BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/03 p. 8
  • “ Se pou nou sèvi Jewova avèk jwa ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Se pou nou sèvi Jewova avèk jwa ”
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Annou chèche gen plis kè kontan nan predikasyon
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Lajwa: Yon kalite Bondye ban nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
Ministè Wayòm nan — 2003
km 10/03 p. 8

“ Se pou nou sèvi Jewova avèk jwa ”

1. Ki sa ki kapab fè nou jwenn anpil jwa antanke sèvitè Jewova ?

1 Men sa apot Pòl te ekri : “ Toujou rejwi nou nan Seyè a. Yon lòt fwa ankò m ap di : rejwi nou ! ” ​(Fil. 4:4). Privilèj nou genyen pou nou pataje bon nouvèl la e pou nou ede moun ki sanble ak mouton pou yo vin adore Jewova se bagay ki ban nou anpil jwa (Lik 10:17 ; Tra. 15:3 ; 1 Tes. 2:19). Sepandan, sa ka rive nou pèdi jwa nan ministè nou. Ki sa nou ka fè lè konsa ?

2. Nan ki sans sa ka fè nou gen kè kontan, lè nou pa bliye kiyès ki konfye nou misyon nou an ?

2 Yon travay Bondye mande nou fè : Pa bliye se Bondye ki ban nou misyon pou nou preche. Wi, ala yon privilèj nou genyen pou nou sèvi kòm “ konpayon travay Bondye ” antanke moun k ap pwoklame mesaj Wayòm nan e k ap fè disip (1 Kor. 3:9) ! Jezi Kris avèk nou nan travay sa a, yon travay ki pap janm refèt ankò (Mat. 28:18-20). Zanj yo tou yo enplike nan travay la e yo fè tèt ansanm avèk nou nan gwo rekòt espirityèl k ap fèt kounye a (Tra. 8:26 ; Rev. 14:6). Labib ansanm ak eksperyans pèp Bondye a fè montre aklè se Jewova ki dèyè travay sa a. Konsa, lè n ap preche, nou pran devan “ kòm moun Bondye voye, devan je Bondye, an konpayi Kris ”. (2 Kor. 2:17.) Èske se pa yon kokenn rezon ki pou fè nou kontan ?

3. Ki wòl lapriyè jwe pou pèmèt nou kenbe jwa nou nan sèvis Bondye ?

3 Pou nou kenbe jwa nou nan sèvis Bondye, lapriyè se bagay ki esansyèl (Gal. 5:22). Piske se sèlman ak fòs Bondye nou kapab fè travay li a, nou bezwen mande l lespri sen li avèk konviksyon, e l ap bay moun ki mande l lespri a san grate tèt (Lik 11:13 ; 2 Kor. 4:1, 7 ; Efe. 6:18-20). Lè nou lapriyè pou ministè nou, sa ede nou kenbe yon bon pwennvi lè nou jwenn move reyaksyon, e sa pèmèt nou kontinye preche avèk kran, avèk kè kontan. —Tra. 4:29-31 ; 5:40-42 ; 13:50-52.

4. Montre ki jan yon bon preparasyon ka ede nou ogmante jwa nou nan predikasyon, e site kèk fason pratik nou ka fè sa.

4 Byen prepare : Lè nou byen prepare se yon fason pratik pou nou ogmante jwa nou nan ministè a (1 Pyè 3:15). Yon preparasyon konsa pa mande anpil tan. Sa pran kèk minit sèlman pou nou repase sijesyon nou toujou jwenn sou fason pou nou prezante peryodik yo, e se menm bagay tou lè nou prepare yon prezantasyon ki byen tonbe pou yon piblikasyon nou konte ofri. Si nou ta renmen jwenn yon entwodiksyon ki apwopriye, nou kapab gade nan liv Comment raisonner a oubyen nou kapab gade sijè ki nan ansyen Ministè Wayòm. Gen pwoklamatè ki twouve se yon bagay ki itil pou yo ekri yon prezantasyon tou kout nan yon ti moso papye. Tanzantan, yo fè yon ti gade nan papye a pou yo rafrechi memwa yo. Sa ede yo metrize tèt yo, e sa ba yo konfyans pou yo preche avèk kran.

5. Ki benediksyon lajwa pote ni pou nou menm ni pou lòt moun ?

5 Lajwa pote anpil benediksyon. Se yon kalite ki fè mesaj nou an vin pi atiran. Lajwa ban nou fòs pou nou andire (Ney. 8:10 ; Ebre 12:2). Sa ki pi enpòtan an, sèke sèvis n ap fè avèk jwa a glorifye Jewova. Kidonk, annou “ sèvi Jewova avèk jwa ”. — Sòm 100:2.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje