BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/11 p. 3
  • ‘Se pou volonte Bondye fèt’

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • ‘Se pou volonte Bondye fèt’
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Pwoteje konsyans ou
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • ‘Manje ki sèvi nan bon moman’
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Pawòl Bondye a itil pou anseye
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Koute epi aprann
    Ministè Wayòm nan — 2013
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 8/11 p. 3

‘Se pou volonte Bondye fèt’

1. Ki tèm jounen asanble espesyal pou ane sèvis 2012 la, e poukisa li bon pou nou egzamine sijè sa a?

1 Se grasa volonte Jewova nou te fèt (Rev. 4:11). Donk, nou t ap rate rezon prensipal ki fè Bondye te kreye nou an si nou pa aprann konnen sa Bondye vle nou fè e si nou pa fè l. Li pa toujou fasil pou nou fè volonte Bondye. Rezon an, se paske n ap goumen kont tandans nou genyen pou nou fè “yon seri bagay ni chè nou ni lide nou te vle nou fè” oubyen se goumen n ap goumen pou nou pa “fè volonte nasyon yo”. (Efe. 2:3; 1 Pyè 4:3; 2 Pyè 2:10.) San èd Bondye, ‘Dyab la te ka pran nou tou vivan pou nou fè volonte l’. (2 Tim. 2:26.) Pwogram jounen asanble espesyal pou ane sèvis 2012 la pral aprann nou chak sa nou ka fè pou nou travay ann amoni ak twazyèm egzòtasyon nou jwenn nan priyè modèl Jezi te bay la kote li te di: “Se pou volonte w fèt.” — Mat. 6:9, 10.

2. Ki kesyon yo pral reponn pandan pwogram nan?

2 Kesyon yo pral reponn: Toutpandan n ap koute pwogram nan, chèche jwenn repons kesyon sa yo: Ki lòt bagay enpòtan nou bezwen fè anplis tande Pawòl Bondye a? Ki jan n ap ka kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye pou nou? Poukisa nou dwe dispoze ede tout kalite moun? Kòman nou ka gen yon vi ki ban nou satisfaksyon? Nou menm jèn, ki sa nou bezwen montre Jewova? Ki rekonpans n ap jwenn lè nou fè volonte Bondye? Poukisa li esansyèl pou nou ede lòt moun bati lafwa yo e pou nou ankouraje yo?

3. Ki sa nou ka fè pou nou pwofite dispozisyon espirityèl sa a omaksimòm?

3 Nou dwe pran bonjan dispozisyon pou nou la nan asanble a e pou nou byen suiv pwogram nan. An jeneral, se yon reprezantan Betèl la oubyen yon siveyan itineran ki oratè vizitè a. Anvan pwogram nan kòmanse e lè li fini, nou mèt santi nou alèz pou n pale ni avè l ni avèk madanm li, si li marye. Lè nou tounen lakay nou pinga nou vin yon ‘moun ki tande epi ki bliye’ sa l te tande a. Antanke fanmi nou dwe fè revizyon sou sa yo te pale nan pwogram nan epi nou dwe egzamine kòman nou ka travay plis toujou pou nou aji ann amoni ak volonte Bondye. — Jak 1:25.

4. Poukisa li enpòtan pou nou bay volonte Bondye priyorite nan lavi nou?

4 Talè konsa Jewova pral detwi moun k ap chèche fè sa yo vle e ki refize soumèt anba volonte l (1 Jan 2:17). Ala kontan nou kontan lefètke Jewova prepare bonjan enfòmasyon sa yo pou nou nan bon moman dekwa pou l ede nou bay volonte l priyorite nan lavi nou!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje