BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/01 p. 8
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2005
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2001
km 10/01 p. 8

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 15 okt.

“ Èske lèzòm ka kreye yon monn ki pi anfòm, yon monn kote moun ap viv ak plis kè kontan ? [Kite moun nan reponn.] Lèzòm deja eseye tout kalite gouvènman pou bagay yo ta amelyore. Men gade sa Bondye panse sou sa. [Li Jeremi 10:23.] Atik sa a ap ede nou jwenn kle k ap pèmèt moun viv ak kè kontan an. L ap fè wè ki jan sa pral fèt talè konsa. ”

Réveillez-vous! 22 okt.

“ W ap dakò avè m, jodi a moun sanble yo anba plis presyon pase lontan, pa vre ? [Kite moun nan reponn.] Bib la te predi sa. [Li 2 Timote 3:1.] Pou anpil moun, lavi a sitèlman difisil, yo pa ka lite ankò. Peryodik sa a bay bonjan ankourajman. Li montre ki jan nou ka sòti anba dekourajman, ki jan nou ka viv ak kè kontan. ”

La Tour de Garde 1ye nov.

Apre nou fin pale de yon evènman tèrib ki sot pase, mande moun nan : “ Poukisa moun fè mechanste konsa ? Nou tout, nou konn sa k byen ak sa k mal. Men sa pa anpeche moun toujou ap fè move bagay. Poukisa ? [Lè moun nan fin reponn, li Revelasyon 12:9.] Peryodik sa a eksplike ki jan nou ka pwoteje tèt nou lè nou toujou fè efò pou nou pa vyole konsyans nou. ”

Réveillez-vous! 8 nov.

“ W ap dakò avè m, n ap viv nan yon epòk ki gen anpil vyolans. [Lè moun nan fin reponn, li 2 Timote 3:3.] Byen souvan, se anndan fanmi menm yon seri aksyon makawon ap fèt. Atik sa a pale ki èd fanm y ap bat yo kapab jwenn. Li bay yon mesaj lespwa. Petèt ou ka pataje enfòmasyon ki nan peryodik sa a ak yon moun ou konnen. ”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje