LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Byen ekri lèt n ap voye yo
REZON KI FÈ SA ENPÒTAN: Apot Pòl te ekri 14 lèt pou l ankouraje kretyen yo, e liv 1 Korentyen an fè pati lèt sa yo. Lè yon moun ap ekri yon lèt, li gen posiblite pou l byen chwazi mo l ap itilize yo, e moun ki resevwa lèt la ka reli l plizyè fwa. Lèt yo se bon mwayen pou n bay fanmi nou ak moun nou konnen temwayaj. Yo se bon mwayen tou pou n bay moun nou pa ka pale avèk yo fasafas temwayaj. Pa egzanp, yon moun gendwa te montre l enterese, men, li difisil pou nou rive jwenn li lakay li. Petèt, gen moun nan tèritwa nou k ap viv nan apatman ki gen gwo sistèm sekirite, nan kay ki gen gwo baryè oubyen nan zòn ki lwen anpil, e nou pa ka jwenn yo pou n pale avèk yo. Ki bagay nou bezwen sonje, sitou lè n ap ekri moun nou poko janm rankontre?
FASON POU NOU FÈ L:
Ekri moun nan tankou w t ap pale avè l fasafas. Di l kiyès ou ye depi nan kòmansman lèt la epi di l byen klè pou ki rezon w ekri l. Annapre, ou ka poze l yon kesyon k ap fè l reflechi, epi ankouraje l pou l al sou sit Entènèt nou an. Fè l konnen gen posiblite sou sit la pou l egzamine pati ki rele Leson pou etidye Labib sou Entènèt (men, pati sa a poko disponib an kreyòl) oubyen fè l konnen nou etidye Labib ak moun lakay yo. Site kèk tit ki nan youn nan piblikasyon nou konn itilize pou n etidye Labib ak moun yo. Ou ka mete yon kat JW.ORG, yon fich envitasyon pou reyinyon oswa yon feyè nan anvlòp la tou.
Lèt la pa dwe long. Konsa, moun nan ap anvi fin li l. — Gade modèl lèt la.
Reli lèt la pou w asire w li pa gen fot, li fasil pou moun nan konprann e li byen prezante. Gade pou w wè si l fè moun nan santi se kòmsi se yon zanmi ki te ekri l, si w pale avèk ladrès e si l ankourajan. Si w ap voye lèt la pa lapòs, asire w ou mete ase tenm sou anvlòp la. Sinon, yo ka fè moun nan peye sa k manke a.