Kòmanse etid biblik nan papòt kay ak nan telefòn
1, 2. Ki jan nou ka adapte pwogram etid biblik nou yon fason pou nou ede moun ki okipe yo ?
1 Jodi a, se pa ti okipe moun yo okipe. Malgre tou, anpil nan yo enterese nan bagay espirityèl. Ki jan nou ka ede yo satisfè bezwen espirityèl yo (Mat. 5:3) ? Anpil pwoklamatè gen posiblite kòmanse etid biblik ak moun yo nan papòt kay yo oubyen nan telefòn. Èske w ka etann ministè w fason sa a ?
2 Pou kòmanse etid biblik, nou bezwen prepare pou nou montre moun yo kòman etid biblik la fèt depi nou jwenn opòtinite. Ki jan nou ka fè sa, e ki kote nou ka fè l ?
3. Poukisa li bon pou nou montre fason yon etid biblik fèt depi nan premye rankont lan, e kòman sa ka fèt ?
3 Nan papòt kay la : Lè w rankontre yon moun ki dispoze pale sou Bib la, annik ale nan yon paragraf ou te prepare alavans, tankou premye paragraf premye leson nan bwochi Bondye vle a epi kòmanse. Li paragraf la, egzamine kesyon an epi pale sou youn oubyen de nan vèsè biblik yo bay kòm referans yo. Byen souvan, sa ka fèt nan papòt kay la menm, nan senk a dis minit. Si moun nan apresye konvèsasyon an, pran randevou pou w vin egzamine pwochen paragraf la oubyen de lòt paragraf yon lòt lè. Nou ka jwenn plis sijesyon sou fason pou nou sèvi ak metòd dirèk pou nou kòmanse etid biblik, nan Ministè Wayòm janvye 2002, paj 6.
4. Ki jan nou ka kòmanse yon etid biblik nan papòt kay lè n ap fè yon vizit ?
4 Nou ka sèvi ak menm metòd la pou nou kòmanse etid biblik lè n ap fè vizit. Pa egzanp, nou ka prezante bwochi Bondye vle a epi nou atire atansyon sou non Bondye. Pou nou fè sa n ap sèvi ak leson 2, paragraf 1-2. Nan pwochen vizit la, nou ka pale sou sa Bib la di sou kalite Jewova yo, e n ap sèvi ak paragraf 3-4. Nan pwochen konvèsasyon an, nou ka egzamine paragraf 5-6 ak foto ki nan paj 5 lan pou nou montre fason yon etid biblik ka ede moun konnen Jewova. Tout sa ka fèt pandan nou kanpe nan papòt kay la.
5, 6. a) Poukisa gen kèk moun ki ka prefere fè etid biblik nan telefòn ? b) Ki metòd nou ka itilize lè n ap ofri etid nan telefòn ?
5 Nan telefòn : Gen kèk moun ki ka pi dispoze pou yo etidye Labib nan telefòn pase pou yo fè sa fas a fas. Gade ki sa ki te pase. Pandan yon sè t ap preche kay an kay, li te rankontre yon jèn dam ki gen pitit e ki okipe anpil nan travay li. Lè sè a pa t ka rive jwenn li ankò lakay li, li te deside telefone l. Dam nan esplike l li vrèman pa gen tan pou l pale sou Bib la. Sè a di l : “ Nan 10 oubyen 15 minit, ou ka aprann yon bagay nouvo, li mèt nan telefòn. ” E dam nan te reponn : “ Bon, si se nan telefòn oke. ” Sa pa t pran tan pou yon etid biblik regilye te fèt nan telefòn.
6 Èske kèk nan moun nou vizite yo ap dispoze fè etid nan telefòn ? Nou ka eseye metòd nou fèk sot pale la a, oubyen nou ka annik di : “ Si w prefere, nou ka pale sou Bib la nan telefòn. Èske sa ap pi bon pou ou ? ” Lè nou adapte pwogram etid biblik nou selon sitiyasyon moun yo, nou ka ede yo “ jwenn konesans Bondye bay la ”. — Pwo. 2:5 ; 1 Kor. 9:23.