Annou chèche gen plis kè kontan nan predikasyon
1 Èske w santi w kontan lè w preche bon nouvèl la ? Si nou pa fètatansyon, monn mechan ki antoure nou an kapab fè nou mal pou preche, epi sa kapab fè nou sispann gen kè kontan. Lè n ap travay nan yon teritwa kote moun yo pa enterese, sa kapab dekouraje nou. Ki pwen nou ka sonje mete an pratik pou nou ka gen plis kè kontan nan predikasyon ?
2 Se pou nou pozitif : Li bon pou nou toujou gen yon atitid pozitif. Yon fason nou ka fè sa, se lè nou medite sou gwo privilèj sa a nou genyen an, privilèj pou nou tounen “ konpayon travay Bondye ”. (1 Kor. 3:9.) Jezi ansanm avèk nou tou nan travay sa a (Mat. 28:20). L ap soutni nou ansanm avèk lame zanj li yo (Mat. 13:41, 49). Donk, nou mèt sèten se Bondye k ap dirije efò n ap fè (Rev. 14:6, 7). Se sa k fè, kèlkeswa fason moun yo reyaji devan travay nou an, èd nou jwenn ki soti nan syèl la ap ede nou gen anpil kè kontan !
3 Se pou nou byen prepare : Yon lòt bagay ki ede nou tou pou nou gen kè kontan, se bonjan preparasyon. Sa pa mande anpil efò pou nou prepare nou pou predikasyon. Sa ka pran nou sèlman kèk minit pou nou egzamine yon pwen nan peryodik oswa nan piblikasyon n ap ofri pou mwa a, yon pwen k ap itil nou pou nou kòmanse konvèsasyon avèk moun yo. Nou ka sèvi avèk yon prezantasyon ki te deja parèt nan Ministè Wayòm, nan ribrik “ Jan pou nou prezante peryodik yo ”. Ale nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2002 a ki di : “ Entwodiksyon yo ban nou pou prezantasyon ”, oswa gade nan liv Comment raisonner a pou nou ka jwenn yon entwodiksyon ki efikas. Si nou santi nou jennen devan yon objeksyon moun yo abitye mete devan nou, prepare nou pou nou reponn daprè sa moun yo di e pou nou atire atansyon yo sou yon sijè k ap enterese yo. Liv Comment raisonner a itil anpil pou ede nou fè travay sa a. Lè nou sèvi avèk zouti sa a, sa ap ban nou konfyans nou bezwen pou nou preche ak kè kontan.
4 Lapriyè ak tout kè nou : Li esansyèl pou nou lapriyè pou nou ka kontinye gen kè kontan. Piske se travay Jewova n ap fè, nou bezwen sipliye li pou li ban nou lespri li. Youn nan fwi lespri a se kè kontan (Gal. 5:22). Jewova ap ban nou fòs pou nou kontinye preche (Fil. 4:13). Lè nou lapriyè pou predikasyon an, sa kapab ede nou rete pozitif lè nou rankontre sitiyasyon ki difisil (Tra. 13:52 ; 1 Pyè 4:13, 14). Si nou santi nou yon jan timid, lapriyè kapab ede nou pèsevere avèk kouraj, avèk kè kontan. — Tra. 4:31.
5 Kreye opòtinite : Natirèlman, nou preche avèk plis kè kontan lè nou gen posiblite jwenn moun pou nou preche. Nou ka jwenn pi bon rezilta toujou si nou varye pwogram nou yon fason pou nou ka vizite moun kay an kay, nan yon lòt lè, petèt aprèmidi nèt oswa lè l fèk ap aswè. Nou rankontre moun chak fwa n ap mache nan lari, lè n apral nan mache, lè nou monte machin oswa lè n al fè ti flannen sou yon plas piblik. Poukisa nou pa prepare yon entwodiksyon tou kout ? Poukisa nou pa pran inisyativ pou nou pwoche bò kote moun ki sanble yo amikal ? Nou ka kreye opòtinite nan travay nou, nan lekòl nou, kote nou jwenn moun pou nou pale chak jou. Ou gen dwa gen posiblite preche lè w poze yon kesyon ki baze sou Bib la, yon kesyon ki kapte enterè moun yo. Nou jwenn bonjan sijesyon nan kòmansman paj mitan Ministè Wayòm janvye 2002 a. Nenpòt nan efò sa yo nou sòt pale la a kapab ogmante degre kè kontan yon moun jwenn nan predikasyon.
6 Piske kè kontan ede nou pou nou andire, li enpòtan anpil pou nou kenbe l fèm. Si nou fè sa, n ap jwenn yon gwo rekonpans lè travay sa a, yon travay ki pa gen dwa janm rekòmanse, rive nan bout li. Panse n ap panse sou sa sèlman kapab fè nou gen plis kè kontan nan predikasyon. — Mat. 25:21.