N ap rasanble moun ki pale tout lang
1 Wi ! Pawòl Bondye a ap akonpli ! Moun “ ki soti nan tout lang nasyon yo pale ” ap pran pozisyon pou vrè adorasyon an (Zek. 8:23). Ki jan Temwen Jewova yo fè pou yo ede moun ki soti “ nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang ” pou yo vin pwòp devan Jewova, sa ki ba yo espwa pou yo chape vivan anba “ gwo tribilasyon an ” ? — Rev. 7:9, 14.
2 Ki sa òganizasyon Bondye a fè : Kolèj santral la pran dispozisyon pou ka gen piblikasyon biblik ki disponib nan 380 lang. Konsa, tout moun sou tè a ka rive byen konprann enpòtans bon nouvèl la. Prepare piblikasyon sa yo epi pibliye yo nan tout lang sa yo se yon kokenn travay. Sa mande pou yo fòme plizyè ekip tradiktè ki kalifye, e sa mande pou yo ba yo tout sa yo bezwen pou yo tradui piblikasyon nan tout lang sa yo. Sa mande tou pou yo enprime piblikasyon sa yo epi voye yo nan lòt peyi. Toutfwa, se pwoklamatè yo ki jwe wòl ki pi enpòtan an. Wi, se yo menm ki pote mesaj biblik la bay moun yo, yon mesaj k ap sove lavi yo.
3 Kòman nou ka leve defi a : Kounye a, nan anpil peyi, nou jwenn gwo popilasyon moun ki soti lòt kote e ki pa pale lang peyi a. Kantite sèvitè Bondye k ap fè efò pou yo aprann lòt lang pou yo ka pote bon nouvèl la pou moun sa yo ap vin piplis chak jou. Yo aprann lang tankou chinwa, ris, espayòl oswa lòt lang ankò moun pale nan teritwa kongregasyon yo. Gen lòt tou k ap aprann lang siy ameriken. Ozetazini sèlman, gen apeprè 2 900 kongregasyon ak 240 gwoup k ap preche bon nouvèl la nan 38 lang, san konte anglè. Konsa, gen moun ki pa t janm tande pale de Jewova, e ki pa t konn anyen sou Bib la, k ap asepte laverite. — Wom. 15:21.
4 Èske nou pa ta kapab fè plis efò toujou pou nou pote bon nouvèl la bay moun k ap viv nan teritwa nou e ki soti nan yon lòt peyi (Kol. 1:25) ? Gen peyi kote anpil kongregasyon òganize predikasyon nan katye kote moun yo pa pale lang peyi a. Ki jan pwoklamatè yo fè ? Toudabò, yo aprann de twa mo nan lang nan, e sa pèmèt yo fè yon prezantasyon ki senp, tankou : “ Bonjou. Mwen pote yon bon nouvèl pou ou. [Ansuit yo ofri yon feyè oubyen yon bwochi ki egziste nan lang moun nan]. Pase yon bon jounen. ” Nou sèten Jewova beni efò sa yo, menm si yo piti.
5 Mesaj Wayòm nan atire tout kalite moun ki pale tout kalite lang. Nou gen posiblite pou nou pataje mesaj sa a avèk yo. Annou pa kite okazyon an pase !