BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/09 p. 1
  • Pwogram asanble espesyal pou ane 2010 la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram asanble espesyal pou ane 2010 la
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • ‘Manje ki sèvi nan bon moman’
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Yon nouvo dispozisyon sou fason pou yo fè revizyon pou asanble yo
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Pawòl Bondye a pisan
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Nouvo pwogram jounen asanble espesyal la
    Ministè Wayòm nan — 2000
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 8/09 p. 1

Pwogram asanble espesyal pou ane 2010 la

1. a) Ki tèm yo te devlope nan jounen asanble espesyal ki pase yo? b) Èske gen kèk pwen an patikilye nan jounen asanble espesyal ki pase yo ki te ede w nan ministè a?

1 “Verifye bagay ki pi enpòtan yo”, “Kenbe fèm antanke yon sèl twoupo”, “Kontinye rann temwayaj konsènan laverite”, “Nou se ajil, Jewova se Potye a”. (Fil. 1:9, 10, 27; Jan 18:37; Iza. 64:8.) Sa yo se sèlman kèk nan tèm yo te egzamine nan jounen asanble espesyal ki pase yo. Èske w ap tann jounen asanble espesyal pou ane sèvis 2010 la avèk enpasyans? Men tèm yo pral devlope ladan l: “Tan ki rete a vin pi kout.” Li soti nan 1 Korentyen 7:29.

2. Ki sa w ka fè pou w chofe lòt moun pou jounen asanble k ap vini an?

2 Kou yo anonse dat jounen asanble espesyal kongregasyon pa w la envite ladan l lan, kòmanse pale de jounen asanble a avèk antouzyas ak lòt moun. Gen kèk paran ki ede pitit yo pou yo chofe pou asanble yo lè yo make dat la nan kalandriye fanmi an, yo fè lis bagay chak moun nan fanmi an ap bezwen pote nan asanble a, e jou apre jou yo konte konbyen jou ki rete pou asanble a rive. Lè n ap fè adorasyon familyal, nou ka deside revize nòt nou te pran nan jounen asanble espesyal ki pase yo. Anplis de sa, nou ka prepare kè nou pou evènman sa a lè nou li liv Tirez profit de l’École du ministère théocratique, paj 13-16. Sa ap ede ou menm ak fanmi w “fè atansyon ak fason n ap koute”. — Lik 8:18.

3. Ki jan nou ka tire pwofi omaksimòm nan pwogram yo pral prezante nan asanble a?

3 Aplike sa nou aprann yo: Yon ekspresyon nou toujou tande nan fen asanble yo se: “Ala yon bèl pwogram!”. Sa se toujou laverite paske asanble yo fè pati pakèt dispozisyon Jewova pran pou byennèt nou (Pwo. 10:22). Pou enfòmasyon nou tande nan asanble yo rive pote fwi nan nou, nou dwe medite sou enfòmasyon sa yo e nou dwe sonje yo (Lik 8:15). Pandan nou sou wout ap tounen sot nan asanble a, pran yon ti tan pou nou pale sou pwogram nan ak fanmi nou oswa ak moun ki nan menm machin avèk nou. Nou youn ka pale ak lòt sou objektif nou fikse e sou pwen nou panse ki pral ede nou nan ministè a. Si nou fè sa, enfòmasyon nou te jwenn yo ap pwofitab pou nou pandan lontan apre asanble a. — Jak 1:25.

4. Ki sa k fè asanble sa a pral espesyal pou nou?

4 Lè nou resevwa yon kado ki pratik epi se egzakteman kado sa a nou te bezwen, nou santi nou gen valè nan je moun ki ban nou kado sa a. Èske nou pa enpasyan pou nou konnen sa Jewova sere pou nou nan jounen asanble espesyal k ap vini an? Nou sèten enfòmasyon nou pral jwenn yo ap itil nou nan tout domèn. Nou ka espere Jewova, Papa nou ki nan syèl la, pral ban nou egzakteman kado nou bezwen grasa ankourajman ak fòmasyon nou pral jwenn pou nou kontinye fè travay li konfye nou an. — 2 Tim. 4:2; Jak 1:17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje