BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/02 p. 6
  • Annou chèche gen yon aparans respektab

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou chèche gen yon aparans respektab
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • Yon teni ki byen ranje montre nou gen respè pou Bondye
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Poukisa fason nou abiye ak aparans nou enpòtan?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Èske fason w abiye bay Bondye glwa?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 5/02 p. 6

Annou chèche gen yon aparans respektab

1 “ Tout gason yo mete kravat, menm timoun yo. Tout medam yo, tout jèn demwazèl yo, ni timoun piti, yo tout, yo mete yon wòb oswa yon jip. Pa gen pèsonn ki met abako, kòlèt pèsonn pa debraye. Tout moun souriyan. ” Pawòl sa yo soti nan yon rapò yon jounal te fè. De ki gwoup moun jounal la t ap pale la a ? Èske se te yon rasanbleman politik, oswa yon match foutbòl ? Èske se te yon dyaz ki t ap jwe ? Ni youn ni lòt. Yo t ap pale de yon gwoup frè ak sè ki t ap asiste yon kongrè distri ane pase.

2 Nan yon lòt kongrè, men ki jan yon jounalis te dekri Temwen yo : “ Tout mesye yo pwòp e yo mete vès ak kravat. Medam yo abiye yon fason modès, men yo bwòdè. ” Gen yon lòt obsèvatè, yon ajan sekirite, ki te di : “ Nou se moun ki gen bon konpòtman, nou respekte moun, e nou pwòp. Se bèl bagay ! Alòske monn sa a gen anpil salte, nou menm, nou pa tolere sa bò lakay nou. ” Ala bèl temwayaj ! Èske nou pa kontan pou tout felisitasyon sa yo frè nou yo jwenn ? Natirèlman, se grasa teni kòrèk tout Temwen yo ki fè nou jwenn konpliman sa yo.

3 Nan lemonnantye, yo vin rekonèt nou kòm moun ki diferan nan fason nou abiye (Mal. 3:18). Sa k fè sa ? Se paske nou suiv konsèy biblik ki mande pou nou ‘ fè bèbèl ak tèt nou nan yon teni ki byen ranje, ak modesti ak bonsans, yon fason ki ale ak moun ki di yo gen respè pou Bondye. ’ —1 Tim. 2:9, 10.

4 Ki mesaj aparans nou bay ? Sa nou mete sou nou, fason nou mete l sou nou, fè konnen kiyès nou ye toutbonvre. Yo montre nan ki sa nou kwè, yo devwale eta d espri nou ak objektif nou. Stil nou chwazi, fè konnen kiyès nou ye e nan ki kan nou kanpe. Nou pa dwe janm ap ankouraje panse ak konduit avilisan ki popilè nan monn sa a. Sa ki pi enpòtan, se pa pou nou konnen si yon stil alamòd, men se chèche konnen si li konvnab pou yon moun ki di li se minis Bondye (Wom. 12:2). Olye pou nou chwazi yon stil ki fè nou pase pou moun ki gen espri endepandans, oswa moun ki imoral, annou demontre nou se moun k ap “ bay Bondye glwa. ” — 1 Pyè 2:12.

5 Yon moun ki fèk ap frekante òganizasyon an, oswa ki pa gen eksperyans, oswa ki fèb nan domèn espirityèl gen dwa annik dakò ak tout sa monn nan ankouraje nan kesyon abiman ak kwafi. Li gen dwa pa menm reflechi sou efè sa genyen sou Jewova ak òganizasyon l lan. Nou tout, nou ta dwe egzamine tèt nou pou nou wè si lespri monn nan pa detenn sou nou. Nou ka al jwenn yon frè oswa yon sè moun respekte, e ki gen matirite espirityèl, pou nou mande l sa l panse de rad nou abitye mete. Nou ka mande l tou sa l panse de aparans nou an jeneral. Annapre, l ap bon pou nou reflechi seryezman sou sijesyon li ban nou.

6 Gen moun ki asepte san pwoblèm pou yo veye sou abiman yo lè yo pral nan kongrè. Sepandan, ou gen dwa wè yo bese nivo a lè y al pran yon ti detant apre kongrè a. Annou toujou kenbe yon wo nivo, yon nivo ki konfòm pou moun ki di yo se minis kretyen (2 Kor. 6:3, 4). Kèlkeswa kote nou prale, ensiy kongrè a ansanm ak yon teni kòrèk ap idantifye nou kòm Temwen Jewova. Donk, nou ta dwe toujou byen abiye, yon fason ki respektab, pou nou montre nou “ pa fè pati monn nan ”. — Jan 15:19.

7 Annou fè tout sa nou kapab nan kongrè distri ane sa a, “ Moun ki zele nan preche Wayòm nan ”, pou nou demontre nou se ‘ yon pèp ki sen pou Jewova Bondye nou an ’. Sa pral bay yon bèl enpresyon ki pral ajoute sou “ louwanj, repitasyon, ak bote ” Jewova. — Det. 26:19.

[Kare nan paj 6]

Fason pou nou bay Jewova glwa :

■ Pran yon teni ki ale ak moun ki minis Bondye.

■ Evite stil ki makònen ak lespri monn nan.

■ Aji avèk modesti, konsa n ap montre nou gen bonsans.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje