BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/01 p. 5-6
  • Devlope kapasite pèsepsyon w !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Devlope kapasite pèsepsyon w !
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • Nouvo pwogram jounen asanble espesyal la
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Annou kontinye devlope kapasite konpreyansyon nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • “ Kontinye teste sa nou menm nou ye ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Èske nou bezwen gen yon kòmandman pou TOUT bagay?
    Èske nou bezwen gen yon kòmandman pou TOUT bagay?
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2001
km 11/01 p. 5-6

Devlope kapasite pèsepsyon w !

1 Dènye jou detrès sa yo kote nou ye la a, pote presyon ak gwo eprèv tout kalite chak jou pi plis sou pèp Bondye a toupatou (2 Tim. 3:1-5). Nou tout, nou bezwen ankourajman pou nou ka kenbe fèm nan lafwa (1 Kor. 16:13). Grasa èd Jewova ban nou, nou ka kenbe etan nou kontinye ap nouri nou ak Pawòl li a regilyèman, etan nou konte sou lespri sen li an, epi etan nou rete kole ak òganizasyon l lan. — Sòm 37:28 ; Wom. 8:38, 39 ; Rev. 2:10.

2 Pwogram jounen asanble espesyal ane pase a te chita sou tèm sa a ki te byen apwopriye : “ Montre nou se granmoun konsènan kapasite konpreyansyon. ” Li te baze sou 1 Korentyen 14:20, kote apot Pòl di : “ Frè, pinga nou vin timoun piti kanta kapasite konpreyansyon, men se pou nou vin tibebe kanta mechanste. Sepandan, se pou nou vin granmoun kanta kapasite konpreyansyon. ” Ki sa nou panse de pwogram nan ?

3 Apre asanble a, gen yon moun ki di : “ Ala ankourajan pwogram nan te ankourajan ! ” Yon lòt moun te di : “ Se egzakteman sa nou te bezwen ! ” Pawòl sa yo, se de nan kòmantè ki te fèt sou asanble a sèlman. Te menm gen yon moun ki pa Temwen Jewova, ki te vin nan jounen asanble espesyal la pou l asiste batèm pitit fi li ki gen 12 an. Ou konn sa l di ? Li di pwogram nan te fè efè sou li, e li te ka wè ki jan pwogram nan t apral bon pou fanmi pa l. Èske se te menm bagay pou ou ? Annou fè yon ti retounen sou kèk pwen enpòtan nan pwogram nan.

4 Nou bezwen gen konesans egzak pou nou devlope kapasite pèsepsyon nou : Oratè ki t ap ouvri sesyon an te fè diskou sa a : “ Se pou nou devlope kapasite konpreyansyon nou depi kounye a. ” Èske n sonje jan oratè a te ensiste sou sa nou bezwen fè pou n fè fas ak pwoblèm nou rankontre jounen jodi a ? Konesans entèlektyèl pa sifi. Nou dwe devlope, nou dwe ogmante kapasite nou genyen pou nou konprann Bib la, si se pa sa, tout mechanste sa a ki antoure nou an kapab pote nou ale. Pou nou gen konpreyansyon sa a, nou bezwen èd Bondye. Tankou salmis la te konn fè sa, nou dwe priye Jewova pou nou mande l pou l fè nou konprann lwa l yo ak rapèl li yo, yon fason pou nou ka sèvi l ak tout kè nou. — Sòm 119:1, 2, 34.

5 Annapre, siveyan sikonskripsyon an te montre ki jan Jewova sèvi ak Pawòl li ak òganizasyon li a, pou li “ ede nou vin granmoun konsènan konpreyansyon Bib la ”. Men ki jan yo te defini mo konpreyansyon an : “ Kapasite pou w gade anndan yon bagay, e pou w disènen sa ki fè bagay la, etan w byen konnen rapò chak pati genyen ak tout bagay la nèt, konsa ou vin konprann sa l vle di toutbonvre. ” Kiyès ki ka ede nou devlope kapasite sa a ? Jewova ban nou òm an kado, ki pou ede nou fè pwogrè espirityèl (Efe. 4:11, 12). Òganizasyon terès li a toujou ap mande nou pou nou li Pawòl Bondye a chak jou, e pou nou asiste tout reyinyon yo regilyèman (Sòm 1:2). Yo anseye nou ki jan pou nou sèvi ak Bib la, ki jan pou nou sèvi ak piblikasyon yo lè n ap fè etid pèsonèl, lè n ap fè etid familyal, e lè n ap prepare reyinyon yo oswa lè n ap prepare nou pou predikasyon. Èske w pwofite tout dispozisyon sa yo ? Èske w gen yon pwogram pèsonèl pou w li Bib la regilyèman ? Sa esansyèl pou w ka pwoteje tèt ou pou w pa viktim anba tandans monn nan, lamòd, filozofi, ak enfliyans k ap twonpe moun. — Kol. 2:6-8.

6 Nou dwe egzèse kapasite pèsepsyon nou : Premye diskou oratè vizitè a te fè a te gen tit sa a : “ Annou pwoteje espirityalite nou etan n ap egzèse kapasite pèsepsyon nou. ” Li te fè konnen moun ki nan monn nan pa ka distenge byen ak mal (Iza. 5:20, 21). Rezon an, se paske yo refize aksepte prensip dwat Bondye yo, e yo refize mete yo an pratik. Kanta nou menm ki jwenn fòmasyon nan òganizasyon Jewova a, nou rive konnen prensip Bondye yo, e yo sèvi nou kòm gid nan aktivite nou, nan konduit nou. Donk, nou gen mwayen pou nou pwouve tèt nou ki sa ki bon e ki akseptab nan je Jewova, e ki sa ki ann amoni ak volonte li a ki san fay. — Wom. 12:2.

7 Li bon pou nou toujou ap egzèse kapasite pèsepsyon nou, pou nou pa pran nan ide monn nan k ap lage moun nan konfizyon e ki pote move rezilta. Ki jan nou ka fè sa ? Nan Ebre 5:12-14, apot Pòl ensiste sou nesesite pou nou pa kontante nou ap nouri nou ak “ lèt ” pawòl la sèlman. Nou bezwen manje manje espirityèl ki solid, tankou sa nou jwenn nan etid liv nou fè chak semèn sou pwofesi Izayi a. Apresa, nou dwe tou pare pou n mete sa n ap aprann nan an pratik nan lavi nou. Lè nou aji konsa, nou vin gen konviksyon prensip ak règ Jewova yo bon pou nou. Sa fè nou egzèse kapasite pèsepsyon nou genyen pou nou distenge sa ki byen ak sa ki mal.

8 Sa byen regretab, gen kèk moun ki fè bak nan domèn espirityèl. Poukisa ? Paske yo pa konsantre atansyon yo sou sa ki bon e sou sa ki dwat nan je Jewova. Kòm rezilta, yo rive viktim nan koute moun k ap fè deba oswa entèvyou nan radyo, nan televizyon, e sa moun sa yo ap pale a pa ann amoni ak Bib la. Yo konn viktim tou nan koute vye mizik, oswa akòz move enfliyans yo jwenn nan fowòm bavadaj sou òdinatè. Lè nou aji avèk sajès, nou pap kite moun imoral, moun estipid oswa moun mechan enfliyanse nou. — Pwo. 13:20 ; Gal. 5:7 ; 1 Tim. 6:20, 21.

9 Jèn yo dwe “ vin tibebe an rapò avèk mechanste ” : Pwogram nan te gen de pati ki te ankouraje jèn yo espesyalman pou yo devlope kapasite pèsepsyon yo. Oratè yo te montre “ vin tibebe anrapò avèk mechanste ” siyifi rete san fè eksperyans, oswa rete inosan tankou tibebe, anrapò avèk bagay ki pa pwòp nan je Jewova (1 Kor. 14:20). Yo te ankouraje nou tout, pou nou veyatif anpil sou jan n ap itilize tan nou, yon fason pou nou evite ekspoze tèt nou nan tout kalite mechanste e pou nou pa kite yo detenn sou nou (Efe. 5:15-17). Yo te mande nou pou nou kontwole ki kantite tan nou pase ap fè lekti ki pap ede nou dirèkteman pou nou pi byen konprann bagay espirityèl yo. Èske w te fè sa ? Ki rezilta sa bay ? Se pou w deside, non sèlman pou w li Bib la chak jou, men tou pou w li tout sa òganizasyon an mete nan men nou. Si nou fè sa, nou tout, san wete jèn yo, n ap vin “ ranmase entèlijans ”. — Pwo. 4:7-9.

