova ki envite nou vin la. Nan sans sa a, nou se envite Jewova (Sòm 15:1). Èske nou bay bon egzanp lè nou vin nan Sal Wayòm nan ? Èske nou veye sou aparans nou, sou fason nou abiye ? Nou ta dwe chèche evite mete nenpòt ki rad, oswa rad k ap lemante moun. Keseswa lè y ap asiste kongrè oswa nan reyinyon yo fè chak semèn, pèp Jewova a bay aparans moun ki fè konnen yo gen lareverans pou Bondye (1 Tim. 2:9, 10). Nan fason sa a, nou demontre bonjan konsiderasyon ak respè ni pou Bondye nan syèl la ki envite nou an, ni pòu lòt envite yo tou.
6 Yon lòt fason nou ka montre bon lizaj se lè nou rive alè nan reyinyon yo. Nou rekonèt sa pa toujou fasil. Gen moun ki abite lwen Sal Wayòm nan. Gen lòt ki dwe ede anpil moun nan fanmi yo pou yo prepare yo pou y al nan reyinyon. Toutfwa, nan kèk kongregasyon, anviwon 25 pousan pwoklamatè pran abitid rive apre yo fin chante, apre yo fin priye. Se yon bagay ki grav . Li bon pou nou sonje sa, bon lizaj makònen ak enpòtans nou bay santiman lòt moun. Se Jewova, ki envite nou lakay li, e se li ki fè aranjman pou nou benefisye anpil manje espirityèl. Lè nou rive nan reyinyon yo alè, nou demontre nou konn apresye e nou bay santiman Jewova enpòtans. Fò n pa bliye tou, lè nou rive an reta nan reyinyon, sa distrè lòt moun, e se manke respè pou moun ki nan asistans lan.
7 Èske nou bay nouvo ki nan asistans lan atansyon nou ? Bon lizaj mande tou pou nou fè yo konnen nou kontan wè yo (Mat. 5:47 ; Wom. 15:7). Lè nou salye yo avèk jantiyès, nou ba yo yon bèl ponyen lanmen, nou ri avèk yo, se bagay òdinè, men, sa konte pou yo ka idantifye nou kòm vrè kretyen (Jan 13:35). Men sa yon mesye ki te vin nan Sal Wayòm pou premye fwa te di : “ Nan yon sèl jou, mwen te rankontre plis moun ki renmen moun, pase sa mwen konn rankontre nan legliz kote m te leve a, alòske moun sa yo mwen fèk sot rankontre yo pa t konnen m avan sa. Pa t gen dout sou sa, mwen te jwenn laverite a. ” Kòm rezilta, li bay lavi l yon lòt direksyon, e sèt mwa apre, li batize. Bon lizaj ka fè gwo efè sou moun toutbonvre !
8 Si nou demontre bon lizaj devan etranje nou rankontre, èske nou pa ta dwe aji konsa “ sitou ak moun ki paran nou nan lafwa ” ? (Gal. 6:10.) Nou dwe aplike prensip ki di : “ Ou dwe demontre konsiderasyon pou gason [oswa fi] ki vye granmoun. ” (Lev. 19:32). Nou pa dwe janm bliye moun sa yo nan reyinyon nou yo.
9 Koute avèk anpil atansyon : Nan reyinyon kongregasyon yo, lè minis kretyen Bondye yo ap pale, se kado espirityèl y ap ban nou pou bati nou (Wom. 1:11). Nou ta demontre nou san lizaj si se kabicha n ap kabicha, si n ap fè bri lè n ap moulen chiklèt, si n ap plede pale nan zòrèy moun ki bò kote nou, si n ap fè vayevyen al nan twalèt san nesesite, si n ap li lòt bagay ki pa gen rapò ak sa y ap pale a, oswa n ap fè nenpòt lòt bagay pandan reyinyon an. Ansyen yo dwe bay bon egzanp nan domèn sa a. Bon lizaj nou genyen kòm kretyen pral pouse nou pou nou demontre nou respekte oratè a ansanm ak mesaj biblik li a, lè nou ba li tout atansyon nou.
10 Anplis, si nou gen konsiderasyon pou oratè a ak oditwa a, n ap veye pou nou pa kite pedjè oswa telefòn selilè ap deranje reyinyon nou yo.
11 Èske pitit nou gen lizaj ? Paran yo ta dwe toujou ap veye konduit pitit yo. Si yon timoun kòmanse kriye oswa li vin ajite pandan reyinyon an, epi sa ap deranje lòt moun, li bon pou w mennen timoun nan deyò san pèdi tan, pou w kalme l. Pafwa, sa pa fasil, men se pou w sonje ou dwe bay santiman lòt moun yo enpòtans. Paran ki gen tibebe ki gen tandans ajite souvan, ta dwe chwazi pou yo chita dèyè, yon fason pou yo pa deranje anpil moun si yo ta oblije deplase pandan reyinyon an. Natirèlman, moun yo ta dwe montre yo gen konsiderasyon pou fanmi sa yo, lè yo kite plas dèyè yo lib pou moun ki ta vle itilize yo nan sans sa a.
12 Paran yo ta dwe konnen ki jan pitit yo ap aji ni avan ni apre reyinyon yo. Timoun yo pa ta dwe ap kouri anndan Sal la, paske sa ka lakòz aksidan. Si yo kouri arebò Sal Wayòm nan, sitou leswa, kote moun pa fin wè klè, yo ka lakòz aksidan fèt. Si n ap pale byen fò nan lakou Sal la, sa ka deranje vwazen yo, epi sa ka gen yon move efè sou adorasyon nou an. Paran ki fè tout sa yo kapab pou yo kontwole pitit yo ni anndan Sal la, ni deyò Sal la, yo merite felisitasyon paske sa fè li vin pi agreyab pou nou abite ansanm nan tèt ansanm. — Sòm 133:1.
13 Nan etid liv : Nou apresye bon akèy nou jwenn lakay frè ki mete kay yo aladispozisyon kongregasyon an pou yo fè reyinyon. Lè n al asiste reyinyon nan mezon prive, nou dwe demontre nou gen respè, nou gen konsiderasyon pou pwopriyete frè nou yo. Avan nou antre nan kay la, nou ta dwe pran san nou pou nou siye pye nou pou nou pa sal atè a oswa kapèt la. Se pou paran yo siveye pitit yo, pou yo asire yo yo rete nan zòn ki prevwa pou etid liv la. Menmsi gwoup nou reyini an piti, e anbyans lan pa twò estrik, nou pa ta dwe pran twòp libète lakay moun nan. Si yon timoun bezwen al nan twalèt, paran l ta dwe akonpaye l. Anplis de sa, piske etid liv la se yon reyinyon li ye tankou tout reyinyon, nou dwe abiye tankou lè nou pral nan Sal Wayòm.
14 Bon lizaj se bagay ki esansyèl : Non sèlman lè nou gen lizaj kretyen sa fè yon bon efè sou ministè nou, men tou, sa fasilite bon relasyon avèk lòt moun (2 Kor. 6:3, 4, 6). Antanke moun k ap adore yon Bondye kè kontan, li pa ta dwe difisil pou nou ri ak lòt moun, pou nou montre nou gen bon jan, e menm pou nou rann yo ti sèvis avèk jantiyès, pou nou ede yo gen lajwa. Bon lizaj nou genyen an pral fè nou viv pi byen antanke moun ki gen atachman pou Bondye.