Predikasyon Wayòm nan : yon travay ki la pou sove lavi !
1 Nan moman sa a, se travay ki pi enpòtan k ap fèt sou tè a. Se yon travay Jewova Dye, Jezi Kris ansanm ak plizyè miryad zanj bay tout atansyon yo. De ki travay n ap pale ? Poukisa nou di li enpòtan ? N ap pale de predikasyon Wayòm nan, yon travay ki la pou sove lavi ! — Wom. 1:16; 10:13, 14.
2 Gen moun ki ka santi nou ta fè pi byen si nou te travay nan sans pou nou amelyore sitiyasyon monn nan. Anpil moun konsakre tout tan yo nèt nan efò y ap fè pou yo bay lapè. Genyen ki eseye jwenn remèd pou yon seri maladi. Gen lòt tou ki fè anpil efò pou amelyore sitiyasyon ekonomik monn nan. Men, an reyalite, ki sa lèzòm plis bezwen ?
3 Yon travay ki gen yon kokenn enpòtans : Se sèl mesaj Wayòm nan ki esplike bi lavi a. Se sèl li menm ki ede nou konprann ki sa ki lakòz moun ap soufri e se sèl li menm ki bay yon espwa sèten pou demen. Grasa bon nouvèl la, gen moun ki anmezi pou yo vin zanmi Jewova e, konsa, yo tou resevwa “ lapè Bondye a ki depase tout panse ”. (Fil. 4:7.) Si se pa t mesaj Wayòm nan, moun pa t ap konn ki jan pou yo fè pou yo degaje yo ak pwoblèm yo jwenn nan lavi a. E yo pa t ap konn ki sa pou yo fè pou yo chape lè monn mechan sa a va detwi. Èske yon mesaj konsa pa merite pou nou fè tout efò posib pou nou preche l ?
4 Annou pran yon egzanp. Sipozon tout moun ap dòmi nan yon ti vil pwovens e yo pa konnen yo an danje akòz rivyè nan zòn nan ki kòmanse desann. Ki pi bon fason yo ta kapab ede moun sa yo ? Èske se ta fè kèk kout pèl pou eseye fè rivyè a devye ? Èske se moman pou moun ta kòmanse anbeli ti vil sa a ki an danje a ? Non ! Ni youn ni lòt. Moun yo bezwen pou moun reveye yo, pou moun avèti yo sou malè pandye ki sou tèt yo a. Yo bezwen pou moun ede yo chape poul yo. Jodi a, gen gwo danje ki menase moun k ap dòmi nan domèn espirityèl (Lik 21:34-36). Piske, talè konsa, sistèm nan pral detwi, li ijan anpil anpil pou nou fè tout efò posib pou nou preche tout moun nou kapab ! — 2 Tim. 4:2 ; 2 Pyè 3:11, 12.
5 Yon travay ki mande pèseverans : Annou pwofite tout okazyon nou jwenn pou nou pote bon nouvèl la bay valè moun nou kapab, depi se moun ki gen bon kè. Gen dwa se moun nou jwenn lakay yo, nan lari, moun nou pale avèk yo nan telefòn, oswa yon fason enfòmèl. Travay Jewova konfye nou an se travay ki pi enpòtan ki egziste. Si nou fè travay sa a avèk zèl, n ap rive ‘ sove tèt nou ansanm ak moun k ap koute nou yo ’. — 1 Tim. 4:16.