BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/01 p. 7
  • Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • Nouvo pwogram jounen asanble espesyal la
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Pwogram asanble espesyal pou ane 2010 la
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • ‘Manje ki sèvi nan bon moman’
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 2002
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2001
km 8/01 p. 7

Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an

Tèm pwogram jounen asanble espesyal pou ane sèvis k ap vini an, chita byen sou yon vèsè biblik. Men tèm nan : “ Soumèt nou devan Bondye. Opoze ak Dyab la. ” ​(Jak 4:7). Se yon konsèy ki fè sans nan tan difisil n ap viv la ! Obeyi n ap obeyi kòmandman Bondye yo vin mete nou fas pou fas ak Satan. Pwogram nan pral montre nou ki jan pou nou kenbe fèm devan plan Satan genyen pou l kraze lafwa nou. Ki trezò espirityèl konsa nou pral jwenn nan asanble sa a ?

Siveyan sikonskripsyon an pral bay yon diskou ki di : “ Manifestons la soumission conforme à la volonté de Dieu dans notre famille ”. Lè nou aji konsa, sa ap bay fanmi an jarèt pou l reziste ak presyon monn nan. Men tèm premye diskou oratè vizitè a : “ Ce que signifie s’opposer au Diable. ” Nan diskou sa a, li pral esplike poukisa e ki jan nou dwe montre nou gen kran pou nou ka reziste devan objektif Satan genyen pou l detwi espirityalite nou. Gen de pati nan pwogram nan ki fèt espesyalman pou jèn yo, ki dwe veye pou yo pa pran nan manèv Dyab la. Anpil kretyen ki granmoun kounye a te refize kite dezi ki nan monn nan rale yo pandan yo te jèn. N ap byen kontan tande yo k ap rakonte kèk nan eksperyans yo te fè.

Tout moun nan sosyete a dwe soumèt devan yon otorite. Nan diskou final la, oratè vizitè a pral fè resòti kat domèn kote nou dwe demontre nou soumèt devan Bondye : 1) devan gouvènman yo, 2) nan kongregasyon an, 3) nan travay nou, epi 4) anndan fanmi an. San mank, se yon pwogram k ap itil nou anpil anpil !

Moun ki vle batize nan jounen asanble espesyal la dwe enfòme siveyan prezidan an kou sa posib. Nou tout, nou mèt make dat jounen asanble espesyal la nan almanak nou epi fè bonjan planifikasyon pou nou la nan tout pwogram nan. Benediksyon n ap jwenn yo pral dire pou toutan, depi nou pa janm sispann soumèt devan Jewova.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje