Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an
1 Alòske laprès ak anpil edikatè pwofàn bay byen materyèl yon pakèt pakèt enpòtans, Pawòl Bondye a di ‘ Se pou nou rich nan fè bèl zèv. ’ (1 Tim. 6:18). Sa a se tèm jounen asanble espesyal k ap vini an, yon asanble k ap kòmanse an septanm 2002. Ki ankourajman asanble sa a pral pote pou nou ?
2 Nan diskou sa a : “ Se pou nou rich nan je Bondye ”, non sèlman siveyan sikonskripsyon an pral ede nou konprann ki sa sa vle di, men tou li pral fè entèvyou ak kèk moun ki rive fè gwo gwo efò pou yo chèche jwenn richès espirityèl. Nan premye diskou oratè vizitè a ap fè pou jounen an, li pral montre ki jan pèp Bondye a ap reyalize “ Bèl zèv nan epòk rekòt la ”. Nou chak pral jwenn ankourajman pou nou wè ki jan nou ka patisipe pi plis toujou nan travay rekòt Bondye dekrete k ap fèt jodi a.
3 Se pa ti kontan nou kontan lè nou wè yon seri jèn kretyen ap fè efò pou yo jwenn richès espirityèl ! Sa glorifye Jewova e sa ede jèn yo poze baz pou lòt privilèj yo kapab jwenn demen. “ Ann felisite jèn yo pou bèl zèv y ap fè pou yo louwe Jewova ” se yon patisipasyon ki pral montre bèl travay jèn kretyen yo reyalize nan kongregasyon kote yo ye a.
4 Ki rezilta sa bay lè nou toujou bat pou nou fè bèl zèv ? Oratè vizitè a pral pale de sa nan dènye diskou li pral fè a. Tit diskou sa a se : “ Kontinye fè bèl zèv pou nou rekòlte benediksyon nan men Jewova ”. Li pral egzamine kat domèn kote nou rekòlte anpil benediksyon : 1) pèsonèlman, 2) antanke fanmi, 3) antanke kongregasyon, 4) antanke òganizasyon entènasyonal.
5 Moun ki deja vwe lavi yo bay Jewova, ap gen posiblite batize. Si ou pare pou w franchi etap sa a, fè siveyan prezidan kongregasyon w lan konn sa prese prese.
6 Kou yo fè sa, yo anonse dat asanble pa w la, pran tout dispozisyon pou w la. Fè efò pou w rive bonè. Sa ap pèmèt ou la pou chante kantik y ap chante pou kòmanse pwogram nan e sa ap pèmèt ou pa rate priyè y ap fè a. Si nou la nan tout pwogram jounen asanble espesyal la e si nou atantif, sa ap fòtifye nou pou nou kontinye mache nan yon chemen k ap fè nou rich toutbonvre nan je Bondye nou an, Jewova.