Manyen Pawòl Bondye a kòrèkteman
1 Alòske Filip t ap preche yon fonksyonè, li “ ouvri bouch li, e li kòmanse ak yon seri pawòl ki nan Ekriti a, li anonse l bon nouvèl la konsènan Jezi ”. (Tra. 8:35.) Filip te konn “ manyen pawòl verite a kòrèkteman ”. (2 Tim. 2:15.) Epoutan, jodi a, siveyan itineran yo remake gen anpil pwoklamatè ki pa sèvi fasil ak Bib la lè y ap preche. Èske ou menm ou sèvi ak Bib la nan predikasyon ?
2 Pawòl Bondye a se baz tout sa nou kwè, se baz tout sa n ap anseye (2 Tim. 3:16, 17). Se li menm ki atire moun sou Jewova e ki fòme yo pou lavi diran. Se sa k fè li enpòtan pou nou sèvi ak Bib la nan predikasyon olye pou nou kontante nou pale de sa ki enterese nou sèlman (Ebre 4:12). Kòm pifò moun pa konn anpil bagay sou Bib la, nou bezwen ouvri l, nou bezwen li ladan l, pou nou montre moun yo ki jan li kapab itil yo nan lavi a e ki bagay li fè konnen ki sere pou limanite.
3 Li nan Bib la dirèkteman : Ou gen dwa eseye al preche san valiz. Nan ka sa a, ou mèt mete kèk piblikasyon ou vle ofri moun yo nan yon katab, epi ou kenbe Bib la nan men w oswa nan pòch ou. Konsa, lè w ap pale ak yon moun, ou ka rale Bib la san w pa bay moun nan enpresyon se moral li w vin fè. Rete yon fason pou w pèmèt moun nan suiv avè w nan bib pa w. Ou ka mande l pou l li yon vèsè byen fò. Sa ka touche moun nan pi plis lè se li ki wè sa Bib la di a pou kont li, olye pou se tande li annik tande w ap li. Natirèlman, pou w ka ede l konprann sa vèsè a vle di, li bon pou w ensiste sou mo ki kore panse w ap devlope a.
4 Sèvi ak yon vèsè biblik : Apre w fin salye moun nan, ou ka di : “ Moun yo ap chèche divès kalite gid ki pou ede yo dirije lavi yo. Daprè ou menm, ki pi bon gid yon moun ka jwenn ? [Kite moun nan reponn.] Sa w panse de pawòl sa yo ? [Li Pwovèb 2:6, 7 epi kite moun nan reponn.] Sa tris pou w wè jan lèzòm manke sajès, e sa fè anpil moun dekouraje. Epoutan, sajès pa Bondye a toujou bay prèv se li ki bon pou nou, e nou ka fè l konfyans. ” Annapre, montre l piblikasyon n ap ofri a, epi atire atansyon l sou yon pwen ki demontre jan sajès Bondye ka itil nou nan lavi a.
5 Jezi te konn sèvi ak Pawòl ki ekri yo pou l ede moun ki gen bon kè yo (Lik 24:32). Pòl tou te konn sèvi ak Pawòl ki ekri yo pou l pwouve sa l ap anseye yo (Tra. 17:2, 3). Konfyans nou ak lajwa nou nan travay predikasyon an pral ogmante plis toujou tank n ap vin pi maton nan manyen Pawòl Bondye a kòrèkteman.