Repons kesyon w yo
◼ Poukisa nou bezwen pran prekosyon lè n ap ekri moun pou nou ba yo temwayaj ?
Ekri moun pou bay temwayaj se yon metòd ki deja fè prèv li. Men, akòz yon seri fenomèn ki vin ap pran pye nan monn nan, moun yo vin pridan ak yon lèt si yo pa konnen kote l soti. Lè yon moun resevwa yon lèt, epi li wè li pa konn moun ki voye l la oswa pa gen adrès moun nan sou anvlòp la, li ka pè ouvri l. Sa ka rive sitou si se yon gwo anvlòp, e si se alamen yo ekri sou li. Lè konsa, moun nan gen dwa tou jete anvlòp la san l pa menm ouvri l. Ki jan nou ka anpeche sa ?
Si posib, tape ni lèt la ni adrès n ap mete sou anvlòp la. Nou ta dwe ekri non moun nan sou do anvlòp la. Toujou mete yon adrès pou moun nan ka kontakte nou. Si nou twouve li pa apwopriye pou nou mete adrès pa nou, nou ka mete non nou ak adrès Sal Wayòm nan. Pa voye lèt anonim. Pa janm mete adrès filyal la. — Gade Le ministère du Royaume novanm 1996, nan ribrik Réponse à vos questions.
N ap jwenn plis sijesyon ansanm ak yon lèt modèl nan liv Tirez profit de l’École du ministère théocratique, paj 71-3. Sijesyon sa yo ap ede nou jwenn bon rezilta lè n ap ekri moun pou fè yo jwenn bon nouvèl la.