BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be p. 71-p. 73 par. 3
  • Sèvi ak lèt pou w kominike ak lòt moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sèvi ak lèt pou w kominike ak lòt moun
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sèvi ak lèt pou w bay temwayaj
  • Kèk konsèy sou jan lèt la ta dwe ye
  • Verifye si ton w itilize a kòrèk
  • Modèl lèt
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Byen ekri lèt n ap voye yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2002
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be p. 71-p. 73 par. 3

Sèvi ak lèt pou w kominike ak lòt moun

LAVI plizyè milyon moun ak konpòtman yo amelyore grasa lèt yo ekri yo. Pifò liv pami Liv ki te ekri an grèk yo ki nan Bib la, se lèt yo te ye okòmansman. Jodi a, nou kapab ekri lèt pou nou fòtifye moun ki nouvo nan laverite, pou nou rete an kontak ak zanmi nou, pou nou ankouraje frè ak sè ki gen responsablite espesyal, pou nou ankouraje moun k ap fè fas ak eprèv e pou nou bay ransèyman ki nesesè pou aktivite kongregasyon an byen mache. — 1 Tes. 1:1-7; 5:27; 2 Pyè 3:1, 2.

Ekri lèt se yon bon mwayen pou nou bay temwayaj. Gen kèk kote, anpil moun ap viv nan bilding ki gen plizyè apatman kote gen gwo sistèm sekirite pou pwoteje moun yo, oswa y ap viv nan otèl pou yon bonkou tan, kote nou pa ka preche fasilman. Gen moun ki pase pifò tan yo deyò, sa fè nou pa jwenn yo lè n ap preche kay an kay. Gen lòt k ap viv nan zòn ki izole, e genyen ki nan prizon.

Pafwa, maladi, move tan oswa kouvrefe ka oblije nou rete lakay nou. Èske w ka ekri yon lèt pou w bay yon fanmi w oswa yon moun ou te bay temwayaj enfòmèl plis enfòmasyon sou laverite? Èske w gen youn nan etidyan w yo ki deplase kite zòn nan al ret yon lòt kote? Yon lèt ou voye ba li gendwa se egzakteman sa l te bezwen pou l kenbe angouman l genyen pou bagay espirityèl yo. Si gen moun ki fèk marye oswa ki fèk gen timoun, oubyen ki gen moun pa yo ki mouri, petèt ou ka ekri yon lèt pou w pataje enfòmasyon ki apwopriye ki soti nan Ekriti yo avèk yo.

Sèvi ak lèt pou w bay temwayaj

Lè w ap ekri yon moun ou pa t janm rankontre deja pou w ba l temwayaj, premye bagay pou w fè se fè l konnen kiyès ou ye. Ou ka esplike l w ap patisipe antanke volontè nan yon travay k ap fèt nan lemonnantye. Si sa apwopriye, fè l konnen ou se Temwen Jewova. Fè l konnen rezon ki fè w ekri l olye w vizite l lakay li. Ekri l tankou se yon moun w ap pale avè l fasafas. Men, pou w ka fè sa ann amoni ak enstriksyon ki mande ‘pou nou pridan tankou sèpan, e pou nou inosan tankou pijon’ an, reflechi seryezman pou w wè ki kantite enfòmasyon ou dwe bay moun nan sou ou. — Mat. 10:16.

Nan lèt la, ou ka di moun nan sa w t ap di l si w t al vizite l lakay li. Ou ka itilize yon prezantasyon ki soti nan liv Comment raisonner a, men w ap bezwen adapte l, oswa ou ka itilize yon prezantasyon ki baze sou Bib la ki parèt nan youn nan dènye Ministè Wayòm yo. Ou ka poze yon kesyon e ou ka ankouraje moun nan pou li reflechi sou li. Gen pwoklamatè ki annik esplike moun nan nou gen yon kou biblik gratis kote nou reponn moun yo kesyon yo genyen sou Bib la e apre sa, yo site tit kèk chapit nan youn nan piblikasyon nou itilize pou n etidye Bib la ak moun yo. Nan paj 73 la, n ap jwenn yon lèt yo bay kòm modèl ki montre fason nou ka ekri yon lèt pou nou bay temwayaj. Lèt sa a ka ba w kèk ide, men li bon pou w varye sa w ap di nan lèt w ap ekri yo. Si w pa fè sa, rive yon lè, gen moun ki ka resevwa menm lèt sa a plizyè fwa.

Gen moun ki pa twò renmen li yon lèt ki long yon moun yo pa konnen voye ba yo. Se sa k fè li ka saj pou lèt ou a kout. Si lèt la long, moun ou voye l bay la ap santi l about ak lekti lèt sa a. Nan anvlòp la, li ta bon pou w mete yon fich envitasyon pou reyinyon ki fèt nan Sal Wayòm nan. Ou ka mete yon feyè, yon bwochi oswa yon Toudegad oubyen yon Réveillez-vous! e ou ka fè moun nan konnen li ka jwenn piblikasyon sa yo regilyèman depi l vle. Oswa ou ka mande l si w ka vizite l lakay li pou w pale avè l plis toujou sou sijè a.

Kèk konsèy sou jan lèt la ta dwe ye

Foto nan paj 73

Kounye a, egzamine lèt yo bay kòm modèl la. Men sa w ap wè: 1) Ide ki ladan l yo byen ranje, yo pa an dezòd. 2) Li gen non ak adrès moun ki ekri lèt la, konsa si anvlòp la ta al jwenn yon lòt moun, moun ki resevwa l la ap ka voye l tounen pou li. 3) Nan premye paragraf la, yo bay objektif lèt la yon fason ki senp e ki dirèk. 4) Chak ide prensipal parèt nan yon paragraf. 5) Selon objektif lèt la, yo pa ekri l nan yon stil ki twò rilaks ni nan yon stil ki twò konplike.

Men, nan lèt ki plis respekte yon seri règ, tankou lèt sekretè kongregasyon an ekri pou l voye bay biwo filyal la, non kongregasyon an ta dwe parèt ladan l, ansanm ak non sekretè a, adrès li ak dat lèt la. Non ak adrès moun oswa òganizasyon l ap voye lèt la ba li a ka parèt tou. Apre sa, w ap mete yon salitasyon ki apwopriye. Nan kèk lang, pou w fini lèt la ou ka itilize kèk fòmil tankou “Mwen pwofite salye w” anvan ou siyen nan fen lèt la. Ou ta dwe siyen alamen.

Nan nenpòt lèt w ap ekri, veye pou w byen ekri mo yo, suiv règ gramè yo, byen itilize siy ponktiyasyon yo, tankou pwen, vigil, eksetera. Natirèlman lèt la dwe byen prezante. Si w fè sa, ni lèt ou a ni mesaj li gen ladan l lan ap gen valè.

Sou do anvlòp la, toujou mete adrès kote yo ka voye repons ba ou, men l ap pi bon pou se adrès pa w ou mete. Si w santi li pap saj pou w bay adrès pa w lè w ap ekri moun ou pa konnen pou w ba yo temwayaj, mande ansyen yo si yo ta aksepte ou sèvi ak adrès Sal Wayòm nan. Ou pa dwe janm sèvi ak adrès filyal la nan sans sa a, piske sa t ap montre moun ou ekri a se biwo filyal la ki voye lèt sa a ba li alòske se pa sa, e sa t ap lage moun nan nan konfizyon. Si ou pa bay moun nan adrès kote pou l voye repons ba ou, e w mete yon piblikasyon Temwen Jewova nan anvlòp la, sa a tou ka fè moun nan panse se kote yo fè piblikasyon sa yo ki voye lèt la ba li.

Asire w ou mete kantite tenm ou dwe mete a, sitou si w mete piblikasyon nan anvlòp la. Si w pa mete kantite tenm ou ta dwe mete a, yo ka fè moun ki resevwa lèt la peye pou rès kòb ou te dwe bay la, e sa ka detounen atansyon moun nan sou mesaj ou te vle ba li a. Pa bliye nan anpil peyi, lè yon moun mete yon bwochi oswa yon jounal nan yon anvlòp ki gen yon lèt, kòb l ap peye pou l poste l la vin plis.

Verifye si ton w itilize a kòrèk

Yonfwa w fin ekri lèt la, li l pou w egzamine mesaj ki ladan l lan. Ki jan mesaj sa a ye? Èske l parèt amikal, èske l montre w gen konsiderasyon pou moun nan? Pami kalite nou chèche demontre nan fason nou boule ak lòt moun, gen lanmou ak bonte (Gal. 5:22, 23). Si w ta remake lèt la negatif oswa li yon ti jan negatif, ranje l.

Yon lèt ka rive kote w pa ka rive. Pwen sa a sèlman fè l se yon zouti enpòtan ou kapab itilize pou w bay temwayaj. Piske lèt ou ekri a reprezante w e li montre ki prensip ou genyen, veye sou sa w ap di ladan l, sou prezantasyon l, ak sou ton mesaj ki ladan l lan. Li ka bay yon moun egzakteman sa l bezwen pou l kòmanse mache sou chemen lavi a, pou l jwenn fòs oswa ankourajman li bezwen.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje