BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/01 p. 8
  • Detant fèt pou rete nan plas li

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Detant fèt pou rete nan plas li
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • Èske aktivite w fè pou w detann ou yo bon?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Itilize tan nou avèk sajès
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Pa kite anyen fè w pran distans ou ak Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • “Èske w renmen m plis pase sa yo?”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2001
km 8/01 p. 8

Detant fèt pou rete nan plas li

1 Nan jou difisil sa yo, nou tout nou bezwen ti chanjman nan aktivite nou detanzantan. Li nòmal pou nou chèche pran detant. Men, lè yon moun pase twòp tan ap amize l, twòp tan ak zanmi, sa kapab fè moun nan pase mwens tan nan aktivite espirityèl. Kidonk, nou dwe kite detant nan plas li (Mat. 5:3). Ki jan nou ka fè sa ? Se lè nou suiv konsèy nou jwenn nan Efezyen 5:15-17.

2 Mete yon limit ladann : Selon sa Pòl te ekri, kretyen yo ta dwe “ byen siveye ” pou yo wè si y ap mennen lavi yo yon fason ki saj. Yon moun dwe gen moderasyon ak metriz pou l rive limite kantite tan l ap pase ap detann li, selon sa ki nesesè. Li ta bon pou nou reflechi seryezman sou fason n ap itilize tan lib nou genyen. Lè nou pran yon ti detant, nou ta dwe santi li bon pou nou. Sa pa ta dwe fè nou santi se tan nou nou te pèdi oswa nou santi nou fatige apre sa. Si nou fin mennen yon aktivite, epi nou santi sa pa t itil nou anyen, nou pa satisfè, oswa nou santi nou koupab, petèt nou bezwen fè kèk chanjman nan fason n ap itilize tan nou.

3 Se pou nou rezonab : Pòl te ban nou konsèy pou nou “ rachte moman apwopriye a ” pou nou fè sa ki pi enpòtan nan lavi a, yon fason pou nou pa vin “ derezonab ”. Kretyen ki vwe lavi yo bay Jewova pa ka santre lavi yo sou detant. Menmsi yon ti repo, yon ti moman kote nou rilaks kapab ede nou reprann fòs fizik nou, se fòs aktif Bondye ki sous enèji espirityèl la (Iza. 40:29-31). Se pa nan pran detant nou resevwa lespri Bondye, men se lè n ap mennen aktivite teyokratik tankou etidye Bib la, asiste reyinyon, ale nan predikasyon.

4 Etabli sa ki priyorite : Pòl te konseye kretyen yo pou yo “ kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye ”. Jezi te montre nou nou ta dwe santre aktivite nou sou Wayòm Bondye a kòm bagay ki priyorite nou nan lavi a (Mat. 6:33). Bagay k ap pèmèt nou viv ann amoni ak ve nou te fè pou nou sèvi Jewova a, fòk nou degaje nou pou nou fè yo an premye. Annapre, moman detant kapab gen plas pa l. Lè nou aji konsa, detant lan ap gen yon bon efè, e n ap pwofite l pi plis. — Ekl. 5:12.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje