BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/09 p. 1
  • Preche san pèdi tan!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Preche san pèdi tan!
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Kontinye preche san pèdi tan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Fason nou ka montre nou gen konviksyon li ijan pou n preche
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • “ Gran jou Jewova a pre ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • “ Preche pawòl la [...] ann ijans ”
    Ministè Wayòm nan — 2000
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 12/09 p. 1

Preche san pèdi tan!

1. Ki egzòtasyon Pòl te bay ki mande pou nou prete atansyon ak li jodi a?

1 “Preche pawòl la, fè sa avèk ensistans.” ​(2 Tim. 4:2). Poukisa egzòtasyon Pòl te bay la gen tout enpòtans sa a jodi a? Kòman pawòl sa yo ka enfliyanse lavi pa nou ansanm ak lavi lòt moun?

2. Poukisa nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou chèche rankontre moun ki poko tande bon nouvèl la?

2 Lavi moun yo konsène: Plizyè milyon moun toupatou nan monn nan poko tande bon nouvèl la, yon nouvèl k ap pèmèt yo jwenn delivrans (Wom. 10:13-15; 1 Tim. 4:16). Nou jwenn anpil moun ki gen kè sensè nan tèritwa nou preche souvan yo. Si nou pase nan jou ki diferan oubyen si nou pase nan lòt lè pandan jounen an, petèt nou ka rankontre lòt moun nan kay sa yo. Lè nou montre nou dilijan konsa, sa ap fè nou gen bon konsyans e nou pap responsab san moun yo. —Tra. 20:26.

3. Ki sa nou ka fè pou nou byen sèvi ak tan nou lè nou nan ministè a?

3 Malgre premye kretyen yo te rankontre gwo opozisyon, yo te ‘ranpli Jerizalèm ak ansèyman’ yo t ap bay la (Tra. 5:28). Èske nou detèmine pou nou bay yon “temwayaj konplè” menm jan avèk yo (Tra. 10:42)? Èske nou byen sèvi ak tan nou lè nou nan ministè a? Si gen yon sitiyasyon kote kèk pwoklamatè oblije tann pandan lòt pwoklamatè ap fè nouvèl vizit, èske yo pwofite pale ak moun k ap pase yo pandan y ap tann nan?

4. Lefètke nou preche san pèdi tan, kòman sa ka ede nou pou nou kontinye veye?

4 Ogmante vijilans nou: Piske fen sistèm sa a toupre, nou dwe rete vijilan, e nou dwe kontinye veye (1 Tes. 5:1-6). Lè nou pale ak lòt moun regilyèman sou esperans nou genyen nan Wayòm nan, sa ap fè nou evite kite bagay ki nan sistèm sa a tounen yon pwa lou pou nou (Lik 21:34-36). Yon lòt bò, piske nou toujou kenbe jou Jewova a “nan lespri nou”, nou santi nou pouse pou nou ogmante patisipasyon nou nan travay predikasyon an, yon travay k ap sove lavi moun. —2 Pyè 3:11, 12.

5. Lè nou gen respè pou lavi, kòman sa ka motive nou nan ministè a?

5 Lè nou preche san pèdi tan, nou demontre nou gen menm pwennvi ak Jewova sou lavi, li menm ki ‘pa ta renmen pyès moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti’. (2 Pyè 3:9; Eze. 33:11.) Nou swete pou nou pran rezolisyon pou nou kontakte plis moun posib nan tèritwa nou, e tout sa pou Jewova ka jwenn louwanj! —Sòm 109:30.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje