BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/13 p. 2
  • Pawòl Bondye a pisan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pawòl Bondye a pisan
  • Ministè Wayòm nan — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Pwogram asanble espesyal pou ane 2010 la
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • ‘Manje ki sèvi nan bon moman’
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Nouvo pwogram jounen asanble espesyal la
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Pawòl Bondye a itil pou anseye
    Ministè Wayòm nan — 2013
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2013
km 8/13 p. 2

Pawòl Bondye a pisan

1. Ki tèm jounen asanble espesyal pou ane sèvis 2014 la?

1 Kontrèman ak nenpòt bagay lèzòm fè, Bib la gen pouvwa pou l transfòme lavi nou, pou l fè panse nou ak aksyon nou ann amoni ak volonte Jewova. Men, jis nan ki pwen Pawòl Bondye a pisan? Ki jan nou ka byen itilize pouvwa li genyen an nan lavi nou? Ki jan nou ka pi byen sèvi avè l pou n ede lòt moun? Yo pral egzamine pwen sa yo nan jounen asanble espesyal yo pral fè nan ane sèvis 2014 la. Nou sèten nou tout ap jwenn ankourajman nan domèn espirityèl. Men tèm asanble a: “Pawòl Bondye a pisan.” Nou jwenn li nan Ebre 4:12.

2. Pandan n ap koute pwogram asanble a, repons ki kesyon nou dwe chèche?

2 Chèche repons kesyon sa yo: Pandan w ap koute pwogram nan, make repons kesyon ki vin apre yo.

• Poukisa nou dwe fè Pawòl Jewova a konfyans? (Sòm 29:4).

• Ki fason nou kapab santi efè Pawòl Bondye a gen sou lavi nou? (Sòm 34:8).

• Ki jan nou kapab kite Pawòl Bondye a aji sou ministè nou? (2 Tim. 3:16, 17).

• Ki jan nou kapab veye kò nou pou n pa tonbe anba pouvwa monn Satan an genyen pou l twonpe moun nan? (1 Jan 5:19).

• Antanke jèn, ki jan w ka rive reyisi nan domèn espirityèl? (Jer. 17:7).

• Ki jan nou kapab vin gen pisans menm lè nou fèb? (2 Kor. 12:10).

• Ki bagay enpòtan k ap ede nou kontinye transfòme tèt nou menm lè n ap fè fas ak yon seri abitid oswa atitid ki byen anrasinen nan nou? (Efe. 4:23).

3. Nonsèlman nou dwe koute pwogram nan, ki lòt bagay nou ka fè pou n pwofite jounen asanble espesyal la?

3 Ala byenfè nou pral jwenn lè nou koute enfòmasyon enpòtan sa yo! Anplis de sa, menm jan ak asanble sikonskripsyon an ak kongrè distri a, jounen asanble espesyal la ap ban nou posiblite pou nou ouvri kè nou pou n pwofite konpayi frè ak sè ki pa nan kongregasyon nou (Sòm 133:1-3; 2 Kor. 6:11-13). Se sa k fè, nou dwe rezève tan pou n pase ak zanmi nou deja genyen yo e nou dwe pwofite fè lòt zanmi. Si yo asiyen yon siveyan distri oubyen yon frè nan fanmi Betèl la kòm oratè vizitè nan jounen asanble espesyal nou an, nou ka pwofite okazyon an pou nou byen akeyi ni li menm ni madanm li. Anfèt, nou gen anpil rezon pou n ap tann jounen asanble espesyal la avèk enpasyans!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje