BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/13 p. 1
  • Pawòl Bondye a itil pou anseye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pawòl Bondye a itil pou anseye
  • Ministè Wayòm nan — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Pwoteje lespri nou
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • ‘Se pou volonte Bondye fèt’
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Pawòl Bondye a pisan
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • ‘Manje ki sèvi nan bon moman’
    Ministè Wayòm nan — 2010
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2013
km 8/13 p. 1

Pawòl Bondye a itil pou anseye

1. Ki tèm asanble sikonskripsyon pou ane sèvis 2014 la e ki kesyon yo pral reponn nan pwogram nan?

1 Jewova, “gran pwofesè” nou an, se pi bon anseyan ki gen nan linivè (Iza. 30:20, 21). Men, kòman Jewova anseye nou? Li ban nou yon liv ki pi bon lontan pase tout lòt liv, se Pawòl li enspire a, Labib. Ki jan ansèyman Bondye bay la ka itil nou nan domèn fizik, mantal, afektif ak espirityèl. Nou pral jwenn repons kesyon sa yo, nan asanble sikonskripsyon pou ane sèvis 2014 la. Men tèm asanble a: “Pawòl Bondye a itil pou anseye.” Li baze sou 2 Timote 3:16.

2. Ki kesyon yo pral reponn nan pwogram nan k ap atire atansyon nou sou pwen kle yo?

2 Chèche pwen kle sa yo: Repons yo pral bay pou kesyon ki vin apre yo ap atire atansyon nou sou pwen kle nan pwogram nan:

• Ki efè ansèyman Bondye bay la gen sou lavi nou? (Iza. 48:17, 18).

• Si n ap chèche fè chanjman nan lavi nou pou n ka sèvi Jewova aplentan, ki asirans nou kapab genyen? (Mal. 3:10).

• Ki jan nou ta dwe reyaji lè n ap fè fas ak ‘ansèyman ki etranj yo’? (Ebre 13:9).

• Ki jan nou ka imite ‘fason Jezi te konn anseye’? (Mat. 7:28, 29).

• Poukisa moun k ap anseye nan kongregasyon yo dwe anseye tèt yo? (Wom. 2:21).

• Pou ki bagay Pawòl Bondye a itil? (2 Tim. 3:16).

• Ki jan “souke” Jewova ap souke nasyon yo gen efè sou moun yo? (Aba. 2:6, 7).

• Ki asirans Jewova gen nan nou? (Efe. 5:1).

• Poukisa nou dwe fè gwo efò pou n kontinye suiv ansèyman Jewova bay? (Lik 13:24).

3. Poukisa li enpòtan pou n asiste tout kongrè a e pou n byen suiv pwogram nan ki vini nan bon moman?

3 Nan kòmansman 2 Timote chapit 3 a, jis anvan apot Pòl te ekri pawòl ki sèvi tèm asanble a, li te dekri tan kritik ki t ap make dènye jou yo. Men sa l te ekri: “Moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam ap vin pi mal toujou, y ap twonpe moun e yo twonpe tèt yo.” ​(2 Tim. 3:13). Ala sa enpòtan pou nou koute ansèyman Bondye bay e pou nou aplike l dekwa pou yo pa twonpe nou! Se sa k fè, nou swete pou nou pran detèminasyon pou n asiste tout kongrè a e pou n byen suiv tout pwogram nan ki vini nan bon moman.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje