BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/02 p. 5
  • Annou konble bezwen espirityèl nou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou konble bezwen espirityèl nou
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • “ Koute epi [...] ranmase plis enstriksyon ”
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Koute epi aprann
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • “ Pawòl pwofetik Bondye a ” : Kongrè distri 1999
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Annou rasanble ansanm pou nou louwe Jewova
    Ministè Wayòm nan — 2003
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 5/02 p. 5

Annou konble bezwen espirityèl nou

1 Kongrè distri k ap vini an, ki gen tèm “ Moun ki zele nan preche Wayòm nan ”, ban nou yon bèl okazyon pou nou konble bezwen espirityèl nou. Menm jan yon bon plat manje ka fòtifye nou, grasa pwogram sa a, espirityèlman n ap byen “ nouri nan pawòl lafwa ” a (1 Tim. 4:6, Ford Porter). Pwogram nan ap pèmèt nou pwoche pi pre Jewova. Nou mèt atann n ap jwenn bon konsèy ak ankourajman k ap ede nou fè fas ak pwoblèm nou jwenn nan lavi a. Jewova ban nou asirans lè li di nou : ‘ M a louvri lespri ou sou anpil bagay. M a montre ou chemen pou ou swiv la. M a ba ou bon konsèy. M ap voye je sou ou. ’ ​(Sòm 32:8, Bib la). Ala kontan nou kontan paske nou gen yon Bondye ki renmen nou, k ap dirije nou nan lavi a ! Kounye a, annou reflechi sou kèk dispozisyon nou ka pran pou nou pi byen pwofite pwogram kongrè a.

2 Nou bezwen prepare kè nou : Nou chak gen responsablite pou nou pwoteje pwòp kè senbolik nou (Pwo. 4:23). Sa mande pou nou disipline tèt nou e pou nou onèt ak tèt nou. Kongrè a se yon moman pou nou reflechi sou relasyon nou genyen avèk Jewova, se yon tan pou nou ‘ fikse je nou sou lalwa ki bon nèt la, lalwa ki bay libète a ’. Nou bezwen prepare nou pou nou ‘ asepte pawòl Bondye plante nan kè nou ’. Nou dwe sipliye Jewova pou l egzamine nou, pou l ede nou dekouvri tout move panchan nan nou menm, wi, tout “ move chemen ” ki merite korije, e pou l mennen nou nan “ chemen ki la tout tan an ”. — Jak 1:21, 25 ; Sòm 139:23, 24, Bib la.

3 Aprann koute, aprann medite : Jezi te felisite Mari paske li te koute pawòl li avèk atansyon. Li te fè konnen ‘ Mari te fè bon chwa a, e yo pap janm wete l nan men li ’. (Lik 10:39, 42.) Si nou wè bagay yo menm jan ak Mari, nou pap kite nenpòt bagay san enpòtans fè nou distrè. Okontrè, n ap rete chita e n ap atantif pandan tout pwogram nan. Nou pap plede pale ni nou pap mache san nesesite. N ap veye pou nou pa distrè lòt moun ak telefòn selilè, pedjè, kodak, kamera elatriye.

4 Lè n ap koute diskou yo, li bon pou nou pran nòt tou kout, sa ka ede nou analize fason diskou a devlope. Konsa, n ap ka konpare sa nou tande a ak sa nou te konnen deja. Sa ap fè nou pi byen konprann sijè a e n ap pi ka sonje l. Lè n ap revize nòt nou pran yo, nou bezwen fè sa ak objektif pou nou aplike sa nou aprann yo. Li ta bon pou chak moun mande tèt li : ‘ Ki efè sa m sòt aprann nan genyen sou relasyon m avèk Jewova ? Ki chanjman mwen bezwen fè nan lavi m ? Ki jan m ka aplike enfòmasyon sa a nan fason mwen boule ak lòt moun ? Ki jan m ka sèvi avèk li nan predikasyon ? ’ Pale avèk lòt moun sou pwen nou te pi apresye nan kongrè a. Si nou fè tout bagay sa yo, sa ap ede nou kenbe pawòl Jewova yo “ nan mitan kè nou ”. — Pwo. 4:20, 21, Ford Porter.

5 Annou mete sa n ap aprann yo an pratik : Men sa yon delege te di apre li te fin asiste yon kongrè distri : “ Se yon pwogram ki vize nou chak. Li motive chak moun pou l egzamine sa li gen nan fon kè l, ak sa chak moun nan fanmi an gen nan kè pa l, e li ankouraje chak moun pou l sèvi ak Bib la pou l bay manm fanmi l èd li bezwen an avèk amou. Sa fè m vin pran plis konsyans se yon obligasyon mwen genyen pou m bay plis èd nan kongregasyon an. ” Anpil nan nou konn reflechi menm jan an tou, pa vre ? Men, nou pa ka kontante nou pou nou ranmase ankourajman nan kongrè a epi pou nou annik retounen lakay nou. Jezi te di : “ Kounye a nou konn bagay sa yo. Benediksyon pou nou si nou fè menm jan an tou. ” ​(Jan 13:17, Bib la). Kidonk, avèk dilijans, nou dwe mete tout konsèy ki aplike nan ka pa nou yo an pratik (Fil. 4:9). Se sa k ap pèmèt nou konble bezwen espirityèl nou yo nèt.

[Kare nan paj 5]

Reflechi sou sa w tande :

■ Ki efè sa genyen sou relasyon m ak Jewova ?

■ Ki enfliyans sa genyen sou fason mwen boule ak lòt moun ?

■ Ki jan m ka mete sa an pratik nan lavi m ak nan predikasyon ?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje