BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/01 p. 4
  • Èske gen yon bagay ki anpeche nou preche ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske gen yon bagay ki anpeche nou preche ?
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • “Èske w renmen m plis pase sa yo?”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • ‘ Kontinye chèche wayòm nan an premye ’
    Adore sèl vrè Dye a
  • Se pou nou gen kè kontan pou travay di nou fè
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Ki sa w bay priyorite ?
    Ministè Wayòm nan — 2006
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2001
km 9/01 p. 4

Èske gen yon bagay ki anpeche nou preche ?

1 Pifò moun okipe anpil. Temwen Jewova yo pami moun ki toujou okipe. Yo gen Bib la pou yo etidye. Yo gen reyinyon pou yo asiste. Yo gen preche pou y al preche. Met sou sa, yo gen pou yo al nan travay, yo gen travay anndan kay, yo gen leson pou yo etidye oubyen devwa pou yo fè ak anpil lòt responsabilite, e tout aktivite sa yo pran tan. Pou moun ki responsab fanmi, se pa yon bagay ki fasil.

2 Piske anpil kote, lavi a pa fasil, moun ki gen kay sou kont yo dwe redi travay toutan pou yo ka rive viv. Lè yo nan yon travay ki egzije yo depanse anpil tan ak anpil fòs, ti tan ki rete pou y al preche a pa anpil. Gen kèk moun ki ka santi, piske yo oblije pran swen fanmi yo, se yon tikras tan sèlman yo ka pase nan predikasyon (1 Tim. 5:8). Nou pa ka nye sa, jodi a se anba anpil presyon moun ap chèche jwenn nesesite lavi a. Men, travay yon moun pa oblije vin yon baryè pou anpeche l preche bon nouvèl la (Mak 13:10). Se sa k fè, nou bezwen etidye sitiyasyon pa nou.

3 Piske monn nan se chanje l ap chanje, yon moun ki responsab fanmi te ka gen tandans pase twòp tan nan travay li, avèk objektif pou l mete anpil kòb sou kote pou sizoka (1 Kor. 7:31.) Lè yon moun nan plizyè travay, se vre sa kapab pèmèt li posede byen materyèl, oswa sa kapab pèmèt li pran plezi l pi plis, men èske se sa k ap fè fanmi an vin pi alèz ? Èske sa ap kontante yo vre si sa fè aktivite espirityèl yo soufri, e si sa anpeche yo asiste reyinyon ? Kanmenm, nou vle evite kèlkeswa bagay ki ta ka mete espirityalite nou an danje. Pi bon fason nou ka aji, se suiv pou nou suiv konsèy Jezi te bay lè l di pou nou “ anpile trezò nan syèl la ” e pou nou “ rich parapò ak Bondye ”. — Mat. 6:19-21 ; Lik 12:15-21.

4 Chèche enterè wayòm nan dabò : Jezi te aprann disip li yo pou yo mete kesyon espirityèl yo anvan tout lòt bagay. Li te ba yo yon egzòtasyon kote l di : “ Kidonk, pa janm enkyete nou pou n ap di : ‘ Sa n ap manje ? ’ oubyen : ‘ Sa n ap bwè ? ’ oubyen : ‘ Sa n ap mete sou nou ? ’ ” Poukisa li te di sa ? Men sa li esplike : “ Paske Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo. ” Si nou gen konviksyon sa a toutbonvre, pap gen anyen k ap anpeche nou fè rès sa l te montre a, lè l te di : “ Kidonk, kontinye chèche Wayòm nan ak jistis li dabò e y ap ajoute tout lòt bagay yo pou nou [an palan de sa nou bezwen pou n viv]. ” Se Bondye k ap okipe l de sa (Mat. 6:31-33) ! Se pa lemoman pou yon moun ta kite enkyetid pran tèt li, kòmsi pou l ap chèche rive nan lavi a oubyen pou l anvi byen mennen nan yon sistèm ki pral fini. — 1 Pyè 5:7 ; 1 Jan 2:15-17.

5 Premye objektif ki fè n ap travay se pou nou pran swen tèt nou materyèlman. Men, ki kantite bagay nou bezwen ? Men sa apot Pòl ekri sou sa, li di : “ Se sa k fè, piske nou gen manje ak rad, n ap kontante nou avèk bagay sa yo. ” Èske n ap bat pou nou gen plis pase sa ? Yon moun ki dèyè sa, ka peye konsekans lan, tankou jan Pòl bay avètisman an lè l di : “ Moun ki pran rezolisyon pou yo rich tonbe nan tantasyon, nan yon pyèj ak nan anpil anvi ki pa gen sans e ki bay chagren, ki lage moun nan destriksyon ak nan dezas. ” ​(1 Tim. 6:8, 9 ; Mat. 6:24 ; Lik 14:33). Ki jan nou ka rive konnen si gwo anvi anpare nou ?

6 Si se travay nou ki ta fè se yon ti kras tan sèlman nou pase nan predikasyon, oubyen si nou pa wè nesesite pou nou fè sakrifis pou bon nouvèl la, nou bezwen modifye sa nou bay priyorite (Ebre 13:15, 16). Si nou viv yon jan pi senp, sa ap ede nou chavire baryè ki anpeche nou preche pi plis la. Se enterè Wayòm nan nou toujou bezwen mete an premye parapò ak jan n ap sèvi ni ak tan nou, ni ak fòs nou.

7 Se pa yon travay n ap fè pou granmesi : Pòl ankouraje nou “ pou nou toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a paske nou konnen anrapò ak Seyè a nou pap travay pou granmesi ”. (1 Kor. 15:58.) ‘ Travay prensipal Seyè a ’ bay fè, se preche Wayòm nan e se fè disip (Mat. 24:14 ; 28:19, 20). Pou nou ka fè tout sa nou kapab ladan l, nou bezwen pwograme yon tan pou predikasyon chak semèn, e nou bezwen fè efò pou nou pa itilize tan sa a pou lòt aktivite (Efe. 5:15-17). Lè sa a, pa gen anyen k ap vin yon baryè pou ministè nou an, li te mèt se travay nou.

8 Lè nou bay tout nou menm pou nou pale moun de laverite, nou jwenn gwo kontantman ki genyen lè moun bay (Tra. 20:35). Lè se preche nou preche wayòm nan, sa fè nou ka tann sa k ap vini demen avèk konfyans, “ paske Bondye pa yon Bondye ki enjis kòmsi pou l ta bliye travay ak lanmou nou demontre pou non l ”. — Ebre 6:10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje