BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/06 p. 1
  • Ki sa w bay priyorite ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa w bay priyorite ?
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Sou menm sijè a
  • “Èske w renmen m plis pase sa yo?”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Èske aktivite w fè pou w detann ou yo bon?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Pa kite anyen fè w pran distans ou ak Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Itilize tan nou avèk sajès
    Ministè Wayòm nan — 2005
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2006
km 10/06 p. 1

Ki sa w bay priyorite ?

1 Ki jan w t ap reponn kesyon sa a ? Se sèten nou tout vle bay enterè Wayòm nan priyorite nan lavi nou (Mat. 6:33). Men, nou ta ka poze tèt nou kesyon sa a : ‘ Èske chwa mwen fè yo montre mwen fè sa ? ’ Men ankourajman Bib la ban nou : “ Kontinye teste sa nou menm nou ye. ” ​(2 Kor. 13:5). Ki jan nou ka teste sa nou menm nou ye pou nou wè si nou mete Wayòm nan an premye nan lavi nou ?

2 Fason nou itilize tan nou : Toudabò, nou ta kapab egzamine fason nou chwazi itilize tan nou (Efe. 5:15, 16). Ki kantite tan nou pase chak semèn nan aktivite sosyal, nan gade televizyon, nan navige sou entènèt oswa nan pastan ? Si nou ta note kantite tan nou pase nan bagay sa yo, e nou ta konpare l ak tan nou pase nan aktivite espirityèl yo, nou ta gendwa sezi. Èske nou pase anpil tan ap travay, san nou pa teni kont de sèvis sakre a, pou nou ka mennen yon vi nan liks ? Konbyen fwa nou sakrifye reyinyon yo oswa predikasyon pou nou soti nan wikenn al detann nou ?

3 Fikse priyorite : Pifò nan nou pa gen ase tan pou nou fè tout sa nou ta renmen fè (Efe. 5:15, 16). Kidonk, pou nou mete enterè Wayòm nan an premye nan lavi nou, nou bezwen fikse priyorite, epi apre sa, nou bezwen pwograme tan pou “ bagay ki pi enpòtan yo ”. (Fil. 1:10.) Sa gen ladan l : etidye Pawòl Bondye a, patisipe nan ministè a, pran swen fanmi nou, epi asiste reyinyon yo (Sòm 1:1, 2 ; Wom. 10:13, 14 ; 1 Tim. 5:8 ; Ebre 10:24, 25). Lòt aktivite tankou egzèsis fizik, ak detant ki sen, pwofitab pou nou tou (Mak 6:31 ; 1 Tim. 4:8). Men, bagay sa yo gen mwens enpòtans e nou dwe kite yo nan plas yo.

4 Gen yon jèn frè ki t ap chèche mete Wayòm nan an premye nan lavi l ki te antre nan sèvis aplentan olye pou l pousuiv gwo etid ki t ap pèmèt li fè yon karyè nan monn nan. Li te aprann yon lòt lang e li t al sèvi kote ki gen plis bezwen. Men sa l te deklare : “ M ap viv pi bon moman nan lavi m isit la. Ministè a tèlman rafrechisan ! Mwen ta renmen pou chak jèn ta fè yon chwa ki sanble ak chwa pa m nan e pou yo ta santi sa m santi a tou. Pa gen anyen ki pi bon pase sèvi Jewova ak tout sa nou genyen. ” Wi, lè nou mete Wayòm nan an premye nan lavi nou, nou jwenn benediksyon, men, sa ki pi enpòtan an sèke sa rejwi kè Jewova, Papa nou ki nan syèl la. — Ebre 6:10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje