Pwoteje konsyans ou
1. Ki tèm jounen asanble espesyal pou ane sèvis 2013 la, e poukisa yo fè pwogram sa a?
1 Chak jou, frè nou yo ap rankontre sitiyasyon ki ka fè yo pa suiv sa konsyans yo di yo. Se sa k fè pwogram jounen asanble espesyal pou ane sèvis 2013 la, k ap kòmanse 1ye septanm 2012, gen tèm: “Pwoteje konsyans ou.” (1 Tim. 1:19). Yo prepare pwogram sa a yon fason pou ede nou chak byen veye sou jan n ap sèvi ak gwo kado sa a Kreyatè a ban nou.
2. Ki kesyon enpòtan nou pral reponn pandan pwogram nan?
2 Chèche repons kesyon sa yo: Nan pwogram nan yo pral bay repons pou sèt kesyon enpòtan sou konsyans:
• Ki sa k ka mete konsyans nou an danje?
• Ki jan nou ka fòme konsyans nou?
• Ki jan nou ka fè pou nou pa responsab san pèsonn?
• Lè nou panse e lè nou aji ann amoni ak prensip ki nan Bib la, ki sa sa montre konsènan kalite moun nou ye nan fon kè nou?
• Ki jan nou ka evite blese santiman lòt moun nan kesyon ki gen rapò ak konsyans?
• Jèn, ki jan nou ka sipòte lè nou jwenn presyon pou nou pa obeyi prensip Bondye yo?
• Ki benediksyon nou jwenn lè nou suiv konsyans nou lespri Bondye ap dirije a?
3. Ki sa nou ka fè pou nou pwofite pwogram asanble a?
3 Grasa èd Jewova nou ka kontrekare efò Satan ap fè pou l kòwonp konsyans nou. Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou sèvi ak pawòl li epi ak òganizasyon l lan pou l di nou: “Men chemen an. Mache ladan l.” (Iza. 30:21). Pwogram sa a se youn nan mwayen Jewova itilize pou l ban nou direksyon. Se sa k fè nou dwe pran dispozisyon pou nou asiste tout pwogram nan. Se pou nou byen suiv pwogram nan epi se pou nou reflechi sou fason pou nou aplike sa nou pral aprann yo nan lavi nou. Pale sou sa nou aprann nan pwogram nan ansanm ak fanmi nou. Lè nou aplike enstriksyon nou resevwa yo, sa ranfòse detèminasyon nou genyen pou ‘konsyans nou toujou rete klè’. E sa ede nou pou nou pa kite plezi ki gen nan monn Satan an fè nou kite wout lavi a, plezi ki la pou yon ti tan. — 1 Pyè 3:16.