Jan pou nou prezante peryodik yo
Réveillez-vous! 22 oktòb
“ Èske w pa remake de jou an jou nou tande y ap pale de yon seri jèm maladi ki reziste anba medikaman ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine ki rezon ki fè sa e ki sa n ka fè pou nou pwoteje tèt nou. Li pale tou de pwomès Bib la fè konsènan yon monn kote pèsonn pap malad. ” Li Izayi 33:24.
La Tour de Garde 1ye novanm
“ Gen anpil desizyon nou pran k ap gen gwo enfliyans sou lavi nou. Ki sa ki ka ede nou evite pran desizyon ki pa saj ? [Kite moun nan reponn. Ansuit, li Pwovèb 3:6.] Nan Toudegad sa a n ap jwenn senk sijesyon ki baze sou Bib la k ap ede nou pou nou pran desizyon ki saj. ”
Toudegad 1ye novanm
“ Pafwa, nou tout konn jwenn moun ki trayi konfyans nou. Èske w pa janm mande tèt ou si gen yon moun nou ka fè konfyans ? [Kite moun nan reponn. Ansuit, li Pwovèb 3:5.] Peryodik sa a esplike poukisa nou ka mete tout konfyans nou nan Bondye. Li bay detay tou sou fason nou kapab rekonèt ki moun ki merite pou nou fè yo konfyans. ”
Réveillez-vous! 8 novanm
“ Pwodui ki sot nan petwòl touche prèske tout aspè lavi nou. Èske w janm reflechi sou ki jan lavi a t ap ye si pa t gen pwodui sa yo ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a pale sou fason petwòl fè vin gen tout enpòtans sa a nan sosyete nou an jodi a. Li esplike tou poukisa nou pa bezwen pè pou petwòl pa fini nèt yon jou. ”