Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 oktòb
“ Gen kèk moun ki kwè plis yo gen lajan se plis y ap satisfè ak lavi yo. Ou kwè se vre ? [Kite moun nan reponn.] Gade sa yon mesye ki te rich anpil te ekri. [Li Eklezyas 5:10.] Peryodik sa a pale de bagay ki gen plis valè pase richès materyèl. ”
Réveillez-vous! 22 oktòb
“ Anpil moun wè li enpòtan pou jèn yo resevwa bonjan fòmasyon depi yo toupiti. Èske w wè sa nesesè jodi a ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Pwovèb 22:6.] Réveillez-vous ! sa a pale de kèk bagay byen presi paran yo kapab fè pou yo ede pitit yo vin granmoun ki onèt e ki reyisi lavi yo. ”
Toudegad 1ye novanm
“ Anpil moun pa gen konfyans nan kapasite dirijan imen yo pou yo rezoud pwoblèm ki gen jodi a. Èske w panse gen yon moun ki kapab reyalize sa ki predi nan vèsè nou pral li la yo ? [Li Sòm 72:7, 12, 16. Apre sa, kite moun nan reponn.] Peryodik sa a esplike kiyès ki dirijan sa a yo anonse a, e ki sa l pral akonpli. ”
Réveillez-vous! 8 novanm
“ Èske w pa dakò jèn yo bezwen yo gide yo pou yo kapab reziste anba presyon yo rankontre jodi a ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Efezyen 6:4.] Peryodik sa a egzamine vrè sans disiplin genyen. Li pale tou sou fason paran yo kapab gide pitit yo epi korije yo, san yo pa dekouraje yo. ”