Nouvo pwogram jounen asanble espesyal la
“ Montre nou se granmoun konsènan kapasite konpreyansyon ”, se tèm pwogram jounen asanble espesyal la k ap kòmanse an septanm 2 000 (1 Kor. 14:20). Poukisa l pral pwofitab pou nou la ? N ap viv nan yon monn ki plen mechanste ak sa ki mal. Pou kenbe tèt kont sa, nou dwe devlope kapasite konpreyansyon espirityèl nou. Konsa avèk lebyen n ap ka venk lemal. Se sa pwogram jounen asanble espesyal la pral ede nou fè.
Nan premye sesyon an, siveyan sikonskripsyon an pral pale sou sijè sa a : “ Comment devenir des adultes quant à la compréhension de la Bible. ” Li pral montre nou jan pou nou vin estab nan lafwa antanke kretyen. Oratè vizitè a pral fè nou wè li esansyèl pou n sèvi ak prensip biblik yo oswa pou n mete yo an pratik pou n devlope yon bonjan vizyon. Tèm sijè l ap devlope a se : “ Protégeons notre spiritualité en exerçant nos facultés de perception. ”
Jèn yo tou dwe devlope kapasite konpreyansyon yo. Yo pral egzamine sa nan sijè sa yo : “ Pourquoi être des tout-petits pour ce qui est de la méchanceté ” ak “ Des jeunes qui acquièrent la compréhension dès maintenant. ” Tande jèn k ap di ki sa yo fè pou ranfòse espirityalite yo, defason pou yo kapab metrize nenpòt kiryozite pou bagay k ap fèt nan monn mechan an, epi pou yo evite dezagreman.
Ki jan pou n fè pou nou pi ere nan lavi a ? Oratè vizitè a pral esplike sa nan diskou konklizyon an : “ Appliquons les principes de la Bible avec intelligence — pour notre profit. ” Li pral bay egzanp pou montre lè nou mete Pawòl Bondye an pratik sa ede nou fè fas ak pwoblèm, sa ede nou pran desizyon, epi sa ede nou tire pwofi vrèman nan bagay Jewova ap anseye nou yo.
Moun ki vle batize nan asanble a kòm senbòl yo te vwe tèt yo bay Bondye, ta dwe enfòme siveyan prezidan an osito sa posib. Make dat jounen asanble espesyal la nan almanak ou osito yo anonse l, epi fè bonjan planifikasyon pou w pwofite kokenn pwogram sa a. Pa manke okenn pati nan jounen asanble espesyal la ! Li pral ba w fòs pou w andire nan sistèm pa bon sa a, epi pou w rete fidèl devan Jewova.