Itilize tan nou avèk sajès
1 Dezi nou genyen pou nou fè Jewova plezi pouse nou santre lavi nou sou aktivite espirityèl yo. Pawòl li a mande nou pou nou ‘ kontinye chèche wayòm nan an premye ’ e pou nou “ verifye bagay ki pi enpòtan yo ”. (Mat. 6:33; Fil. 1:10.) Ki jan nou ka rachte tan an favè enterè Wayòm nan epi pou nou kite aktivite ki gen mwens enpòtans yo nan plas yo ? — Efe. 5:15-17.
2 Mete aktivite Wayòm nan nan premye plas : Planifye tan nou yon fason pou nou pa gaspiye l nan aktivite ki pa nesesè. Nan kòmansman chak mwa, gen kèk moun ki prevwa nan kalandriye yo moman byen presi pou ministè a. E apre sa, yo veye pou yo pa kite lòt bagay anpyete sou pwogram sa a. Nou ka rachte tan menm jan an tou pou reyinyon, pou etid pèsonèl ak pou kongrè. Pwogram anpil moun genyen pou chak jou kòmanse oubyen fini ak lekti Labib. Rezève yon moman byen presi pou chak aktivite enpòtan, e pa kite lòt bagay ki pa nesesè pran plas la. — Ekl. 3:1 ; 1 Kor. 14:40.
3 Sèvi ak monn nan avèk mezi : Gen kèk peyi spò, divètisman, detant, pastan, ak lòt aktivite ankò se bagay moun jwenn byen fasil. Gen anpil moun ki pase yon tan egzajere ap gade televizyon oubyen devan òdinatè. Sepandan, si yon moun absòbe nan divètisman oubyen li anbarase tèt li ak nouvo aparèy monn sa a ofri, san mank, sa ap mennen l nan desepsyon. (1 Jan 2:15-17). Se sa k fè, Ekriti yo avèti nou pou nou pa sèvi ak monn nan nèt (1 Kor. 7:31). Si nou suiv konsèy saj sa a, nou anmezi pou nou montre Jewova se adorasyon l lan ki okipe premye plas nan lavi nou. — Mat 6:19-21.
4 Tan ki rete pou sistèm sa a prèske fini. Moun ki mete enterè Wayòm nan nan premye plas ap kontan e y ap jwenn favè Bondye (Pwo. 8:32-35 ; Jak 1:25). Kidonk, avèk sajès, annou sèvi ak resous enpòtan sa a nou genyen an : tan nou.