Predikasyon nan telefòn bay bon rezilta
1 Objektif nou antanke Temwen Jewova se pa kontante nou preche bon nouvèl la men tou se pou nou bay tout moun nou kapab mesaj Wayòm nan (Tra. 10:42 ; 20:24). Pandan predikasyon kay an kay la se prensipal fason pou nou jwenn moun yo, nou rann nou kont menm metòd sa a pa pèmèt nou kontakte tout moun. Konsa, pou nou ‘ akonpli ministè nou nèt ’, nou sèvi ak lòt metòd predikasyon, tankou predikasyon nan telefòn. N ap fè sa pou nou chèche moun ki sanble ak mouton. — 2 Tim. 4:5.
2 Nan anpil kote, moun yo ap viv nan apatman ki gen gwo sekirite. Y ap viv nan blòk rezidans ki gen anpil fanmi, oubyen nan kominote fèmen ak baryè ki gen sekirite nan antre a. Kote konsa, li difisil pou predikasyon tradisyonèl nou fè kay an kay la, rive atenn moun yo. Menm nan tèritwa nou kapab preche kay an kay yo, gen yon bon valè moun ki pa la. Sepandan, anpil pwoklamatè, lè yo kontakte moun ki abite nan rezidans sa yo nan telefòn, yo jwenn bonjan rezilta. Gen yon maten, pandan yon koup marye t ap preche kay an kay, yo pa t jwenn moun nan nèf kay. Apre yo retounen nan Sal Wayòm nan, yo chèche nimewo telefòn kay sa yo nan lis yon ànyè telefòn dapre adrès kay sa yo. Yo fè nimewo yo e yo jwenn moun nan uit ladan yo.
3 Èske nou ezite pou nou fè predikasyon nan telefòn antre nan ministè nou ? Men sa yon frè admèt : “ Mwen pa renmen pou pèsonn telefone m pou vin vann mwen kwakseswa. Konsa nan tèt mwen, m te gen yon blokaj konsènan fòm predikasyon sa a. ” Sepandan, apre sèlman de apèl nan telefòn, men sa l te di : “ Mwen renmen l. Mwen pa t janm kwè sa te ka rive, men mwen renmen l ! Moun yo alèz lè w ap pale avèk yo nan telefòn, e ou gen tou sa w bezwen sou lamen. Sa byen mache ! ” Gen yon sè ki te reyaji menm jan an, li di : Mwen pa t vrèman santi m chofe pou predikasyon nan telefòn. Pou m di laverite, mwen pa t vle fè li. Men, mwen te eseye l e mwen te twouve li bay anpil bon rezilta. Grasa predikasyon nan telefòn, mwen gen 37 vizit ak plis etid biblik pase sa mwen ka kondi ! ” Si w eseye predikasyon nan telefòn, ou menm tou, ou kapab jwenn bon rezilta.
4 Jan n ap òganize predikasyon nan telefòn nan : Se sou kontwòl siveyan sèvis la aktivite predikasyon kongregasyon an ye. Selon bezwen kongregasyon an, kolèj ansyen an kapab chwazi yon lòt ansyen oswa yon asistan ministeryèl ki gen konpetans. Se pou l travay sere kole avèk siveyan sèvis la pou òganize predikasyon nan telefòn nan. Frè ki reskonsab tèritwa a ta dwe ladann tou, piske se li ki pral bay tèritwa. Li ta dwe kenbe yon dosye ajou sou sa. Menm jan an tou, siveyan sikonskripsyon an ap enterese nan avansman pwogram nan.
5 Si gen zòn nan tèritwa pa nou nou pa ka rive preche kay an kay, se pou yo prepare tèritwa pou predikasyon nan telefòn. Frè ki reskonsab la pral byen prepare yon lis adrès ki dwe transfòme an tèritwa pou predikasyon nan telefòn. Se pou yo fè yo yon ti jan piti, yon fason pou yo travay yo regilyèman. Tout kat tèritwa ki gen zòn konsa ladan yo, ta dwe gen nòt sou yo pou presize ki pati ki rezève pou predikasyon nan telefòn.
6 Ki bò nou kapab jwenn nimewo telefòn yo ? Li posib pou nou jwenn yon ànyè telefòn ki gen lis adrès ak nimewo telefòn nan bibliyotèk piblik ki nan zòn nan. Si yon blòk rezidans ki gen gwo sekirite, gen lis telefòn pa l, petèt se la n ap kapab jwenn nimewo yo. Otreman, li posib pou se nan lis yo afiche nan antre a nou kopye non moun ki abite nan rezidans lan. E nou kapab chèche yo nan yon ànyè telefòn.
7 Ansyen yo kapab demontre yo enterese toutbon nan fòm travay sa a, grasa dispozisyon y ap pran pou moun ki gen eksperyans nan predikasyon nan telefòn fòme lòt moun. Petèt y ap fè sa nan kad pwogram “ pyonye ap ede lòt moun ”. Tanzantan, yo kapab rezève yon pati nan bezwen kongregasyon an nan reyinyon sèvis la, pou souliye bon rezilta fòm predikasyon sa a bay.
8 Lè ansyen yo ap fè vizit pastoral kay moun ki pa ka deplase oswa ki enfim, yo kapab veye pou yo ankouraje moun sa yo patisipe nan predikasyon nan telefòn. Petèt yon ansyen kapab fè de ou twa apèl, pandan pwoklamatè a ap suiv. Apresa, pwoklamatè a kapab byen kontan tou pou l fè yon apèl. Anpil frè ak sè te kòmanse konsa. Yo annik pase kèk minit chak jou nan aktivite sa a, e yo vin renmen l toutbon.
9 Sijesyon pou nou jwenn bon rezilta : Lè Jezi te voye disip yo preche, li “ te voye yo devan l de pa de ”. (Lik 10:1.) Poukisa ? Li te konnen pandan yo t ap travay ansanm, youn t ava aprann nan men lòt, youn t ava ankouraje lòt. Menm bagay la valab tou pou predikasyon nan telefòn nan. Pandan n ap travay de pa de, youn kapab aprann nan men lòt. Nou kapab pale de rezilta nou jwenn, epi youn kapab fè lòt sijesyon sou konvèsasyon li pral fè a. Menm pandan y ap pale nan telefòn, youn kapab ede lòt twouve enfòmasyon ki apwopriye.
10 Pou nou kapab byen reflechi epi pou nou kapab byen konsantre nou, se pou nou chita kote nou kapab mete sa nou bezwen pou predikasyon yo anfas nou. Se kapab : Bib, liv Comment raisonner, bwochi Bondye vle a, peryodik, elatriye. Se pou nou ekri kèk prezantasyon epi mete yo kote nou kapab wè yo. Prepare nou pou nou pran bonjan nòt ki egzak e ki byen detaye. Pa bliye dat ak lè nou te bay nan jounen an, dekwa pou nou konnen nan ki moman n ap pousuiv enterè nou jwenn nan.
11 Souvan, moun yo sou pinga yo lè yo tande yon vwa ki pa abityèl pou yo nan telefòn. Konsa, pale avèk chalè, defason amikal, e avèk tak. Se son vwa w sèlman moun nan genyen pou l anvizaje ki karaktè w genyen epi pou l wè si w sensè. Se pou w mete w alèz, epi pale ak tout kè w. Pale dousman, pale klè, e pale ase fò pou l tande w. Kite moun nan pale tou. Itilize non w ak siyati w, epi mansyone se nan zòn nan ou abite. Nou pa vle moun panse nou se moun k ap ofri machandiz. Montre moun nan se li menm ou rele pèsonèlman, olye pou w di w ap telefone tout moun ki abite nan tèl bilding patikilye oubyen tèl blòk.
12 Prezantasyon nan telefòn : Anpil entwodiksyon ki nan paj 9-15 nan liv Comment raisonner a kapab adapte pou predikasyon nan telefòn. Nou te kapab di : “ Mwen rele w nan telefòn paske mwen pa ka vin wè w pèsonèlman. Rezon ki fè mwen rele w se pou m mande w opinyon ou sou yon kesyon ki trè enteresan. ” Apresa, poze kesyon an.
13 Men jan nou kapab sèvi ak premye prezantasyon ki anba soutit “ Crime/Sécurité ” a : “ Alo. Mwen rele _____. M abite nan zòn nan. Ou pa bezwen pè, se pa vann m ap vann ni se pa ankèt m ap fè. Si m telefone w, se paske m gen sousi pou sekirite pa m ak sekirite pa lòt moun. Gen anpil krim ki fèt nan zòn nou an, e sa menase lavi pa nou tou. Èske w panse yon lè va vini tout moun ap kapab mache nan lari leswa, epi y ap santi yo an sekirite ? [Kite l reponn.] Kite m li ki sa Bondye pwomèt pou l fè. ”
14 Lè nou sèvi ak metòd dirèk pou ofri etid biblik nan telefòn, sa bay bon rezilta. Demonstrasyon etid la kapab fèt nan kèk minit. Ofri moun nan pou w vin vizite l lakay li pou kontinye etid la, oubyen si l ezite, ofri li pou w kontinye etid la pa mwayen telefòn yon lòt jou.
15 Lè n ap tèmine yon konvèsasyon, se pou nou di yon bagay k ap pèmèt nou swa vin vizite moun nan lakay li, swa poste yon piblikasyon voye pou li. Si moun nan ezite pou l ba w adrès li, ofri l pou w telefone l ankò. Sa kapab mande pou w fè plizyè apèl anvan pou l santi l alèz pou l envite w vin lakay li.
16 Pran inisyativ : Yon sè 15 an te fè yon kout fil pou l kòmanse matine predikasyon l. Li te pale ak yon dam ki te dakò pou l asepte yon liv Konesans. Lè sè a al pote liv la nan kay la, dam nan te vle konnen ki jan jèn sè a te fè konnen nimewo telefòn li piske nimewo a pa nan ànyè. Se twonpe sè a te twonpe lè l t ap fè nimewo a ! Madanm nan te asepte yon etid e kounye a li se yon pwoklamatè ki poko batize.
17 Yon sè te jwenn yon tèritwa pou predikasyon nan telefòn men li pa t rele pèsonn pandan twa semèn paske li te pè. Ki sa k te ba l kouraj pou l kòmanse ? Li te sonje atik Réveillez-vous ! 22 janvye 1997 la, ki gen tit : “ Lorsque je suis faible, c’est alors que je suis puissant ”. Atik la te pale de yon Temwen ki t ap preche pa mwayen telefòn, malgre li andikape. Sè a te di : “ Mwen te priye Jewova pou m mande l fòs. Mwen te mande l pou l fè m jwenn pawòl apwopriye pou m fè prezantasyon m nan. ” Ki rezilta li te jwenn nan premye jou li te pase ap preche nan telefòn ? Men sa l rapòte : “ Jewova te reponn priyè m. Moun yo te koute m byen, e mwen te fè aranjman pou m fè yon vizit. ” Apresa, preche l te preche nan telefòn nan te bay kòm rezilta yon etid biblik. Pou fini, li di : “ Jewova te aprann mwen, yon lòt fwa ankò, pou m mete konfyans mwen nan li, pou m pa mete l nan mwen menm. ” — Pwo. 3:5.
18 Prezante laverite pa mwayen telefòn vin tounen yon metòd pou preche bon nouvèl la ki bay bon rezilta. Se pou nou byen prepare, se pou nou patisipe ak tout kè nou. Pinga nou dekouraje si okòmansman, nou pa jwenn yon repons favorab. Priye pou nou mande Jewova dirije nou. Pale de enpresyon nou ak lòt moun ki konn patisipe nan fòm predikasyon enteresan sa a. Tout dezi nou se pou nou pa sote pèsonn nan tèritwa nou. Se pou nou akonpli ministè nou afon avèk ensistans. — Wom. 10:13, 14.