10 “ Mete prensip ki nan Bib la an pratik avèk entèlijans, sa ap nan avantaj ou ” : Se te tèm diskou final nan pwogram jounen asanble espesyal la. Oratè vizitè a te eksplike se Jewova ki Sous entèlijans k ap bay lavi a, e entèlijans sa a siperyè lontan pase entèlijans pa lèzòm. Eseye imajine ou gen posiblite pou w kapte kichòy nan entèlijans Jewova ! Depi yon moun ap chèche jwenn entèlijans Jewova ak tout kè l, epi l ap mande l li ak lafwa, Jewova ap ba li l san grate tèt (Pwo. 2:3-5, 9 ; 28:5.) Èske w pwofite òf sa a anplen ?

11 Yo te ankouraje nou pou nou aprann idantifye prensip yo etan n ap li Bib la (2 Tim. 3:16, 17). Etidye yo avèk atansyon pou nou ka gen yon entèlijans egzak sou sa Jewova ap di nou. Pran tan nou pou nou medite sou prensip sa yo e pou nou fè yo chita nan lespri nou ak nan kè nou. Sa pral fè nou egzèse kapasite pèsepsyon nou yon fason pou nou jwenn bon rezilta lè n ap pran desizyon nan lavi a (Joz. 1:8). Annou pran kèk sitiyasyon plizyè nan nou ap rankontre, epi annou wè ki jan lè nou aplike prensip ki nan Bib la, sa ka ede nou byen sòti ladan yo.

12 ‘ Èske m ta dwe adopte estil monn nan, nan fason m abiye m, nan aparans mwen ? ’ Tandans monn nan k ap suiv lamòd sou kesyon abiman ak aparans, reflete yon espri rebelyon. Mantalite sa a ankouraje moun yo pou yo abiye nenpòt jan, oswa yon fason ki pa bèl, oswa pou y ap kale kò yo. Ki prensip klè nou jwenn nan Bib la k ap ede nou kontrekare tandans sa yo ? Piske nou fè kapasite pèsepsyon nou travay, n ap medite sou prensip nou jwenn nan 1 Tim. 2:9, 10 la, ki ankouraje nou pou nou abiye “ avèk modesti e bon konprann, [...] nan yon fason ki tonbe daplon ak [moun] ki fè konnen yo gen lareverans pou Bondye. ” Nou ka jwenn lòt prensip nan 2 Korentyen 6:3 ak Kolosyen 3:18, 20.

13 ‘ Ki sa m ka fè pou relasyon ant manm fanmi m vin pi solid ? ’ Li enpòtan pou gen bon kominikasyon nan fanmi an. Jak 1:19 di nou : “ Tout òm dwe prese koute, li pa dwe prese pale, li pa dwe prese fè kolè. ” Piske kominikasyon se pa yon wout sans inik, moun k ap viv an fanmi fèt pou youn koute lòt, pou youn pale ak lòt. Menm si sa n ap di a se laverite, si nou di l yon fason ki rèd, avèk ògèy, oswa san nou pa konsidere efè sa ka fè sou lòt moun, n ap fè moun plis mal pase byen. Donk, kit nou se mari, kit nou se madanm, kit nou se paran, kit nou se timoun, “ se pou pawòl nou toujou gen cham, se pou l toujou sizonnen ak sèl. ” — Kol. 4:6.

14 ‘ Èske materyalis ap pran pye sou mwen ? ’ Youn nan presyon monn nan sèvi avè l pou konplike lavi moun se materyalis. Materyalis pap ede yon moun jwenn vrè kè kontan an (Ekl. 5:10 ; Lik 12:15 ; 1 Tim. 6:9, 10). Pou Jezi te ede nou evite pyèj materyalis la, men yon prensip enpòtan li te anseye nou : kenbe je w senp. Si nou vle mennen lavi nou yon fason ki ekilibre, ki pa konplike, se pou nou fikse je nou sou enterè Wayòm nan, e se pou nou mete tout lòt bagay pa dèyè. — Mat. 6:22, 23, 33.

15 Ki objektif nou ta dwe genyen : Pawòl Bondye a gen bonjan prensip dwat ki pou gide nou nan desizyon n ap pran nan lavi a. Nou bezwen aprann prensip sa yo, nou bezwen medite sou yo, nou bezwen konprann ki jan pou nou mete yo an pratik nan lavi nou. Donk, lè nou ‘ egzèse kapasite pèsepsyon nou pou nou distenge sa ki byen ak sa ki mal ’, sa ap bon pou nou, e n ap onore Jewova. — Ebre 5:14.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje