BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/03 p. 7
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Lè nou bay temwayaj nan telefòn, sa pote bon rezilta
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Predikasyon nan telefòn bay bon rezilta
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Valè “de ti pyès monnen” yo te genyen
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • “Fè Jewova kado kèk bagay”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 5/03 p. 7

Repons kesyon w yo

◼ Lè n ap preche nan telefòn, èske nou dwe pale de dispozisyon pou bay ofrann nan ?

Lè n ap preche yon moun fasafas, li ka posib pou nou esplike l travay edikasyon biblik Temwen Jewova yo ap fè nan lemonnantye a se ofrann volontè ki soutni l totalman e nou kontan resevwa ofrann nan sans sa a. Sepandan, nou pa ta dwe pale de ofrann ni de dispozisyon pou bay ofrann lè n ap preche nan telefòn, paske yo ka konprann kòmkwa se mande n ap mande nan telefòn. Travay predikasyon Temwen Jewova yo pa gen anyen pou wè ak biznis. — 2 Kor. 2:17.

◼ Lè n ap preche nan telefòn, ki sa nou dwe fè si yon moun ta mande pou Temwen Jewova pa rele l ankò ?

Nou dwe respekte volonte moun nan. Nou ta dwe mete yon nòt ki gen dat sou li avèk non moun nan ladan l nan anvlòp tèritwa a, yon fason pou pwoklamatè yo pa rele nan nimewo sa a ankò. Yon fwa pa ane, yo ta dwe regade lis moun ki mande pou yo pa rele yo. Siveyan sèvis la kapab deziyen kèk pwoklamatè ki gen eksperyans e ki gen tak pou yo kontakte moun sa yo. Se yon fason pou yo ka konnen si yo toujou kenbe menm pozisyon an. — Gade Repons kesyon w yo ki nan Ministè Wayòm jen 1994 (fransè).

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje