LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Fason pou w byen konpòte w devan pòt kay moun yo
Kretyen yo se yon “pyès teyat devan [...] monn nan”. (1Ko 4:9.) Se sa k fè nou pa dwe sezi lè gen kèk mèt kay k ap gade nou nan fenèt oubyen k ap koute sa n ap di dèyè pòt yo. Kay la ka menm gen kamera siveyans ak yon mikwo ki pèmèt mèt kay la gade sa n ap fè, koute sa n ap di epi anrejistre nou. Men kèk fason pou n byen konpòte n lè n devan pòt kay moun yo. — 2Ko 6:3.
KONDUIT NOU (Fp 1:27):
Montre w respekte kay moun yo lè w pa chèche gade anndan kay yo. Pinga w ni manje, ni bwè, ni rele moun sou telefòn oswa voye mesaj tèks bay moun pandan w devan pòt kay yon moun
PAWÒL NOU (Ef 4:29):
Pandan w devan pòt kay yon moun, pa di anyen ou pa ta renmen l tande w di. Gen kèk pwoklamatè ki ka menm prefere pa pale youn ak lòt pandan yo devan pòt kay moun nan yon fason pou yo ka byen reflechi sou sa yo pral di