Jan pou nou prezante peryodik yo
Toudegad 1ye oktòb
“ Èske w panse monn nan t ap miyò si tout moun te demontre yo pi enb ? [Kite moun nan reponn.] Remake sa Jezi te di konsènan kalite sa a. [Li Matye 23:12.] Atik sa a pale de enpòtans imilite genyen, menm nan monn sa a kote se yon etadespri konpetisyon k ap domine. ”
Réveillez-vous! Oktòb
“ Nou tout gen moun pa nou ki mouri. Èske w panse moun sa yo nan syèl la, y ap gade nou ? [Kite moun nan reponn.] Remake sa Jezi te di lè Laza te mouri. [Li Jan 11:11.] Lè w li atik sa a, w ap rive konnen si mò yo ap viv yon kote oswa si se dòmi y ap dòmi pandan y ap tann rezirèksyon. ” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 28 la.
La Tour de Garde 15 oktòb
“ Anpil moun santi lavni tèlman pa sèten, sa fè yo di li t ap pi bon pou yon moun viv pou leprezan sèlman. Ki sa w panse ou menm ? [Kite moun nan reponn.] Jezi te di pawòl enteresan sa yo. [Li Matye 6:34.] Peryodik sa a montre ki jan nou ka planifye avni nou e anmenmtan li montre ki jan nou ka evite enkyete nou yon fason egzajere konsènan lavni. ”
Réveillez-vous! Novanm
“ Lontan, souvan moun yo te konn chèche direksyon nan Bib la. Men kounye a, anpil moun di yo gen dout sou li. E ou menm, sa w panse ? [Kite moun nan reponn. Epi li 2 Timote 3:16.] Nimewo Réveillez-vous ! espesyal sa a bay prèv konvenkan ki montre se Bondye ki enspire Bib la. ”